Konvèsasyon sa te pibliye nan yon kolaborasyon avèk Abolition Journal nan Filadelfi
Minimòm lan se konekte; li pa mande anpil resous pou jou mete tèt ansanm, pale ak pataje lide nou.
Filadelfi ak Pòtoprens se de vil ki wè anpil mobilizasyon nan dènye ane sa yo. Mwen toujou mande te1t mwenMwen pale ak James Beltis nan mwa me 2025 lan. Li se youn nan òganizatè ki te nan premye ran dènye lane sa yo, nan kèk nan mouvman sosyal an Ayiti yo, pami yo mouvman Petwokaribe a. Beltis gen kapasite dekòtike sa k ap pase a epi ede moun konprann sa ki pi enpòtan an.
Talie: James, mwen te vle pale ak ou pou nou ka wè ansanm epi reflechi sou mouvman nou patisipe oswa obsève yo, kit Ayiti oswa Filadèlfi. Tèm nimewo sa se sa ki ap fèt tou lè jou. M ap reflechi, nan kontèks diskisyon sila, ki bagay òdinè, nan lavi nou ki ka konstwi solidarite ak revolisyon ? Epi, kisa bagay sa yo vle di pou nou ki ap viv diferan kote (mwen menm ki Filadèlfi epi ou menm ki Ayiti) ki wè yon kantite aksyon revolisyonè dènye lane sa yo men ki sanble bout? Mwen panse mouvman revandikasyon tou 2 kote yo rive nan yon enpas.
James: li klè.
Talie: Anvan, m vle mande w kòman ou ye?
James: hmmm... tankou chak Ayisyen ki ap viv Ayiti kounye a, mwen pa anfòm nan sitiyasyon vyolans Ayiti ye a ki sanble an menm tan, dekontwòle epi an menm tan anba kontwòl yon men envizib. Nou ap sibi vyolans lan dirèkteman kounye a. Gen yon vre pwoblèm pèspektiv ki fòse w pa planifye pou pi devan paske ou pa konn ki jan demen ap ye, ou pa konn ki katye ki ap anba men bandi demen maten.
Talie: mwen pale ak zanmi m fanmi m ki Ayiti chak jou, pou pran nouvèl yo mande yo kijan yo ye ak kijan y ap viv. Lè ou pa nan sitiyasyon an epi moun jis ap di w kòman sitiyasyon an ap evolve, ou oblije eseye wè li nan tèt ou. Mwen pa rive imajine ki jan moun fè rive kreye yon sanblan nòmalite nan kontèks ensekirite sa. Malgre sa, se sa moun Pòtoprens fè chak jou.
James: Kèk entelektyèl di, pi gwo trajedi popilasyon Ayisyen an ap gen pou fè fas a li se esklavaj. Jounen jodi a, menm lè jenerasyon pa viv li dirèkteman, nou konnen twomatis sa pase de jenerasyon an jenerasyon. Nou konnen sa ki te rive gran gran gran gran paran nou nan adn nou, menm lè nou pa konsyan de sa. Kidonk, si gen yon kote nan kò nou, nou deja viv pi gwo katastwòf ki ka posib la, ki se esklavaj, nou f on jan nou de dramatize tout lòt bagay. Sa pa etone n, lè gen kèk katastwòf ki rive, gen yon pil ak yon pakèt chante ak blag ki fèt ak bann ki pran lari.
Talie: paske... ki sa yon kriz ye pou moun ki deja fè eksperyans pi gwo twomaki ka rive a?
James: se sa menm. Jan Ayisyen konn di, anyen pa fè m sezi ankò.
Talie: Èske w abitye ak vil Filadèlfi a?
James: Pa vreman. Mwen konn kèk fè istorik sèlman.
Talie: Tout sa m ka di w, moun souvan di, nan tout gwo vil Etazini yo, Filadèlfi se vil ki pi pòv la. Sa raple m jan loksidan dekri Ayiti kòm peyi ki pi pòv nan emisfè lwès la. Gen yon koneksyon istorik ant Filadèlfi ak Ayiti paske lè revolisyon Ayisyen an kòmanse, kolon ak moun nwa ki te lib ki te vle sove kite koloni lè batay la, anpil nan yo te ateri Filadèlfi. Men, mwen menm ki pase vi m ant Filadèlfi ak Pòtoprens, mwen plis enterese nan koneksyon abstrè ak espirityèl yo. Filadèlfi se youn nan vil ki vreman mete deyò kaka chat Etazini nan jan li montre jan peyi sa neglije ak fè opresyon sou moun Nwa men an men tan, montre pouvwa moun Nwa yo genyen pou kreye lavi pou tèt yo nan peyi sa.
Filadèlfi viv anpil vyolans gang tou - sikonstans, enpak ak kontèks politik yo pa menm, byen si. Poutan, sa ka fè nou pa wè sèten bagay. Moun ki mal konprann, konn mande pou ogmante fòs Polis la pou pwoteje yo kont vyolans nan lari a paske yo pè. Kòm yon moun ki ap swiv sitiyasyon Ayiti a ak jan li deteryore, jan ou di nan kòmansman an: vyolans lan sanble san kontwòl an menm tan sanble g on men envizib k ap dirije l. Sa fè m anvi pouse moun yo fouye plis sou sa ki ap pase a, poukisa, jèn sa yo ki pa gen resous chaje zam konsa?
James: Sa w ap di yo la enteresan anpil paske pandan 2 lane la m ap eseye poze kesyon. Mwen te youn nan lidè akò Montana a, mwen te oblije fini pa kite. Men entansyon an se te pou fè fas kare ak pwoblèm yo nan yon kad nouvo ak pi kreyatif. Men branch tradisyonèl yo trennen tout jefò yo atè. Youn nan pi move erè nan kriz la se moun yo ki kanpe mande lapolis la sove nou nan kriz sa ki alafen jewopolitik ak rejyonal. Etazini se yon gwo faktori zam, e zam sa yo evolye, yo vin plis sanble gadjèt.
Mwen jwenn anpil Ayisyen bliye aspè sa nan analize sitiyasyon an. Etazini pa t janm rive rezoud pwoblèm zam lan malgre tout trajedi ki rive nan peyi yo a koz zam. Kidonk, imajine kisa sa ka fè andeyò Etazini, nan peyi yo rele sid yo. Si Etazini echwe nan mete restriksyon sou kesyon zam lan lakay yo epi pèmèt fonksyone kou yon biznis o aza, poukisa yo ta mete restriksyon isit la?
Talie : wi! Mwen toujou di, tout sa Etazini pèmèt nan katye popilè etazinyen yo ka ede w reflechi sou sa k ap pase nan peyi yo rele peyi sid yo tankou peyi tankou Ayiti. Si gouvènman Etazini pa bay lavi timoun Filadèlfi yo rele anyen pou li-
James: - se pa timoun Lasalin yo y ap konsidere.
Kèk lane de sela, yo te estime gen 500,000 zam ilegal an Ayiti. Mwen si li ogmante nèt kounye a depi rapò sa yo sòti. Militarizasyon fòs Polis la- paske fòs Polis la tounen yon fòs esansyèlman militè- fèt totalman apati ekipman Etazinyen ak Kanadyen. Ou wè gwoup brigad defans sivil katye yo ki vin gen plis zam. Gen 3 kategori- pnh la, sitwayen yo ak gang yo- ki bay tèt yo zam. Kèlkeswa jan ou gade l, sitiyasyon an Nan avantaj faktori zam etazinyen yo.
Politisyen Ayisyen yo pa vire je gade jan Ayiti tounen yon gwo makèt pou faktori zam yo nan oksidan an, men okontrè yo ogmante mache sila sou pretèks goumen kont gang. Olye yo chache lyen ki gen ant Polis la ak gang yo, yo pito kontinye achte plis zam toujou pou pnh la. Yo eseye estrateji sa pandan 3 lane e sa pa bay rezilta jiskaske men nou twouve n nan sitiyasyon kote tout moun ap tann kapital la tonbe anba men bandi.
Talie: Ou di strateji sa otomatikman montre pnh la la pou moun yo, alòske, an reyalite, tout lapolis la mele ladann.
Nan Filadèlfi, mwen ka di lapolis la prezan men se pa pou pwoteje moun Nwa yo. Nan katye kote m ap viv la, an 1985, Polis Filadèlfi a lage yon bonb epi boule yon blòk antye paske li te dèyè yon òganizasyon liberasyon Nwa, pa egzanp. Gen leve kanpe nan peyi Etazini poukoupe fache ak sistèm polis la epi pou kreye yon nouvo sistèm pwoteksyon, yon nouvo jan pou nou viv ak konstwi ansanm. Paske, tout sa ki egziste jounen jodi a te nan imajinasyon yon moun. Tout sistèm Etazini an an jeneral sòti nan tèt yon moun ki pa t wè moun Nwa tankou moun men tankou yon danje. Okenn nan sistèm sa yo pa t mete sou pye pou nou.
Se menm bagay la pou Ayiti, paske sistèm n ap itilize a se sistèm loksidan an lonje ba nou. Anpil nan enstitisyon sa yo te mete sounpye pandan Etazini te fè yon lokipasyon sou Ayiti a t 1915 ak 1934. Etazini pa senpman ekspòte pwodui; mwen fini pa konprann, youn nan pi gwo ekspòtasyon Etazini se sistèm endistriyèl penitansye a. Yo ekspòte tout sistèm yo a epi foure l nan gòj nou, menm si fondasyon peyi Ayiti a te yon pwojè ki chita nan kreye yon nouvo sistèm, yon bagay ki lib.
James: Se youn nan siksè sistèm lan genyen. Li rive bloke pèspektiv anpil moun. Li konvenk ou si tout sa ki la definitif, pa gen okenn lòt mond posib. Menm si nan listwa nou kòm Ayisyen, nou montre yon mond pi lib posib e estrikti nou gen la yo resan.
Jan yo edike nou, si ou se yon moun ki senpman ale lekòl e ki pa t antre nan espas refleksyon sou listwa ak edikasyon politik, kreye yon lòt mond san sistèm sa yo ka parèt enposib. Tèlman gen bagay nou ka aprann sou mouvman liberasyon yo pou nou trase lòt chimen.

Talie: An nou konpare tout 2, Ayiti ak Etazini.
An 2020, pandan epidemi kowonaviris la, te gen anpil manifestasyon kont lapolis knap maspinen moun ak sistèm endistriyèl penitansye a, nan peyi Etazini. Te gen yon polisye ki te tiye yon mesye Nwa la nan Filadèlfi a. Raj la te pran chè nan lari a; yo te boule ak dechouke biznis. Nan yon sans, se tankou leta te pèdi kontwòl sou vil la pandan yon tan. E sa t apnpase plizyè kote nan peyi a. Mwen te santi yon van revolisyon m pa t janm santi anvan nan peyi a. Mwen sonje an 2020, m te di tèt mwen an, si moun ki sou pouvwa yo rive kontwole raj sa ki nan lari a jodi a, epi fè tout ,oun aksepte sitiyasyon an jan li ye a ankò, m ap konnen sa n ap fè fas a li a pi gwo e gen plis pouvwa pase sa m te panse.
Kounye a an 2025, Donald Trump prezidan. Biden fenk sot pase 4 lane sou pouvwa a (apre li te benefisye mouvman 2020 yo pou l te prezidan), m pa kwè li fè anyen pa rapò ak sa manifestan yo t ap mande an 2020. Polis la pa mwen vyolan, moun Nwa pa pi lib. Kidonk, si ou te vivan an 2020, ou te ka temwen gwo leve kanpe e ou te ka wè tou leve kanpe sa ki pran yon gwo so. N ap gade fachis ki ap angoudi tout enstitisyon yo men nou santi n pi enpwisan.
Ayiti te viv mouvman Petwokaribe yo ki te mete plizyè milye moun non lari, pa senpman kont koripsyon men tou kont enperyalis Etazini an, kont dappiyanp loksidan nan pwoblèm peyi a. Epi yo vin fè vyolans sou popilasyon an jouk mobilizasyon yo sispann. Mwen panse ni Filadèlfi ni Ayiti bezwen yon revolisyon si nou vle sòti nan sa nou ye la. Men, nan tou de kote yo, pouvwa an plas yo te voye yon mesaj kritik bay popilasyon yo nan bon jan bloke mouvman liberasyon nou yo.
Alòs, ki sa nou dwe fè kounye a? Mwen swiv travay ou. Ou te fè pati mouvman Petwokaribe a ak Akò Montana. Tou de se de mouvman gen enpòtans yo ki te vle pote lespwa men ki desevwa n e menm fini an trajedi. Finalman, pouvwa ou te ap batay kont yo a te pi fò.
James: Wi, mouvman sosyal yo nan yon enpas. Enpas yo kreye yon pesimis pami aktivis yo epi fè w mande tèt ou poukisa w ap kontinye goumen lè nou toutan ap pèdi e sistèm lan toujou ap domine nou.
Mwen toujou ap fè kanmarad mwen yo sonje, depi 2018 pou rive 2021, se pa sèlman Ayiti ki te gen gwo mobilizasyon. Sen Domeng tou te gen gwo leve kanpe kont koripsyon, e se mouvman sa ki mete Luis Abinader kòm prezidan - menm si li se on anti Ayisyen kòryas. Li te navige sou vag mouvman anti koripsyon an Sen Domeng. Anpil aktivis Dominiken te santi eleksyon Abinader la te aboutisman mouvman yo paske li te sanble mwen kowonpi pase lòt politisyen yo. Gen kèk gwoup lagoch ki te apiye li malgre li plis panche ladwat. Pandan tan sa, an Ayiti, nou wè sa rezilta sa bay. Relasyon diplomatik nou yo ak Sen Domeng degrade nèt e anti Ayisyenis lan nan pi wo nivo l nan gouvènman sa.
Mwen panse a manifestasyon jilè jòn Lafrans yo ki pa abouti a okenn mezi an plas pou sa popilasyon Franse a, malgre enpòtans yo. Yo te bloke manifestasyon yo jouk moun yo bay vag epi antre lakay yo. Se sa ki pase Ayiti. Lafrans ak Etazini itilize polis yo pou fè represyon sou mouvman sosyal yo, sa ki diferan an Ayiti. Pouvwa an plas yo mete gwoup paramilitè epi bay gang plis pouvwa pou fè vyolans nan katye yo.
Talie: Kidonk, kijan ou panse aktivis Ayiti ak Filadèlfi yo kapab travay ansanm, sipòte youn lòt, konstwi solidarite epi aprann de youn lòt?
James: Nou dwe kominike plis! Isit an Ayiti, menm anndan diferan rejyon peyi a, pi gwo bagay kriz sa fè se separe nou. Òganize ansanm lan vin difisil anpil. Sa yo pran nan men nou se espas pou nou reyini, pou nou pase tan ansanm epi fè echanj lide. Tank kriz la ap pi vyolan, tank nou paka rasanble e se tank n ap pèdi espas dyalòg sa yo. Men teknoloji a ka ede n. Nou bezwen kreye kontak yo epi pran abitid pou nou konekte. Mwen konn òganizasyon kigen apèl Zoom à yon lè spesifik chak semèn e ki rete louvri pandan 24ètan. Konsa nenpòt moun nan kèlkeswa peyi yo gen koneksyon ak li ka annit konekte epi pale youn ak lòt depi yo gen tan.
Minimòm lan se konekte; li pa mande anpil resous pou jou mete tèt ansanm, pale ak pataje lide nou. Nou bezwen konfwonte dezakò nou yo epi geri koneksyon yo tou. Paske youn nan gwo bagay sipremasi blan an fè moun nan kote tankou Ayiti ak Filadèlfi, se separe nou.






