Rechèch

Li ann Anglè

Rechèch

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Vicky Onélien

Vicky Onélien

N ap selebre 11 lanne Ayiti nan vwa pa nou

This project has been on all of our hearts for years now. Over the past few years, through the power of social media and blogs, young Haitians and diaspora Haitians have carried out discourse about Haiti from our own perspective.

Chay la

Koneksyon Maksimòm: etid batay ant Ayiti ak Filadèlfi

Konvèsasyon sa te pibliye nan yon kolaborasyon avèk Abolition Journal nan Filadelfi

Minimòm lan se konekte; li pa mande anpil resous pou jou mete tèt ansanm, pale ak pataje lide nou.

Filadelfi ak Pòtoprens se de vil ki wè anpil mobilizasyon nan dènye ane sa yo. Mwen toujou mande te1t mwenMwen pale ak James Beltis nan mwa me 2025 lan. Li se youn nan òganizatè ki te nan premye ran dènye lane sa yo, nan kèk nan mouvman sosyal an Ayiti yo, pami yo mouvman Petwokaribe a. Beltis gen kapasite dekòtike sa k ap pase a epi ede moun konprann sa ki pi enpòtan an. 

Talie: James, mwen te vle pale ak ou pou nou ka wè ansanm epi reflechi sou mouvman nou patisipe oswa obsève yo, kit Ayiti oswa Filadèlfi. Tèm nimewo sa se sa ki ap fèt tou lè jou. M ap reflechi, nan kontèks diskisyon sila, ki bagay òdinè, nan lavi nou ki ka konstwi solidarite ak revolisyon ? Epi, kisa bagay sa yo vle di pou nou ki ap viv diferan kote (mwen menm ki Filadèlfi epi ou menm ki Ayiti) ki wè yon kantite aksyon revolisyonè dènye lane sa yo men ki sanble bout? Mwen panse mouvman revandikasyon tou 2 kote yo rive nan yon enpas. 

James: li klè. 

Talie: Anvan, m vle mande w kòman ou ye?

James: hmmm... tankou chak Ayisyen ki ap viv Ayiti kounye a, mwen pa anfòm nan sitiyasyon vyolans Ayiti ye a ki sanble an menm tan, dekontwòle epi an menm tan anba kontwòl yon men envizib. Nou ap sibi vyolans lan dirèkteman kounye a. Gen yon vre pwoblèm pèspektiv  ki fòse w pa planifye pou pi devan paske ou pa konn ki jan demen ap ye, ou pa konn ki katye ki ap anba men bandi demen maten. 

Talie: mwen pale ak zanmi m fanmi m ki Ayiti chak jou, pou pran nouvèl yo mande yo kijan yo ye ak kijan y ap viv. Lè ou pa nan sitiyasyon an epi moun jis ap di w kòman sitiyasyon an ap evolve, ou oblije eseye wè li nan tèt ou. Mwen pa rive imajine ki jan moun fè rive kreye yon sanblan nòmalite nan kontèks ensekirite sa. Malgre sa, se sa moun Pòtoprens fè chak jou. 

James: Kèk entelektyèl di, pi gwo trajedi popilasyon Ayisyen an ap gen pou fè fas a li se esklavaj. Jounen jodi a, menm lè jenerasyon pa viv li dirèkteman,  nou konnen twomatis sa pase de jenerasyon an jenerasyon. Nou konnen sa ki te rive gran gran gran gran paran nou nan adn nou, menm lè nou pa konsyan de sa. Kidonk, si gen yon kote nan kò nou, nou deja viv pi gwo katastwòf ki ka posib la, ki se esklavaj, nou f on jan nou de dramatize tout lòt bagay. Sa pa etone n, lè gen kèk katastwòf ki rive, gen yon pil ak yon pakèt chante ak blag ki fèt ak bann ki pran lari. 

Talie: paske... ki sa yon kriz ye pou moun ki deja fè eksperyans pi gwo twomaki ka rive a? 

James: se sa menm. Jan Ayisyen konn di, anyen pa fè m sezi ankò. 

Talie: Èske w abitye ak vil Filadèlfi a? 

James: Pa vreman. Mwen konn  kèk fè istorik sèlman.  

Talie: Tout sa m ka di w, moun souvan di, nan tout gwo vil Etazini yo, Filadèlfi se vil ki pi pòv la. Sa raple m jan loksidan dekri Ayiti kòm peyi ki pi pòv nan emisfè lwès la. Gen yon koneksyon istorik ant Filadèlfi ak Ayiti paske lè revolisyon Ayisyen an kòmanse, kolon ak moun nwa ki te lib ki te vle sove kite koloni lè batay la, anpil nan yo te ateri Filadèlfi. Men, mwen menm ki pase vi m ant Filadèlfi ak Pòtoprens,  mwen plis enterese nan koneksyon abstrè ak espirityèl yo. Filadèlfi se youn nan vil ki vreman mete deyò kaka chat Etazini nan jan li montre jan peyi sa neglije ak fè opresyon sou moun Nwa men an men tan, montre pouvwa moun Nwa yo genyen pou kreye lavi pou tèt yo nan peyi sa. 

Filadèlfi viv anpil vyolans gang tou - sikonstans,  enpak ak kontèks politik yo pa menm, byen si. Poutan, sa ka fè nou pa wè sèten bagay. Moun ki mal konprann, konn mande pou ogmante fòs Polis la pou pwoteje yo kont vyolans nan lari a paske yo pè. Kòm yon moun ki ap swiv sitiyasyon Ayiti a ak jan li deteryore, jan ou di nan kòmansman an: vyolans lan sanble san kontwòl an menm tan sanble g on men envizib k ap dirije l. Sa fè m anvi pouse moun yo fouye plis sou sa ki ap pase a, poukisa, jèn sa yo ki pa gen resous chaje zam konsa? 

James: Sa w ap di yo la enteresan anpil paske pandan 2 lane la m ap eseye poze kesyon. Mwen te youn nan lidè akò Montana a, mwen te oblije fini pa kite. Men entansyon an se te pou fè fas kare ak pwoblèm yo nan yon kad nouvo ak pi kreyatif. Men branch tradisyonèl yo trennen tout jefò yo atè.  Youn nan pi move erè nan kriz la se moun yo ki kanpe mande lapolis la sove nou nan kriz sa ki alafen jewopolitik ak rejyonal. Etazini se yon gwo faktori zam, e zam sa yo evolye, yo vin plis sanble gadjèt.

Mwen jwenn anpil Ayisyen bliye aspè sa nan analize sitiyasyon an. Etazini pa t janm rive rezoud pwoblèm zam lan malgre tout trajedi ki rive nan peyi yo a koz zam. Kidonk,  imajine kisa sa ka fè andeyò Etazini, nan peyi yo rele sid yo. Si Etazini echwe nan mete restriksyon sou kesyon zam lan lakay yo epi pèmèt fonksyone kou yon biznis o aza, poukisa yo ta mete restriksyon isit la?

Talie : wi! Mwen toujou di, tout sa Etazini pèmèt nan katye popilè etazinyen yo ka ede w reflechi sou sa k ap pase nan peyi yo rele peyi sid yo tankou peyi tankou Ayiti. Si gouvènman Etazini pa bay lavi timoun Filadèlfi yo rele anyen pou li- 

James: - se pa timoun Lasalin yo y ap konsidere. 

Kèk lane de sela, yo te estime gen 500,000 zam ilegal an Ayiti. Mwen si li ogmante nèt kounye a depi rapò sa yo sòti. Militarizasyon fòs Polis la- paske fòs Polis la tounen yon fòs esansyèlman militè- fèt totalman apati ekipman Etazinyen ak Kanadyen. Ou wè gwoup brigad defans sivil katye yo ki vin gen plis zam. Gen 3 kategori- pnh la, sitwayen yo ak gang yo- ki bay tèt yo zam. Kèlkeswa jan ou gade l, sitiyasyon an Nan avantaj faktori zam etazinyen yo. 

Politisyen Ayisyen yo pa vire je gade jan Ayiti tounen yon  gwo makèt pou faktori zam yo nan oksidan an, men okontrè yo ogmante mache sila sou pretèks goumen kont gang.  Olye yo chache lyen ki gen ant Polis la ak gang yo, yo pito kontinye achte plis zam toujou pou pnh la. Yo eseye estrateji sa pandan 3 lane e sa pa bay rezilta jiskaske men nou twouve n nan sitiyasyon kote tout moun ap tann kapital la tonbe anba men bandi. 

Talie: Ou di strateji sa otomatikman montre pnh la la pou moun yo, alòske, an reyalite, tout lapolis la mele ladann. 

Nan Filadèlfi,  mwen ka di lapolis la prezan men se pa pou pwoteje moun Nwa yo. Nan katye kote m ap viv la, an 1985, Polis Filadèlfi a lage yon bonb epi boule yon blòk antye paske li te dèyè yon òganizasyon liberasyon Nwa, pa egzanp. Gen leve kanpe nan peyi Etazini poukoupe fache ak sistèm polis la epi pou kreye yon nouvo sistèm pwoteksyon, yon nouvo jan pou nou viv ak konstwi ansanm. Paske, tout sa ki egziste jounen jodi a te nan imajinasyon yon moun.  Tout sistèm Etazini an an jeneral sòti nan tèt yon moun ki pa t wè moun Nwa tankou moun men tankou yon danje. Okenn nan sistèm sa yo pa t mete sou pye pou nou. 

Se menm bagay la pou Ayiti, paske sistèm n ap itilize a se sistèm loksidan an lonje ba nou. Anpil nan enstitisyon sa yo te mete sounpye pandan Etazini te fè yon lokipasyon sou Ayiti a t 1915 ak 1934. Etazini pa senpman ekspòte pwodui; mwen fini pa konprann,  youn nan pi gwo ekspòtasyon Etazini se sistèm endistriyèl penitansye a. Yo ekspòte tout sistèm yo a epi foure l nan gòj nou, menm si fondasyon peyi Ayiti a te yon pwojè ki chita nan kreye yon nouvo sistèm,  yon bagay ki lib. 

James: Se youn nan siksè sistèm lan genyen. Li rive bloke pèspektiv anpil moun. Li konvenk ou si tout sa ki la definitif, pa gen okenn lòt mond posib. Menm si nan listwa nou kòm Ayisyen, nou montre yon mond pi lib posib e estrikti nou gen la yo resan. 

Jan yo edike nou, si ou se yon moun ki senpman ale lekòl e ki pa t antre nan espas refleksyon sou listwa ak edikasyon politik, kreye yon lòt mond san sistèm sa yo ka parèt enposib. Tèlman gen bagay nou ka aprann sou mouvman liberasyon yo pou nou trase lòt chimen. 

Talie: An nou konpare tout 2, Ayiti ak Etazini.  

An 2020, pandan epidemi kowonaviris la, te gen anpil manifestasyon kont lapolis knap maspinen moun ak sistèm endistriyèl penitansye a, nan peyi Etazini. Te gen yon polisye ki te tiye yon mesye Nwa la nan Filadèlfi a. Raj la te pran chè nan lari a; yo te boule ak dechouke biznis. Nan yon sans, se tankou leta te pèdi kontwòl sou vil la pandan yon tan. E sa t apnpase plizyè kote nan peyi a. Mwen te santi yon van revolisyon m pa t janm santi anvan nan peyi a. Mwen sonje an 2020, m te di tèt mwen an, si moun ki sou pouvwa yo rive kontwole raj sa ki nan lari a jodi a, epi fè tout ,oun aksepte sitiyasyon an jan li ye a ankò,  m ap konnen sa n ap fè fas a li a pi gwo e gen plis pouvwa pase sa m te panse. 

Kounye a an 2025, Donald Trump prezidan. Biden fenk sot pase 4 lane sou pouvwa a (apre li te benefisye mouvman 2020 yo pou l te prezidan), m pa kwè li fè anyen pa rapò ak sa manifestan yo t ap mande an 2020. Polis la pa mwen vyolan, moun Nwa pa pi lib. Kidonk, si ou te vivan an 2020, ou te ka temwen gwo leve kanpe e ou te ka wè tou leve kanpe sa ki pran yon gwo so. N ap gade fachis ki ap angoudi tout enstitisyon yo men nou santi n pi enpwisan. 

Ayiti te viv mouvman Petwokaribe yo ki te mete plizyè milye moun non lari, pa senpman kont koripsyon men tou kont enperyalis Etazini an, kont dappiyanp loksidan nan pwoblèm peyi a. Epi yo vin fè vyolans sou popilasyon an jouk mobilizasyon yo sispann. Mwen panse ni Filadèlfi ni Ayiti bezwen yon revolisyon si nou vle sòti nan sa nou ye la. Men, nan tou de kote yo, pouvwa an plas yo te voye yon mesaj kritik bay popilasyon yo nan bon jan bloke mouvman liberasyon nou yo.

Alòs, ki sa nou dwe fè kounye a? Mwen swiv travay ou. Ou te fè pati mouvman Petwokaribe a ak Akò Montana. Tou de se de mouvman gen enpòtans yo ki te vle pote lespwa men ki desevwa n e menm fini an trajedi. Finalman,  pouvwa ou te ap batay kont yo a te pi fò. 

James: Wi, mouvman sosyal yo nan yon enpas. Enpas yo kreye yon pesimis pami aktivis yo epi fè w mande tèt ou poukisa w ap kontinye goumen lè nou toutan ap pèdi e sistèm lan toujou ap domine nou. 

Mwen toujou ap fè kanmarad mwen yo sonje, depi 2018 pou rive 2021, se pa sèlman Ayiti ki te gen gwo mobilizasyon.  Sen Domeng tou te gen gwo leve kanpe kont koripsyon,  e se mouvman sa ki mete Luis Abinader kòm prezidan - menm si li se on anti Ayisyen kòryas. Li te navige sou vag mouvman anti koripsyon an Sen Domeng. Anpil aktivis Dominiken te santi eleksyon Abinader la te aboutisman mouvman yo paske li te sanble mwen kowonpi pase lòt politisyen yo. Gen kèk gwoup lagoch ki te apiye li malgre li plis panche ladwat. Pandan tan sa, an Ayiti, nou wè sa rezilta sa bay. Relasyon diplomatik nou yo ak Sen Domeng degrade nèt e anti Ayisyenis lan nan pi wo nivo l nan gouvènman sa. 

Mwen panse a manifestasyon jilè jòn Lafrans yo ki pa abouti a okenn mezi an plas pou sa popilasyon Franse a, malgre enpòtans yo. Yo te bloke manifestasyon yo jouk moun yo bay vag epi  antre lakay yo. Se sa ki pase Ayiti. Lafrans ak Etazini itilize polis yo pou fè represyon sou mouvman sosyal yo, sa ki diferan an Ayiti. Pouvwa an plas yo mete gwoup paramilitè epi bay gang plis pouvwa pou fè vyolans nan katye yo. 

Talie: Kidonk, kijan ou panse aktivis Ayiti ak Filadèlfi yo kapab travay ansanm, sipòte youn lòt, konstwi solidarite epi aprann de youn lòt? 

James: Nou dwe kominike plis! Isit an Ayiti, menm anndan diferan rejyon peyi a, pi gwo bagay kriz sa fè se separe nou. Òganize ansanm lan vin difisil anpil. Sa yo pran nan men nou se espas pou nou reyini, pou nou pase tan ansanm epi fè echanj lide. Tank kriz la ap pi vyolan, tank nou paka rasanble e se tank n ap pèdi espas dyalòg sa yo. Men teknoloji a ka ede n. Nou bezwen kreye kontak yo epi pran abitid pou nou konekte. Mwen konn òganizasyon kigen apèl Zoom à yon lè spesifik chak semèn e ki rete louvri pandan 24ètan. Konsa nenpòt moun nan kèlkeswa peyi yo gen koneksyon ak li ka annit konekte epi pale youn ak lòt depi yo gen tan. 

Minimòm lan se konekte; li pa mande anpil resous pou jou mete tèt ansanm, pale ak pataje lide nou. Nou bezwen konfwonte dezakò nou yo epi geri koneksyon yo tou. Paske youn nan gwo bagay sipremasi blan an fè moun nan kote tankou Ayiti ak Filadèlfi, se separe nou. 

Otèl Oloffson

Translated to Kreyòl by Doris Lapommeray

Pandan fedatifis t ap pete nan syèl etazinyen an wikenn 4 jiyè a, gen yon pi gwo dife ki eklate nan kapital Ayiti a, ki kraze otèl Oloffson atè plat. Tankou anpil kay ak biznis nan Pòtoprens ak kèk lòt kote nan peyi a, yo te oblije kouri kite otèl la pandan fòs viv nan san elit valpa yo ap sipòte yo ap ogmante taktik vyolans yo.

Depi lè sa, jounal nan tout mond lan pale sou destriksyon otèl la epi bay esplikasyon sou siyifikasyon sa genyen pou yon peyi ki kontinye ap pèdi teritwa fas ak gang ki sanble pran plis fòs nan latwoublay y ap simen nan peyi a.  Atansyon sa ka parèt biza e menm sispèk pou kèk moun, men pou w konprann li fòk ou konprann senbòl Oloffson reprezante a.

An rezime, Oloffson te reprezante pawòl ki di “si wòch te ka pale...”. Li tankou yon granmoun ki chita ak pip li nan bouch li k ap suiv, san pale, istwa politik, sosyal ak atistik Ayiti.

Pou Ayisyen, otèl la te yon fyète achitektiral: yon egzanp vivan  kay gingerbread yo te konn bati nan kòmansman syèk ki sot pase a. Se te lakay RAM, yon gwoup rasin Richard ak Lunise Morse ap dirije. Yo transfòme mizik vodou yo an nouvo revandikasyon politik. Se te yon espas espirityèl pou vodouyizan ak yon espas kote moun kominote M lan te ka santi yo an sekirite.

Pou yon oksidantal, se te yon batiman mitik lakòz jan Graham Greene te dekri li nan woman li an ak vizit anpil selebrite tankou Elizabeth Taylor ak Marlon Brando.

Otèl la konstui an 1887, li te sèvi kòm yon espas achiv  ki pa t ofisyèl. Li gouye anba lokipasyon Etazinyen an, rejim bout di Duvalier a, plizyè koudeta, goudougoudou  ak kolera, pou li finalman tonbe anba men bandi ak zam ki fèt sou menm tèritwa a.

Yon efasman  konsa grav anpil, men nan yon kontèks ki pi laj, malerezman sa pa siprann nou. Dènye evènman ki ap pase nan peyi Mwayennoryan yo, montre a klè ki jan gwoup nasyonal ki vle gouvène itilize menm taktik sa yo pou pran kontwòl tout yon popilasyon.

Eta islamik  ki pote non ISIS, yo konsidere tankou “yon branch lokal Al-Qaïda a”, te lage nan detwi oswa vann atizay siryen ak ikrenyen ki te gen anpil valè. NPR te rapòte “pandan dènye 10 mwa  lokipasyon Palmi an, leta islamik la te kraze ra pye tè  moniman istorik tankou tanp antik ak yon “arc” triyonf. Manm gwoup sila a te “koupe tèt […] akeyològ ki te gadyen antikite Palmi yo, paske li te refize di ki kote zèv yo te sere”.

Ekspè tankou Eckhart Frahm nan inivèsite Yale konsidere taktik sa  kòm yon mwayen  pou ISIS te elimine sit sa yo paske anvan sa, gen dirijan politik ki te konn itilize yo “pou konstwi  yon sèten idantite nasyonal atravè relijyon, sèk ak gwoup etni yo”.

Ak tout eleman  sa yo, nou ka rive jwenn yon esplikasyon sou destriksyon Oloffson lan. Chak jedi swa RAM te konn jwe e pandan moman sa yo, Oloffson te ofri youn nan ra espas kote tout moun sou menm pye san  klas sosyal ak estrikti ekonomik, nan limit sa ka posib Pòtoprens. Tout moun, natif natal, dyaspora, nèg anba ak gran nèg yo – ansanm ak kèk anbasadè ak jounalis etranje- te ka egziste ansanm nan menm espas la san pa gen okenn baryè.

Pou gang yo enpoze yon nouvo pwojè, yon nouvo idantite nan peyi a, enstitisyon ki senbolize, piti kou l ye, linyon paka egziste. Aksyon sa yo rantre nan linye taktik ki fèt deja tankou kidnape pastè ak moun ki apresye, atake seminè ak lekòl. Sa yo se ansanm enstitisyon ki sèvi chapant pou kominote yo e ki te ka reziste e menm konbat enfliyans gang yo ak bon jan resous epi bon jan òganizasyon.

Li esansyèl pou nou sonje, lè chapant sa yo ki pa nan politik ap parèt sou teren an konsa, yo pa janm pa gen yon objektif politik anbachal. An reyalite, yo se chan batay kote premye kou ki pati a se pou afebli moun ak sosyete yo.

Li esansyèl pou nou sonje, lè chapant sa yo ki pa nan politik ap parèt sou teren an konsa, yo pa janm pa gen yon objektif politik anbachal. An reyalite, yo se chan batay kote premye kou ki pati a se pou afebli moun ak sosyete yo. Pandan “lagè sal” Ajantin lan, milis yo te konn toutan vize lidè inivèsite ak lidè relijye yo.  Yon mannyè pou yo te ka febli ak maspinen espas ki jèmen kiryozite entèlektyèl, lespwa ak memwa kolektif nasyon an, sou sa ki reprezante yon Ajanten.   

Pi lwen toujou, lè nou gade timoun ak jèn ki fòme gang sa yo, nou ka konprann poukisa otèl la pa te vle di anyen pou yo. Pi fò nan yo soti nan katye ki pi ap viv vyolans ak mizè nan peyi a. Kounye a, selon repòtaj yo, yo di yo ap rekrite timoun nan kominote sa yo pou rantre nan gang yo.

Kisa yon otèl Liz Taylor te frekante vle di pou yon timoun 15 lane ki oblije sispann ale lekòl depi lè li gen 12 lane paske manman li pa ka peye? Ki sa yon fèt RAM vle di pou yon jèn 22 lane ki pa janm konnen sa manje 3 fwa pa jou vle di alewè pou yon nwit ap danse jouk li jou?

Menm si sitiyasyon sa yo fè nou reflechi, nou dwe reflechi sou ki jan gwo diferans ant moun ki pa genyen ak sa ki genyen yo eklate nan moman chirepit sa yo.    

Gen anpil zonbi k ap fè Ayiti sote nan dòmi. Ak Oloffson ki tonbe a, gen yon nouvo lespri ki pran nesans. Se pa yon lespri ki soti nan tire kont ak imajinasyon, men pito, youn ki soti nan lapèrèz ak fòse bliye. Pa gen okenn konklizyon ankourajan pou fini atik sa. Okenn refleksyon pou soulaje kè sila yo ki viktim nan evènman ki ap fèt la yo. Sèlman gen moman prezan ak  dèy y ap fose chita sou nou an.

Allez Les Grenadières

Lè ekip foutbòl feminen Ayiti a monte teren an pandan 90 minit, li pèmèt pèp Ayisyen an reve. 

Atik sa te premye pibliye sou Africa Is a Country nan dat ki te 9 Avril, 2024. Atik sa pwodui ak sipò Round Earth Media Program nan International Women’s Media Foundation an kolaborasyon ak Woy Magazine.

Dapre jounalis spòtif Ayisyen an, Bertinie Cherizard, “Ayiti se youn nan pilye nan foutbòl feminen nan Karayib la.” Grenadye yo, ki pote non yon inite nan lame endijèn ann Ayiti, ap atire anpil atansyon paske yo se, sa FIFA rele , jenerasyon an lò jwè foutbòl fanm Ayisyen yo.  Medam yo montre enpak yo  lanne apre lanne malgre tout obstak ki kraze yo. An 2023, ekip nasyonal foutbòl feminen senyò a te patisipe pou la premyè fwa nan koup di mond feminen an, men li pa te rive pase etap faz gwoup yo. Li te gen youn nan ekip ki te pi jèn, ak sèlman 4 jwè ki te gen plis pase 25 lanne epi 6 adolesan. Grenadye yo vin parèt yon lòt fwa sou sèn entènasyonal la an fevriye 2024 nan lokazyon preliminè Gold Cup feminen CONCACAF la, kote li te jwe dènye plas kalifikatif tounwa a kont Pòtoriko. 

Atansyon yo resevwa dènyè tan sa yo se yon avantaj men rekonesans sa pa fèt jodi pou demen, se yon batay san kanpe depi plis pase 50 lanne. An 1971, nan pak Sent Terèz, ki nan Petyonvil, yon zòn nan komin Pòtoprens lan ki a 8 mil kilomèt anba lavil la, te kòmanse gen match foutbòl jèn fanm ak tifi katye nan zanviwon yo. An desanm, Amazones, ki se premye klèb foutbòl fanm ann Ayiti, te pran nesans. Anpil lòt klèb te byen vit vin fòme: AS Tigresse, Excelsoir nan Laplenn,  ak Gladyatrice pran nesans nan kòmansman lanne 1972. Pandan dezyèm tounwa nan Pak Sent Terèz nan mwa oktòb 1972, 10 ekip foutbòl fanm te enskri. Spò a vin anvayi lòt zòn ki pa nan Pòtoprens. Vin gen ekip tankou: Aurore de Brach,  Anacaona nan Leyogàn, Star des Gonaïves, Les Jongleuses du Cap Haitien, ak Surprise de Jacmel. Tout klèb yo te gen fanatik fidèl ki te konn mennen foul moun. 

An oktòb 1973, Federasyon Foutbòl Ayisyen an ofisyèlman rekonèt foutbòl feminen an epi bay ekip yo aksè a stad Sylvio Cator ki se stad  nasyonal la. Chanjman desizif sa pèmèt Ayisyen ale nan match medam yo a pye sa ki vin ede yo redui sou lajan transpò a ki te twò wo pou fanatik ki nan klas ouvriye Pòtoprens lan ki te dwe monte ale  Sent Terèz. Tank lanne ap pase, gen  nouvo resous yo ofri foutbòl feminen an tankou Camp Nou, pi fò moun rele “ranch lan”, ki se yon sant rezidans  pou jwè ki jèn yo kote yo jwenn ansèyman tradisyonèl ak antrènman spòtif. 

50 lanne apre,  ekip nasyonal fanm lan se ti chouchou peyi a. “Jounen jodi a, eksitasyon an pran yon lòt dimansyon. Yo envesti plis lajan nan foutbòl feminen an, gen plis je sou li e teknoloji a pi avanse. Nou  gen de veritab sipèsta nan ekip la” Cherizard deklare. Pami yo, gen  kapitèn ekip nasyonal la , Nérilia Mondésir, yo bay ti non “Nérigol” tèlman li konn fè gòl. Li te kòmanse nan AS Tigresse, jounen jodi a l ap jwe nan lig 1 pou yon ekip nan peyi Lafrans  ki rele Montpellier HSC. Genyen tou, Melchie Dumornay alyas Corventina, ki se milye teren vedèt Ayiti a ki “ pral vin youn nan fanm pi gwo jwè nan mond lan” dapre antrenè stad Reims lan. Epi nou jwenn, Batcheba Louis ki se loreya pi bèl gòl nan premye divizyon franse foutbòl feminen an pou sezon 2021-2022 a.  Cherizard esplike: “ Medam sa yo bay anpil bon rezilta depi yo ap patisipe nan tounwa U20 ak U17 yo. Nouvo kalifikasyon pou koup di mond lan mete anpil je sou ekip nou nan rès mond lan, men ann Ayiti, nou te ladann depi lontan”. 

Kokennchenn gadyen ekip nasyonal la ak FC Miami an, Kerly Théus, vin tounen san okenn dout ti chouchou popilasyon Ayisyen an depi koup di mond 2023 a. Li fèt Kanape Vè jou ki te 7 janvye 1999 la. Théus kòmanse jwe sou katye li tankou tout lòt medam ekip la;  karyè gadyen li pral demare nan ekip Aigle Brillante nan Pòtoprens yon jou ekip la pa te gen gadyen disponib. Théus  sonje “Sè m lan f on rèl sou mwen pou m al jwe nan pòs gadyen an. Men m pa t vle. M te vle Joe. Gen yon lide ki fè kwè se jwè ki pa twò bon yo mete jwe gadyen, kidonk okenn moun pa te vle jwe nan plas sa.” 

Théus admèt li pa t yon  twò bon gadyen lè li te fenk kòmanse nan ranch lan. Li sonje yon match kote ekip li t ap pedi 3-1: “Yo fè m monte teren an epi ekip la fini pa pèdi 5-3. Pa t menm te rete anpil tan nan kwonomèt la” , li di pandan l ap ri. “Men mwen kwè nan travay di. Cristiano [Ronaldo] se jwè prefere m. li menm tou li kwè nan travay. Se pou sa li gen plizyè balon dò. Se objektif mwen sa tou.” Disiplin sa li bay tèt li a fè li te yon eleman esansyèl nan twa (3) match Grenadye yo te jwe pandan koup di mond lan. Malgre sondaj yo te predi t ap g on gwo defèt fas a Angletè, Théus evite yon masak lè fè 10 arè eksepsyonèl sa ki fè skò a te rete 1-0. 

Nan mwa fevriye, ekip nasyonal senyò foutbòl feminen CONCACAF yo patisipe nan premye edisyon Gold Cup feminen an. Apre yo fin rive monte nan dezyèm plas  nan yon gwoup kalifikasyon ki te gen ladann Kostarika ak Sent-Kits-ak-Nevis, ekip la bat match 17 fevriye  kont Pòtoriko. Ayiti pran yon gòl penalite nan 41 èn minit match la; jefò enpòtan ofansif Grenadye yo pa te pèmèt yo egalize nan mitan an. Mondésir pa te rive pwofite  penalite nan 75 èm minit la kidonk ekip la te fini pa pèdi 1-0. Malgre talan jwè Ayisyen yo ak klèb pwofesyonèl wo nivo y ap jwe ladann yo, ekip feminen an pa te reyisi yon lòt fwa ankò, franchi etap eliminatwa a. 

Théus lage chay defèt sa sou do mank koneksyon. “Te gen anpil nouvo jwè, anpil nan jwè ki abitye jwe yo pa t la e nou gen yon nouvo staf,” Théus esplike. “Nou pa te reyisi jwenn yon ekilib. Tout bagay chita sou koneksyon. Lè ou wè nou sou teren an, se tankou nou chak ap fè afè pa n”. Sitiyasyon sa se konsekans pil lanne san yon gwo pati nan enfrastrikti nesesè ki enpòtan pou mete chita yon ekip pèfòman sou sèn entènasyonal la. Menm si sipòtè Ayisyen yo te desi, ekip la kite mak li kanmenm: Melchie Dumornay, ki jwe tou pou klèb foutbòl Olympique Lyonnais, te youn nan meyè bitè  match kalifikasyon KONKAKAF la, menm jan ak Salvadoryen ki rele Brenda Cerén, yo tou de fè 8 gòl. 

An 2020, de jounalis pibliye yon atik nan The Guardian pou denonse enjerans, koripsyon ak krim nan Federasyon Foutbòl Ayisyen an. Yo akize  prezidan federasyon an, Yves Jean-Bart,  ap fè agresyon seksyèl jwè minè pandan plizyè lanne nan ranch lan. Akisasyon sa yo te chita sou asèlman, menas, chantaj ak presyon sikolojik. Jean-Bart finalman remèt demisyon li, FIFA te entèdi l okipe yon pòs nan federasyon an. An 2023, Jean-Bart te fè apèl nan tribinal abitrè spò (TAS) a e li te genyen. Jounalis envestigasyon yo ak òganizsyon ki nan  opozisyon yo fè kwè  yo menase viktim yo pou yo ka fè silans. Malgre arete TAS la, yon komite nòmalizasyon kontinye ap dirije federasyon an. 

Ekip feminen Ayiti a fè anpil jefò pou reprann li epi kontinye jwe nan pi wo nivo malgre enpak gwo  akizasyon yo. Men pandan li t ap rekonstwi tèt li, ekip la te oblije fè fas a pwoblèm peyi a. Dapre yon rapè Nasyonzini, 80% vil Pòtoprens anba men gwoup bandi ak zam fann fwa. Katastwòf ensekirite Ayiti ap konfwonte dènye lanne sa yo te yon obstak enpòtan pou gwoup la, e ranch lan te vin fèmen. Pi fò aktivite sosyal yo kanpe e stad Sylvio Cator ki nan mitan zòn plizyè gwoup bandi anvayi, te sibi atak kote yo piye epi boule li sa ki vin fè Federasyon an paka itilize l pou  òganize match amikal ankò. Ak tout evènman politik sa yo, medam ki nan ekip la te pito eskive pale politik nan laprès oubyen sou rezo sosyal yo. Manb seleksyon maskilen Ayisyen an pi dirèk sou rezo sosyal yo,  yo menm kritike yo pou kòmantè ki pa adekwa yo fè. Medam Grenadye yo pi pridan ak imaj yo, yo pito se enpak yo kòm senbòl fyète politik ki prensipal kontribisyon yo nan diskou sila.  

Enstabilite sa ki ap pèsiste nan peyi a, afekte anpil koyerans nan ekip la, li anpeche jwè yo devlope yon senkwonizasyon ant yo. Match amikal yo se yon pratik esansyèl pou konstwi senbyoz ekip la. E depi 2020,  Grenadye yo pa jwe ansanm apa match ofisyèl ki fèt 4 fwa pandan tout lanne sa yo. An plis de limit nan eksperyans yo, ensekirite ki nan kapital la anpeche ekip nasyonal yo  òganize match lakay yo, kidonk, atlèt yo al jwe kay vwazen an,Sen Domeng. Match sa yo fèt nan mitan yon konfli diplomatik dezagreyab ant 2 peyi yo sou kestyon peyizan Ayisyen ki ap konstwi yon kanal sou rivyè Masak la ki s on rivyè ki pase ant Ayiti ak Sen Domeng. Sikonstans patikilye sa yo te ka detwi nenpòt ekip, sa ki rann tout sa Grenadye yo fè pi remakab toujou - soti nan kalifikasyon pou rive nan rekò pwen. Tout sa rive fèt gras ak yon gwoup fanm ki chaje talan ki kontinye pèsevere malgre tout kalite obstak. 

Pandan dizèn lanne ki pase  yo, pèp Ayisyen an ap sibi yon seri kriz ki pi trajik chak jou pi plis, e ekip spò Ayisyen yo pa epanye. Yon federasyon kowonpi, mizojini ekstrèm, yon gouvènman defakto ki kite tout enstitisyon yo peri:  ekip foutbòl feminen Ayisyen an te oblije fè fas kare ak tout kalite difikilte nou paka imajine jis pou yo ka reprezante peyi yo. Malgre sa, yo reyisi kreye yon bagay espesyal e menm si yo pa rive depase faz gwoup yo, listwa ap kenbe jan medam ekip Grenadye yo se yon fòs nou ka konte sou li. Théus di nou “Tout sa mwen ap fè nan moman an se sa mwen te toujou reve”. Malgre tout eprèv yo, Grenadye yo kontinye ap batay. E chak fwa medam sa yo monte sou teren an, pandan 90 minit, Grenadye yo pèmèt pèp Ayisyen an reve.

Tradiksyon: Doris LaPommeray

Jan Claudine Gay reyisi ak jan li tonbe

Kesyon an toujou rete menm: kisa repitasyon Claudine Gay pral ye nan sa ki gen pou wè ak Palestin?

Dènye mwa sa yo, Claudine Gay vin tounen yon pèsonalite tout moun konnen. Anvan li te vin premye prezidan Nwa nan inivèsite Havard, li te yon entèlektyèl yo respekte anpil, ki te pwofesè nan gran inivèsite sila. E selon kòlèg li yo, li se yon fanm entèg, ki gen yon kalite entilijans ak yon dinamis nou paka nye. Sepandan, pou kominote Ayisyen an, petèt sa ki te pi enpòtan sou Doktè Gay, li se pitit imigran Ayisyen. 

Lè nou gade istwa Doktè Gay la, li ka sanble a pi wo nivo reyisit yon moun ki imigran, men li pa si senp. Pou nou konprann ki jan diskriminasyon kont moun Nwa  rann Doktè Gay vilnerab pa rapò ak dènye evènman ki pase yo, fòk nou konprann pwopagann sipremasi blan an ap fè anpil imigran Nwa vale, Ayisyen ladann tou. Malerezman, nayivte ki gen nan eksperyans imigran Nwa a, fè li kwè nan manti sipremasi blan an ki vle fè konprann gen yon mwayen ki poko eksplwate Nwa Ameriken yo senpman “neglije” ki ka fè yo gen siksè pou reyalize rèv ameriken an.  Vyolans sitiyasyon sa chita sou panse frè ak sè Nwa nou yo "pa bon ase" oubyen "pa travay ase" pou yo rive. Yon enstitisyon tankou Harvard pa egziste pou preske 400 lane (depi 1636) san okenn prezidan Nwa paske li pa jwenn youn ki bon sou tè sa. Se yon kesyon volonte. 

Yon enstitisyon tankou Harvard pa egziste pou preske 400 lane (depi 1636) san okenn prezidan Nwa paske li pa jwenn youn ki bon sou tè sa. Se yon kesyon volonte.

An verite, pi gwo erè Doktè Gay fè pa gen anyen pou wè ak sa li di oubyen pa di pandan odisyon nan Kongrè a. Sa gen pou wè ak lodas panse yon Ayisyen Ameriken ki se yon Fanm Nwa te ka janm bon ase pou dirije pwochen kontenjan kolon yo. Li te panse nèg respektab la te ka genyen. Men elas, nèg respektab la bon, men li pa janm bon ase.  

Lè sipremasi blan an pran san li pou li chwazi yon Fanm Nwa , fanm sa gen pou toujou  ap deklare atachman li gen ak sipremasi sila. Pa gen dout sou sa, Claudine Gay pa yon alye Palestinyen yo - li byen lwen pozisyon sa. Malgre chagren ak desepsyon etidyan Arab ak Mizilman ki Harvard yo, li chwazi rete nan silans li fas a kalite trajedi ki ap pase nan Palestin. Aprè sa, li pibliye yon deklarasyon pou kondane zak antisemit yo san pale sou jenosid ki ap fèt sou pèp Palestin lan ak enkyetid ki vin ak tandans anti Arab ak islamofobi  ki ap ogmante chak jou pi plis sou lakou inivèsite yo. 

Pandan odisyon Kongrè a, Doktè Gay bay yon seri repons entèktyèlman pridan, diplomatik, san pati pri, sa ki fristre yon moun tankou m ki toujou vle pou moun chwazi yon kan. 

Sa moun nwa ki nan menm klas sosyal ak Claudine Gay yo pa rive konprann, se sipremasi blan an pa konn lwayote; lè w chwazi panche sou sipremasi blan an, ou dwe renouvle chwa a chak jou. E pou ou gen chans gen favè sipremasi blan an, fòk ou toujou ap montre ou merite sa. Yon moun nwa yo chwazi pa janm sispann pwouve valè li. San konsidere verite a, moral la, san konsidere kè brize milye etidyan Arab ak Mizilman ak alye yo ta genyen, si Gay te fè yon deklarasyon ki sipòte sipremasi blan an, li pa t ap gen menm konsekans negatif sa yo. 

San okenn dout, liberasyon Palestin lan se misyon ki pi enpòtan pou jenerasyon sa. Nou paka pa mande tèt nou, eske lè Palestin ap resi lib la, Harvard ap gen lodas pou li di li te toujou nan bon bò listwa a? Eske y ap re ekri imilyasyon piblik Doktè Gay la tankou istwa ewo yo a epi eksplike kijan yo te egzamine epi dyabolize enstitisyon yo a lè jenosid la te nan pik li paske yo “te byen aji”? 

An menm tan, pa gen anyen ki fè lodyans blan an plezi pase yon bon istwa sou moun ki matirize epi tou,  revize listwa se kado pèpetyèl  sipremasi blan an. 

Finalman, Doktè Gay twouve li nan yon enpas Fanm Nwa souvan fè fas a li - li paka fè pèsòn plezi. Yon bò, nan dezespwa li gen pou li ka kenbe stati elit li nan Harvard la, li pa janm pran pozisyon moralman jis pou sipòte Palestin, etidyan Arab li yo, etidyan Mizilman li yo, etidyan nwa ak lòt ki pa blan yo ak tout etidyan Jwif ki anti zyonis yo ki ap sibi asèlman san rete.  Yon lòt bò, doktè Gay pa te janm soutni a klè sipremasi blan an.  Men nan jwe sou tou de bò yo li pèdi sipò tout gwoup. 

Kidonk, aprè tout sa, vanjans Doktè Gay la ka chita sou liberasyon popilasyon sa menm li pa te gen ase kouraj pou li te defann lan ak fòs - Palestinyen yo. 

Gen anpil lòt bagay pou nou dekouvri, men, lè Harvard deside reekri listwa a epi deklare li pa te janm kont Palestin, li pral oblije travay sou re ekri listwa eritaj Doktè Gay a ki sal kounye a. Kidonk, apre tout sa, vanjans Doktè Gay la ka chita sou liberasyon popilasyon sa menm li pa te gen ase kouraj pou li te defann lan ak fòs - Palestinyen yo. 

Defèt Doktè Gay a te yon krèv kè pou anpil moun ki wè tèt yo nan reprezantasyon sa. Men nou te ka predi sa t ap rive. Menm jan nou ka predi, nan pwochen syèk la, pou bay bèl aparans, lè jenerasyon ki ap vini yo ap egzamine epi poze Harvard kesyon sou zak li yo, vèsyon li a sou dènye evènman ki pase yo ap totalman diferan. Tout sa yo previzib. Mòd fonksyònman sipremasi blan an ap resikle. Li ap resikle paske se konsa li fonksyone e se konsa li ap toujou fonksyone toutotan nou pa aksepte batay nou yo rantre youn nan lòt e liberasyon nou dwe pase pa yon jefò kolektif.

Jan 20, 2024

Kriminalize avòtman p ap anpeche avòtman fèt

Nan kad jounen mondyal dwa pou moun avòte ,28 septanm, plizyè òganizasyon te reyalize yon kenzèn aktivite soti 14 septanm rive 30 septanm. Konferans ak kozri, espas X (ansyen twitter), live Facebook, pwojeksyon fim, ekspozisyon, mach pasifik se seri aktivite yo ki te reyalize pou sansibilize ak enfòme moun sou avòtman. Deba sa, tankou tout deba sou dwa fanm, te fè anpil tole epi jwenn anpil retisans bò kote anpil moun, fanm kou gason, nan lari a ak sou entènèt la.

Nan yon mach pasifik ke plizyè òganizasyon feminis reyalize nan lide pou mande dekriminalize avòtman, nan jounen 28 septanm 2023, plizyè moun k ap pase joure medam yo. Se pa yon sipriz, gen yon latriye jouman lèd ki egziste nan kilti ayisyen an pou diskriminen fanm ki entewonp yon gwosès. Pawòl tankou kanaldivan, Kan vid, Antèman prive, manman ti mò, antèman san rèl pou m site sa yo senpman fè pati yon lis jouman byen long lasosyete rezève pou fanm ki avòte. Pale anpil mach pasifik Septanm lan te soulve fè nou reyalize anpil moun nan sosyete a, fanm kou gason,  pa pare pou gen diskisyon sa. Alòske moun ki fè avòtman deja, deklare se yon pratik ki epwizan non sèlman fizikman men sikolojikman tou. Pandan tout pwosesis la, moun sa bezwen sipò pwòch li pou ede l viv moman yo. 

Depi byen lontan nan listwa nou menm kòm pèp, avòtman te toujou prezan kòm pratik. Pandan peryòd esklavaj la, fanm kaptif ki nan bitasyon yo kou fanm mawon yo te mete an plas on mwayen pou redui byen mèt yo. Parapò ak lalwa ki te tabli nan koloni yo, matris medam yo te tou pwopriyete mèt li. Chak grenn timoun ki fèt ogmante mendèv mèt la epi kondane timoun sa a on lavi esklav. Bernard Moitt, yon istoryen deklare : “Bay tèt ou lanmò, atake byen mèt la, keseswa se yon pwopriyete osnon yon pitit ou w touye, se yon afimasyon libète l ye. Dayè nou ka wè ki repons kolon yo bay fanm ki nan pratik sa yo; yo touye yo pa pakèt devan tout moun.” Nan ki moman avòtman vin yon zak degoutan nan pwen pou yo diskriminen fanm ki ta deside fè chwa sa e menm trete l kòm kriminèl?

Selon atik 262 nan kòd penal 1825 ayisyen an, gwo sanksyon rezève pou ni moun ki ta ede yon fanm ansent avòte, ni fanm ansent sa. Anplis de chay moralite a ki pa lejè ditou, lajistis mete tout pwa l nan balans lan pou anpeche fanm pran pwòp desizyon sou kò yo. Pwa lawonte ki sou do moun ki bezwen sèvis la konn anpeche l mande èd nan lide pou evite moun konn afè l epi jije l. Sa ki konn pouse moun sa yo reziyen yo ak de metòd ki mete lasante yo, e menm lavi yo an gwo danje. Ann Ayiti anpil fanm pèdi lavi yo pandan akouchman e avòtman ki fèt nan move kondisyon pou anpil nan chif sa. Selon Bank mondyal, sou chak 100,000 akouchman 732 fanm mouri

“M te rive retire l, men m te manke mouri, e yo di m si m kontinye pratik sa m ka mouri.”

Nan yon temwayaj yon jenn fanm bay Espas Fanm ki se yon emisyon medya AlterPress fè, li deklare li ansent e li pa t jwenn kouraj mete paran li okouran. Mennaj li mennen l kay plizyè medsen fèy pou jis timoun lan tonbe. Li kontinye rakonte pou l di : M te rive retire l men m te manke mouri. E yo di m si m kontinye pratik sa, se sa k ap rive m menm.

“Yon fanm ki avòte, konteste lòd patriyaka a, li konteste sistèm ki di kò l ta dwe sou kontwòl gason” - Tamas Jean Pierre

Nan yon ti pale ak Tamas Jean-Pierre ki se sosyològ ki spesyalize nan jan epi manm Òganizasyon Feminis Dantò, li deklare sa konsa: “N ap viv nan yon sistèm patriyakal ki chita sou etewonòmativite ki genyen yon pakèt prensip. Youn nan prensip yo, fòk yo kontwole fanm nan tout demach li, tout jès li epi kò li. Yo fè konnen tou, seksyalite ak kò fanm ta dwe gen vokasyon fè pitit. Yon fanm ki avòte, konteste lòd sa yo, li konteste sistèm ki di kò l ta dwe sou kontwòl gason. Diskriminasyon yo fè sou fanm sa yo se chatiman sistèm patriyaka a rezève pou fanm sila yo.”

Men dinamik dominasyon sa yo pa afekte tout fanm ayisyen menm jan. Si la yo ki gen lajan ka peye pou fè yon avòtman nan yon klinik prive. Medam ki soti nan klas devaforize yo tonbe anba men chalatan ak lot mwayen ki pi riske sa ki mete lavi yo an danje. Madi 26 Septanm, pandan kenzèn aktivite pou dwa pou moun avòte, òganizasyon Nègès Mawon te òganize yon pwojeksyon-deba avèk IFH kote moderatè a mande moun nan asistans pou yo site metòd yo konn tande moun itilize pou avòte. Moun yo pran site metòd chokan menaj medam yo konn pran pou debarase yo de “pwoblèm” lan tankou te amwaz, kout pye anba ti vant, woule fi a nan eskalye, koka ak klowòks, fanta ak digo, sèso. 

Selon òganizasyon feminis yo, li ijan pou leta sansibilize popilasyon an sou koze avòtman an. Lagè gang yo ap mennen kont popilasyon an, ki espesyalman touche medam yo nan kò yo rann legalizasyon an pi ijan. Se nan lide sa sosyològ Tamas estime wòl òganizasyon yo se fè presyon sou leta ak sistèm lan, osnon etabli yon leta ki kapab pran an kont bezwen yo. Òganizasyon sa yo bezwen chita ansanm pou reflechi kisa on fanm kapab bezwen an tèm sante epi fòse leta a entegre bezwen sa nan politik piblik li. 

Kriminalize avòtman, simaye lawont ak diskriminasyon sou fanm ki entewonp gwòs p ap anpeche avòtman fèt. Okontrè, yo kontinye fèt pa pil e pa pakèt. Sa jis favorize doktè chalatan fè lajan sou do fanm sa yo nan move kondisyon. Sa oblije de seri de fanm al avòte anba tab pandan yo riske gwo konplikasyon pou sante yo ki konn menm mennen lanmò. Li ijan pou leta edike popilasyon an, rantre koze avòtman an nan politik sante piblik. Depenalize avòtman pou diskisyon yo kapab monte tab epi evite fanm ki oblije avòte yo, pafwa pwòch yo, tonbe anba lawont piblik.

Vwayajè òganize vizit pou moun ki vle dekouvri kominote riral Ayiti yo

 “Lè pi fò moun wè Ayiti, anpil nan yo panse a vil Pòtoprens lan men Ayiti plis pase sa. Pi fò peyi a gen anpil zòn riral tankou Fisi yo pa manyen yo, ki kache nan mòn yo.”

Angello Jean, fondatè Vwayajè

“Sitiyasyon ensekirite peyi a, dekouraje nou pou nou al dekouvri peyi nou. Peyi nou bèl e li rich. Li lè pou nou aprann e vreman konnen peyi nou », Angello ki se fondatè Vwayajè esplike n. Depi kèk tan, Depatman Deta Ameriken mete Ayiti nan nivo 4 nan dokiman konsèy pou moun k ap vwayaje, « peyi pou w pa vwayaje ladann ». Yo avèti vwayajè yo pou yo konsidere tout risk pa rapò ak vwayaj oubyen sejou yo ann Ayiti, a kòz sitiyasyon ensekirite peyi a ap travèse kounye a ak pwoblèm enfrakstrikti yo. Dapre ankèt nasyonal OCID fè an 2021, sekirite se pwoblèm ki pi enkyetan selon 62% popilasyon an. “ Nan yon peyi kote gen plis pase 10 milyon moun, vre difikilte sa yo ap kontinye sa ki menase elimine kwasans sosyo ekonomik epi anpeche n fè eksperyans Ayiti cheri nou an ki se yon mèvèy. Malgre sa, nou dwe kontinye”, Angello pousuiv pou li di.

Vwayajè se yon inisyativ eko tourism lokal Angello Jean ak yon gwoup gid lokal ap dirije. Yo vwayaje yon mannyè responsab nan diferan zòn natirèl nan tout peyi a, e yo travay pou konsève anviwònman an epi amelyore byennèt sosyo ekonomik popilasyon lokal yo. Vwayajè, kòmanse fonksyone an 2021. Vwayajè ankouraje n dekouvri lanati, richès ak valè Ayiti atravè patrimwàn li pandan li ankouraje respè anviwònman an ak pwoteksyon kilti lokal la.

Aprè 6 mwa kanpe, Angello te santi si li vle kenbe vizyon li an anvi, li ta dwe kwè epi òganize yon mach nan mòn lan. Gran vakans 2022, ekip Vwayajè a tounen nan vil Fisi kote li te pran nesans. Fisi se yon vilaj ki fè fre nan mòn ki a 1 è de tan lè w sot Petyonvil oswa a 48km Sidès Pòtoprens. Zòn sa a ki a 5000 pye sou tèt kapital la, gen yon kominote ki akeyi moun byen, ki gen yon peyizaj ekstraòdinè ak rezèv ekolojik. Se la ki te pi bon kote pou kòmanse Vwayajè. Byen vit, Angello devlope yon senpati ak moun Fisi yo. Li te travay nan tèt kole ak kominote a pou chwazi teren pou fè kan tankou 'Kay Jean Paul' kote abitan zòn lan ak vwayajè yo ka vin eksplore mèvèy natirèl Ayiti yo.

“Lè pi fò moun wè Ayiti, anpil nan yo panse a vil Pòtoprens lan men Ayiti plis pase sa. Pi fò peyi a gen plis zòn riral tankou Fisi ki sanble yo pa manyen yo, ki kache nan mòn yo. Men bote sa a kache anpil difikilte”, Angello kontinye pou l di. 

Nan antre vil la, wout asfalte pou rive Kenskòf yo kanpe epi wout tè wouj yo kontinye nan bòdi vil la. Enfrastrikti yo vreman limite sa ki rann pi grav aksè pou jwenn dlo nan zòn ki pi lwen tankou Fisi yo. 

Lè nou derape ak Vwayajè, nou te toujou gen nan tèt nou yon imaj jeneral. Nou te vreman swete, moun zòn yo ak vwayajè yo ka pran swen epi kiltive tè a.

Pi fò moun ki ap viv la yo travay latè pou yo rive siviv. Yo plis agrikiltè ki gen ti moso tè ki kiltive pwodui limite bò kote ti kay an bwa ki simaye sou tèt mòn yo.

Chanjman klimatik la gen gwo konsekans sou kominote Fisi a. Peryòd sechrès ki ap grandi ak inondasyon nenpòt kilè yo gen gwo enpak sou kominote agrikòl yo. Mete sou sa, neglijans jeneral otorite nan gouvènman an ak move politik ki kontinye ap detui kapasite peyi a genyen pou li okipe tèt li. Sa ki fè anpil kiltivatè oblije kite tè yo pou yo al viv lavil. Vil Ayiti yo pa gen kapasite pou kenbe tout moun sa yo a kòz jan sitiyasyon kriz sosyo ekonomik la ap dewoule jounen jodi a. 

“Lè nou derape ak Vwayajè, nou te toujou gen nan tèt nou yon imaj jeneral. Nou te vreman swete, moun zòn yo ak vwayajè yo ka pran swen epi kiltive tè a. Pou nou kapab grandi epi transmèt richès sa a epi planifye pou jenerasyon ki ap vini yo. Nou konnen nou paka fè travay sa a poukont nou. Nou bezwen gouvènman an bay kominote tankou Fisi yo bourad nan mete enfrastrikti ak bon ankadreman. Nou bezwen kominote nou an, dirijan nou yo ak gouvènman an kenbe men nan men pou prezève sa ki la a pandan y ap planifye demen”.

Topografi Ayiti fè li se yon destinasyon ekotouristik  ideyal pou moun ki renmen avanti, ki san konplèks e ki gen yon konsyans sosyal.

Bizaman, Ayiti ofri tout bagay. Yon kilti ak tradisyon ki rich, yon manje ki koupe dwèt ki soti nan agrikilti ekolojik, plaj ak sab cho, mòn kote kifè fre e ki vèt, anpil chit dlo klè kou dlo sous ak vale agreyab nan mitan de sa yo.

Pou lanne 2022 a, magazin Forbes mete Ayiti nan 50 pi bèl peyi nan mond lan. Men, depi kèk tan, dekouvri zile a parèt raman nan lis rechèch entènèt yo. Sitiyasyon sosyo ekonomik la ak migrasyon an mas Ayisyen ki ap chache refij pran tout gran tit yo. Fòk sa chanje.

Enstabilite politik ak vyolans gwoup bandi menase sitwayen lokal yo e rann pi grav sitiyasyon frajil moun ki ap viv nan zòn ki lwen yo tankou Fisi, kote kominote sa yo te deja neglije. Popilasyon an kontinye ap mande dirijan yo pi bon gouvènans.

Gouvènman an gen pou manda pou li bay sitwayen li yo sekirite ak enfrastrikti. Se sa ki reskonsabilite leta. Moun nou chwazi pou dirije yo dwe aji epi kanpe bò kote kominote li reprezante yo. Pandan m ap ekri atik sa, kantite moun ki bezwen an ijans yon èd alimantè pase de 3 a 4 milyon moun (sa ki vle di anviwon 30 a 40% popilasyon an). Ayiti gen nivo ensekirite alimantè ki pi wo nan mond lan, 4.5 milyon Ayisyen — preske mwatye popilasyon an — paka manje pou bese grangou. Sitiyasyon sa a paka kontinye.

Menm si gen inisyativ tankou Vwayajè ki ankouraje nou selebre, prezève ak pran swen tè zansèt nou yo te batay pou li a, sa paka rete la. Peyi a bezwen yon lòt oryantasyon ak yon devlòpman estriktirèl. Nou paka kontinye ap egziste nan yon twou fon. Ansanm nou pi fò, jan zansèt nou yo te di nou li.

Peripesi pou Ayisyen Gen Aksè ak Nouvo Wout pou Etazini an

Istwa sa a ekri ak sipò pwogram Round Earth Media nan International Women’s Media Foundation an patenarya ak Woy Magazine. 

Pòtoprens, Ayiti - Ane pase, bandi brake zam sou Andre Samedi aprè li sot chèche machin li nan ladwàn. Agresè yo kanpe mesye 43 lane a epi yo ale ak li. Sa pase nan zòn Kanaran, yon ti vil ki nan lizyè Pòtoprens, kapital peyi Ayiti. Yo finalman deside lage li men yo ale ak machin Nissan Pathfinder 2003 li a. 

« Depi jou sa a, mwen pè. », se deklarasyon Andre Samedi, ki se mèt yon konpayi ki espsyalize nan  antre ak vann materyèl elektwonik an Ayiti.  « Mwen paka sòti souvan epi mwen fè sa sof si mwen gen ijans ». Li kontinye pou l di : « Lè mwen sòti, kè m bat fò anpil epi mwen strese. Eksperyans lan  twomatize m ».

Andre Samedi se youn pami plizyè milye Ayisyen ki aplike pou nouvo pwogram imigrasyon Ameriken Prezidan Joe Biden anonse nan kòmansman mwa Janvye 2023 a. Pwogram sa ki rele sejou kondisyonèl imanitè pèmèt Ayisyen, Kiben, Venezwelyen ak Nikaragweyen aplike pou yo al viv Etazini pandan 2 lane. 

Men, malgre tout popilarite pwogram lan genyen, li montre jan li difisil pou anpil Ayisyen gen aksè ak li. Anpil moun plenyen pwoblèm limit lang lan, tchalenj teknoloji a ak obstak lajan an. Anpil nan yo di pwosesis pou jwenn dokiman yo mande pou pwogram lan bay tèt fè mal e menm kreye laperèz poutèt vyolans ki konn eklate nan sant pou al pran paspò yo.

Ayiti, Wakanda epi Reyalism Kapitalis

Kit ou pou oubyen kont, sa pa enpòtan paske sistèm kapitalis la depase 2 faz sa yo, depi w egziste sa deja kapitalis. 

ALAIN MARTIN

Pa lontan anvan m t ap ekri atik sa a, sou Twitter nou dekouvri ak sipriz Ayiti fè pati dènye fim a siksè Disney la ki rele Wakanda Forever. Youn nan sèn enpòtan nan entrig fim lan pase Okap, ansyen kapital Ayiti a. Yon lòt sèn ankò montre youn nan pèsonaj yo ki pa sèlman yon pilye nan fim lan men yon moun ki pral enfliyan nan faz 5 gwo manman fim Marvel la ki chita sou pwòp ti komik li yo. Pèsonaj nan fim lan rele Toussaint, yon omaj a Toussaint L’Ouverture yon figi anblematik revolisyon Ayisyen an. Revelasyon sipriz sa a te pote anpil eksitasyon sou medya sosyal yo, ak Ayisyen ki te kontan anpil wè peyi yo a ki ap viv anpil twoub nan youn nan fim ki gen plis siksè e moun t ap tann plis nan deseni sa a. Se eksitasyon sa ak selebrasyon sa ki fè m panse ak otè sa a ki te rele Mark Fisher ak konsèp li sou reyalism kapitalis la, ki vin plis enfliyan. Si nou konsidere Ayiti parèt nan Wakanda Forever a nan kontèks reyalism kapitalis Fisher la, nou ka rann nou kont pa gen anyen vrèman pou selebre paske yo mete, premye repiblik Nwa endepandan nan mond oksidantal la nan yon fim sipè ewo Hollywood.  

Reyalism kapitalis Fisher la pa yon kritik sistèm kapitalis la men yon rapèl tris sou jan nou pa dwe konsidere sistèm kapitalis la tankou yon senp sistèm ekonomik. Kounye a li se yon eta sikolojik, yon fason moun viv ki ankre nan nou. Kit ou pou oubyen kont, sa pa enpòtan paske sistèm kapitalis la depase 2 faz sa yo, depi w egziste sa deja kapitalis.  Paske sistèm kapitalis la rive evolye pou ateri menm nan pwendvi pi gwo opozan li yo. Nan lòt mo, sistèm kapitalis la ka ofri w pandan l ap jenere pwofi, menm sa li te toujou entèdi w la. Yon konpanyon pou solitid moun santi nan evolisyon lavi moun sou entènèt; yon sans ak yon objektif nan yon sosyete ki ap vin pi layik. Manifestasyon fèt sou Facebook, se te ka Okipe Wall Street la, e se Twitter ki te fasilite mouvman entènasyonal la Black Lives Matter. Se yon sistèm ki ekipe ak yon asenal solisyon ki pare pou reponn a chak bezwen, menm si se bezwen pou pesimis fas a sistèm lan. 

Eritaj Che Guevara a se pi bon ekzanp lan. Guevara ki se yon opozan solid kapitalis la, tounen yon anblèm sou mayo ki ap vann tout kote nan mond lan. Byen si, mayo sa yo pwodui an mas nan de faktori e pwofi yo al jwenn yon ti gwoup. Yon lòt egzanp ankò Fisher bay li menm se yon lòt fim siksè Disney ki rele Wall-E.  Fim sa a kanpe tèt li kòm yon kritik pou denonse kòporatizasyon lavi ki poutan te reyalize pa yon gwo antrepriz ki fè milyon dola ak fim sa. 

Fisher raple nou nan sistèm sa a, gen yon bagay kit se yon liv oubyen yon fim oubyen edikasyon sekondè, li gen enpòtans li sèlman si li pote lajan. Menm sans vèti, valè, moralite yon moun ka kondisyone pou li ka konsome l pou konfò li. Nan sans sa, yon kritik kapitalis se yon ekstansyon menm sistèm l ap kritike a. 

Wakanda Forever ak lòt ki te vini anvan li a, Black Panther, te fè anpil kritik plezi paske yo te wè nan yo yon kritik sevè sistèm kolonyalism lan, maspinay li yo ak destriksyon ki soti ladann lan. Li lojik pou eritaj Ayiti a selebre nan dènye fim Panther la. Ayiti gen patikilarite kote klas esklav te premye gwoup ki te rive batay kont kolonyalism lan ak siksè. Menm si Ayisyen nan epòk sa pa t gen yon wa T-Challa e lame yo pa t gen tout teknoloji fitiris moun Wakanda yo, yo te rive batay kont gwo lame Franse yo pou yo te ka mete sou pye premye nasyon ki fèt ak fanm ak gason ki te esklav ki te nwa an plis. Kòmantè k ap fèt sou revolisyon Ayisyen nan yon pil sèk limite li jeneralman a ras epi viktwa esklav yo rezonnen sèlman a prism ras la. Paske moun yo fyè paske yon pèp nwa rive konbat yon lame pwisan blan ki t ap goumen ak tout fòs yo pou kenbe esklavaj la. 

Revolisyon Ayisyen an tankou anpil lòt bagay nan sosyete oksidantal la, egziste pou li tounen machandiz.

ALAIN MARTIN

Men revolisyon Ayisyen an te plis pase sa. Li te yon pozisyon kont pwofi k ap fèt tout jan ki ap domine lavi nou jounen jodi a. Sete yon batay sanglan kont fè lavi ak tan yon moun tounen machandiz, yon pozisyon san konpwomi kont lide sipèfisyèl lavi an li menm pa gen sans sof si li redui a yon valè nimerik ki gen lyen ak lajan. Revolisyon Ayisyen an materyalize lide revolisyon Bòlchevik la ak lide revolisyon Kiben an yon syèk antye anvan revolisyon sa yo te fèt.  Prezans Ayiti nan yon fim Disney ki pral pote yon dividal milya lajan pou endistri sinema a, se yon rapèl depriman sou jan revolisyon an pa t rive kòche kolonyalism lan jan pou l te fè l la. 

Revolisyon Ayisyen an tankou anpil lòt bagay nan sosyete oksidantal la, egziste pou li tounen machandiz. E nou dwe admèt se yon rezilta trajik pou eritaj revolisyon sa fè pati mesaj antikolonyalism ki pi laj Wakanda Forever a, paske Wakanda Forever se yon propriyete Walt Disney. Zèv fondatè Disney a, montre li se yon move moun. Nan yon atik ekriven Amanda Dobbins ekri nan magazin Vulture, yon ekip evènman prezante li tankou yon moun rasis men tou ki fè pwomosyon rasism nan fim li yo. Mesye Disney jwe yon wòl nan difizyon stereyotip sou moun nwa pandan dènye ane Jim Crow yo. Nan lane 90 yo, ouvriye Ayisyen yo te viv de kondisyon terib nan izin ki t ap pwodui pijama Pocahontas ak Mickey Mouse yo, tout sa pou yon salè mizerab. 

Jodi a, an 2023, sosyete Disney la reprann eritaj zansèt si la yo k ap travay nan izin sa yo, li vlope l nan papye kado epi mete l nan yon fim ki gen siksè epi revann li bay Ayisyen ak moun Nwa nan mond lan ki ap rejwi de akonplisman revolisyon Ayisyen an. Disney pran an konsiderasyon santiman nou sou kolonyalism lan, de kritik nou sou eksplwatasyon moun, de admirasyon nou pou Ayisyen ki kase chenn esklavaj e olye li konsidere n tankou lennmi sistèm li a, li pran nou mete n kòm kolaboratè pandan l ap ranfòse lide antikolonyalis nou itilize fas li yo. Sou pwen sa, Fisher avèti nou, yo kalme nou ak apezman. Anvi nou genyen pou n pran pozisyon kont sistèm lan stisfè pandan na p konsome pozisyon sa sou yon ekran IMAX. 

Sa pa vle di Wakanda Forever pa te dwe mete Ayiti nan fim lan. Se tou senpleman nou dwe sonje nou patisipe, volontèman ou envolontèman nan sistèm nou pretann pa renmen an; sa nou panse pa vrèman konte; nou se yon bann prizonye. Pou mwen te reyalize pwòp fim mwen an sou lokipasyon Ameriken an Ayiti a, mwen te itilize Facebook, Twitter ak Google pou mwen te ka fè mesaj la pase epi jwenn lajan pou reyalize l. Direktè Facebook ak Twitter yo pa fòseman de bon modèl ekite sosyal, paske yo gen kòm misyon vann kalite, vann ide politik yo panse ki nòb. Nou jwenn youn nan kritik ki pi pèsistan kont sistèm kapitalis la nan The Act of Killing de Joshua Oppenheimer e fim sa a finanse pa Fondasyon Ford. E gen anpil kritik enkyetan sou Fondasyon Ford pa rapò ak soutyen li bay sistèm prizon nou gen la a aktyèlman. Fim Ken Burns fè ki rele The Vietnam War a se yon kritik tou kont gwo foli nou gen pou nou fè entèvansyon nan lòt peyi etranje. Li se yon pwodiksyon Public Broadcasting Service e lis moun ak òganizasyon ki finanse yo toujou bay anpil dout. Kidonk, li ka difisil pou nou rive selebre eritaj revolisyon Ayisyen an san nou pa pote yon apezman ak menm sistèm sa a esklav revolisyon an te goumen kont li a.  

Imaj: Smithsonian American Art Museum

#WoyChat with Edwidge Danticat Haitian Art & Memory

“Chèche lavi lòt bò dlo” : Yon entèvyou ak chantè Ayisyen Jean Belony “BélO” Murat sou migrasyon ak gerizon

Misyon m se pou m yon atis ki gen konsyans sosyal  paske Ayiti gen de nesesite byen espesifik. Pou mwen li enpòtan pou Ayiti nan mitan mizik mwen, se pa menm yon chwa, se konsa sa te dwe ye.

BélO

An 2021, Ayiti viv yon seri evènman twomatizan tankou asasina prezidan Jovenel Moïse, yon lòt gwo tranbleman tè manyitid 7.1, 15,000 Ayisyen ki ap mande azil rive Del Rio sou fwontyè Tekzas.

Nan mitan tout twomatis sa yo ki pa janm sispann, Ayisyen ap eseye reoryante tèt yo pou yo ka gen konvèsasyon ki pi fondamantal sou gerizon. Jean Belony “BélO” Murat se yon atis Ayisyen ki sosyalman konsyan e yon anbasadè mizikal ki itilize son tradisyonèl patikilye pou pataje mesaj gerizon kolektif ak konstriksyon kominote.

Nan entèvyou sa, BélO pale de vizyon l sou “chèche lavi lòt bò dlo” a travè travay li. Kòm yon anbasadè Ayisyen, objektif BélO se itilize mizik li pou pataje eksperyans Ayisyen, tradisyon ak kilti lakay ak lòt bò.

Asire w ou tcheke dènye pwojè la, yon rekreyasyon premye albòm li a "Lakou Trankil" - ki te soti 18 lane de sa kounye a - reimajine avèk èd atis fanm tankou Wiliadel Denervil, Queen Bee, ak Sherlee Skai, ki reentèprete mizik sou albòm orijinal la pou fè yon konpilasyon cover ki rele "Fanm Lakou Trankil".

Li pale ak Ashley E. Lazarre, ki doktoran nan enklizyon mondyal ak devlòpman sosyal nan inivèsite Masachousèt Boston.

 Mizik: entwodiksyon Kote Moun Yo - BélO

AEL: Nan yon entèvyou ou te fè anvan, ou te di enspirasyon w toujou soti ann Ayiti. Albòm ou an “Natif Natal” reprezante Ayiti tankou rasin natif natal ou. Menm lè ou eksplore lòt jan mizikal tankou Afrobeats ak Adekunle Gold oubyen mizik elektwonik ak Michael Brun (nou ka konsidere ki pa antre nan nòm ou yo), kèlkeswa bit la lè mwen tande vwa w mwen konnen se BélO. Poukisa li enpòtan pou ou, pou enspirasyon w sòt ann Ayiti?

JBM: Pou mwen onèt ak ou, mwen vreman panse si se pa t pou Ayiti, mwen pa t ap yon atis. Privilèj ki vini ak tit atis la, tankou gwo machin ak liks, okenn nan sa yo pa ale ak mwen.

Misyon m se pou m yon atis ki gen konsyans sosyal  paske Ayiti gen de nesesite byen spesifik. Pou mwen li enpòtan pou Ayiti nan mitan mizik mwen, se pa menm yon chwa, se konsa sa te dwe ye.

Mwen pa t planifye pou mwen te konsa men se konsa sa te dwe ye. Si yo pa t chwazi m pou mwen yon mesaje pou Ayiti, mwen pa t ap yon atis paske mwen pa wè tèt mwen k ap chante bagay sipèfisyèl tankou lajan ou byen bèl kay, bèl machin — se pa moun mwen ye a.

Sa gen plis pase 200 lanne depi endepandans nou, nou ap mennen yon konba difisil, tankou batay kont pwoblèm anviwònman ak dezas politik yo.

Vre rezon ki fè mwen nan mizik se paske Ayiti gen anpil maleng ki merite gerizon, e dwe gen yon moun ki pare pou mete tèt li nan pozisyon pou resevwa mesaj gerizon sa pou li ka pataje l. “Si m pa dòmi mwen p ap fè rèv la”. Menm si tout moun ap fete, mwen dwe al dòmi pou mwen ka reve epi resevwa remèd pou maladi ki nan peyi a.    

AEL: Nan mizik ou, ou pale de gwo enpòtans gwo medya yo bay twomatis Ayiti, ki ka prezan tou nan milye inivèsitè a. Ou defye sa nan chante enpòtans depistaj VIH (sida), sou konn rasin nou,  sou prezèvasyon kilti nou, agrikilti ak sante mantal. Poukisa gerizon an se yon mesaj esansyèl nan mizik ou?   

JBM: Paske gen nesesite a. Medya yo ap chache nouvèl ki pi enterese mond lan—se wòl yo sa. Men ki wòl nou menm Ayisyen? Si moun ap eseye dyabolize w, eske w eseye mete tèt ou nan yon pi bon pozisyon chak jou?

Mwen panse se la pou nou konsantre jefò nou. Mwen dwe reyalis tou pa rapò ak eta aktyèl peyi nou an, men eske gen anpil Ayisyen ki konsantre yo sou pwomosyon bon bagay peyi nou an? Eske nou fyè ase de vodou nou an? Eske nou kite moun konnen kisa li ye? Ou byen nou kite Hollywood montre yon sèl aspè li ?

Se sa k fè lè mwen an toune, mwen toujou mete rad Ayisyen. Mwen toujou mete tradisyon nou yo devan pou tout moun ka konnen se teni tradisyonèl Ayisyen, li sòti nan Vodou, li sòti Ayiti. Mwen vle montre fas Ayiti moun pa janm wè anvan.

Nou bezwen moun tou ki pote plis valè nan lang nou. Gen anpil moun ki di mwen t ap rive pi lwen nan karyè mizikal mwen si mwen te chante nan lòt lang ki pa kreyòl. Mwen toujou reponn yo “mwen rive ase lwen ak lang mwen”. Si plis Ayisyen te kreye plis an Kreyòl petèt li t ap yon lang ki pi popilè pase jan li ye kounye a. Nou pa dwe adapte nou pou tout bagay an anglè epi swiv yon modèl paske n ap pèdi kilti n ak idantite nou.

"Nou se wozo, nou pliye nou paka kase”.

Mizik: Wozo - BélO

AEL: Wozo se mizik prefere m. Li te enspire m nan moman mwen pa t vreman wè limyè nan travay mwen, kote li t ap mennen m ou byen sa mwen te vle fè. Mizik la fè mwen sonje poukisa mwen la, sitou, mwen se Ayisyen e rezilyans mwen gen yon sans ki pi fò anndan m. Ou sòti mizik sa apre goudougoudou 2010 la pou raple Ayisyen pou yo leve kanpe pou tèt yo. Mwen itilize “wozo” kòm konsèp nan rechèch mwen yo lè m ap pale de Ayisyen ak lè m ap pale de moun nou ye. Eske w ka pale de rasin mo kreyòl “wozo” a?

JBM: "Wozo" se yon pye banbou. Pyebwa banbou se yon plant ki ka plwaye men ki difisil pou kase l.

Nan demen goudougoudou 2010 la, mwen te Gwadloup lè mwen te resevwa nouvèl ki di “pa ret Ayisyen Ayiti ankò”. Se konsa yo te prezante m nouvèl la. Yo te di sa fini pou Ayiti e pa t gen moun ki vivan nan peyi a. Mwen te choke men apre sa m panse “foto ak videyo sa yo sòt Ayiti, sa vle di gen o mwen yon Ayisyen ki vivan”. E jan mwen konn moun mwen yo, depi rete o mwen yon fanm ak yon gason Ayisyen ann Ayiti, sa ase pou nou pou fè lavi fleri. Mwen di tèt mwen “nou se wozo, nou pliye nou paka kase”. Wi nou pran yon gwo frap ki fè nou pliye, men jan mwen konn moun mwen yo, nou pa janm kase.

 Mizik: Istwa Dwòl - BélO

AEL: Ann pale de konsèp “chache lavi lòt bò dlo” a. Mwen kwè sa pale avè m pèsonèlman, paske mwen te oblije kanpe sou al Ayiti a kòz twoub sosyal dènye tan sa yo. Gen yon distans ki kreye ant mwen menm ak lakay, ki fè lakay vinn tounen kèlkeswa kote m ale. Kijan ou panse eksperyans “chèche lavi lòt bò dlo” lye ak chache gerizon?  

JBM: “Al chèche lavi” pa vle di al chèche yon plat manje. Nan yon kontèks Ayisyen, yon peyizan ki voye pitit li yo nan yon vil pou yo ka gen pi bon ledikasyon ap “chèche lavi” pou pitit li yo. Peyizan an konsyan limit ak obstak ki gen lè ou pa konn li, kidonk objektif li se fè tout sa l kapab pou bay pitit li plis.

Ayisyen batay pou bay pitit yo yon pi bon lavi pou yo ka pa viv menm mizè yo viv yo. E se menm jan an tou pou Ayisyen klas mwayèn. Paran voye pitit yo lòt bò dlo pou yo ka jwenn pi bon lavi pa paske yo bezwen pi bon manje ak kay men paske yo vle pi byen finanse avni yo pou yo ka vin doktè, atlèt, enjenyè ou byen atis.Y o ale Etazini paske se la yo ka jwenn pi bon ledikasyon ak resous pou aprann. “Al chèche lavi” pou mwen vle di kreye yon dinamik pou yon pi bon avni.  

AEL: Nan videyo “Istwa Dwòl” gen yon sèn kote 5 gason monte yon kannòt pou yo ka kite peyi a pandan fanmi yo ap panike pou kote yo ye ak tout risk potansyèl vwayaj la. Videyo sa ki fèt sa gen pase 15 lanne antisipe sèn nou te asiste lè 15 000 Ayisyen te mache nan Amerik Sid la pou rive sou fwontyè Teksas pou mande azil. Poukisa ou te chwazi montre Ayisyen ki ap kite peyi a nan yon videyo?

JBM: Mwen chwazi montre imaj sa yo paske yon imaj di plis pase plizyè mo. Li enpòtan pou mwen pou m montre Ayisyen gen kèk pwoblèm nou paka kontwole men gen bagay tou nou gen pouvwa sou yo.

Nou dwe konsantre enèji nou sou sikonstans nou ka kontwole. Mizik la mete limyè sou, si peyizan prale, atis ak doktè prale, se paske gen yon pwoblèm santral nan peyi a.

Ki moun y ap kidnape lè tout moun ale? Ou byen eske n ap re panse pozisyon nou pou konvenk youn lòt  pou n kanpe vyolans sila n ap fè sou tèt nou an pou nou ka lakay ansanm ankò.

Gras a solidarite nou ka reziste a lavaj sèvo a epi sove peyi a. Nou konnen nou se “wozo” e nou ka kanpe ankò men li pi difisil pou w kanpe poukont ou pase si yon moun ba w yon kout men. Ayisyen paka konsidere youn lòt tankou yon pwoblèm paske gen anpil lòt faktè ekstèn nou dwe fè fas a yo.       

Nou paka espere lajan pa Western Union ak bèl tenis chak mwa sèlman nan men dyaspora a. Nou bezwen yon relasyon ki pi enklizif.  

 Mizik: Pitit Deyò - BélO

AEL: Nan mizik sa ou elabore sou relasyon dyaspora a ak Ayiti. Kisa yon “Pitit Deyò” vle di?

JBM: Mwen rele mizik la “Pitit Deyò” paske literalman lè yon papa fè yon pitit ak yon lòt moun ki pa madan marye li nou rele timoun lan “pitit deyò”. Men  lè yon manman fè yon pitit deyò maryaj li, nenpòt jan, timoun lan rete pitit byolojik li. Nan sans sa, Ayiti se manman nou e kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, ou p ap janm pitit deyò Ayiti.

A pati de sa, mizik la pale de amelyore relasyon nou ak dyaspora a. Mwen te santi lapèrèz sa kay dyaspora a se pou sa m te ekri mizik “Pitit deyò” a. Nou paka espere lajan pa Western Union ak bèl tenis chak mwa sèlman nan men dyaspora a. Nou bezwen yon relasyon ki pi enklizif.  

AEL: Antwopològ Gina A. Ulysse pale sou nesesite pou “rasanbleman” — “nesesite pou gen konvèsasyon pi pwofon, pi reflechi ak entwospeksyon pami Ayisyen yo”. Li konstate “viv an fragman vin tounen mòd vi nou” e li ensiste pou Ayisyen yo pran poz pou rekalibre. Kijan ou kalibre tèt ou nan moman kriz, pèsonèlman ak antanke atis?   

JBM: Mwen ka di pèsonèlman se yon bagay ki di pou fè. 2 dènye lanne sa yo, mwen vin pi aktif sou medya sosyal yo, pa selman pou pataje atizay mwen, men pou pataje ti mesaj lespwa paske mwen konnen lè ou nan moman kriz li di pou w panse pi lwen pase sitiyasyon an. Men antanke atis, pafwa mwen vwayaje oubyen nanm mwen kite kò mwen epi al chèche enspirasyon yon lòt kote, pa sèlman pou mwen, men pou pataje ak lòt moun; paske pou mwen se sa yon atis ye.

AEL: Se yon bèl mesaj pou fini konvèsasyon nou an. Mèsi anpil paske w te pataje lide w sou "chèche lavi lòt bò dlo".

Imaj: BélO

Zanmi femme: konpleksifye zanmitay fanm ak fanm

Bezwen konsèy, plezi, zanmitay, pwòch, moun ou ka tande, moun ki ka tande w, konsèy, on moun pou depoze zèpòl, elt– alòske, rapò sa yo pa janre alabaz, se nan konstriksyon ak repwodiksyon reprezantasyon kapitalis ak patriyakal sosyete a nou vinn konstwi divizyon janre yo.

WILSON THIERSAINT

Se fè twa semèn depi gen divès apresyasyon sou albòm “LAS”, premye albòm gwoup Zafèm nan. Reginald Cangé ak Dener Céide pwodui yon zèv wòdpòt, ak yon kalite pouse nan son, vwa, modèl kreyasyon, varyete sijè, epi pèmèt moun ki renmen a dirèk yo redekouvri tras on tradisyon konpa ki make plizyè jenerasyon.

Konsiderasyon yo ale nan tout sans, ki fè gen kote yo pwovoke ti djòl pwès, mezantant ak pawòl piman bouk. Gen kote tou yo pwovoke bravo lakontantman ak elòj. 

Depi sòti albòm nan, li pa sispann fè pale de li. Piblik la t ap tann Zafèm, li jwenn zafè l. Li ranmase l. Atant ak resepsyon zèv la anplifye pa rapò ak dènye opinyon anmè jounal kiltirèl Ticket Magazine te fè sou gwoup la pou lane 2021 a ki te pataje lopinyon piblik la an plizyè moso : moun ki dakò, moun ki pa dakò, moun k ap tann ak moun ki di pa anmède yo osnon pa anmède gwoup la. Kidonk, albòm nan enskri nan on espas-tan kote elan apresyasyon oswa dezapresyasyon sou travay gwoup la tanmen depi avan sòti albòm nan, e g on tandans pou enskri tout travay kritik aprè albòm nan nan youn oswa lòt nan kategori sa yo. 

Albòm “LAS” Zafèm nan se yon ti bijou. Se yon zèv atistik ak literè kalite. Relativite ki make chan yo fè tout zèv ka soumèt a kritik on kote, men tou, on lòt kote kreyasyon pèsonaj literè osnon atistik yo anpil fwa se modèl stereyotip pafè on tip sosyolojik idantifyab epi sitiye. Ki fè, modèl reyalite mizik « zanmi femme » ap koud la rekondui on stereyotip diskriminan sou on kategori minoritè, pa nan kalite ak kantite men nan reprezantasyon sosyal ak konstriksyon ontolojik.

Mizik la ouvè ak on kouplè ki pati « bèl fanm ti sèvèl » anchene sou « zanmi fanm konn mete w dozado ak mouche marye w » pase nan « tèt kole fanm ak fanm gen gwo danje ladan ». Li klè reyalite tèks sa ap lonje dwèt la se zanmitay. Men se zanmitay fanm. 

Yon zanmitay ka reyini 2 oswa plizyè moun epi li konsène moun ki nan rapò an senpman ki ka deside oryante l, kontinye oswa kanpe l lè yo vle. Zanmitay sa yo pwovoke sou atirans moun yo ak sou patikilarite yo. Etandone atirans ak patikilarite se reziltant divès pèsepsyon ak reprezantasyon ki travèse sosyete ak moun yo, zanmitay se yon reyalite sosyal. Men tandans pou koupe reyalite zanmitay yo dapre sèks, ras osnon klas fè eko ak on filozofi soupwèl (positivis) ak moral ki janre, klasizan epi rasize rapò yo. E se estriktirasyon sa ki detèmine sa k ap soti nan rapò yo. Ki fè, takse zanmitay fanm kòm derègleman nan rapò yo gen nan mitan yo ak nan rapò yo ka gen ak on gason rekondui divizyon, ki make tout kontradiksyon alabaz ak prensip “tout moun se moun” nan. Li opoze prensip solidarite nan mitan fanm kòm kategori istorikman viktimize, men tou li sitou rekondui on filozofi mizojin kote lanvè diskou sa jeneralize ka mennen nan de fòm vyolans fizik osnon senbolik sou on kategori spesifik puiske se zanmitay fanm alabaz ki « GEN GWO DANJE LADAN ».

Konstriksyon ak difizyon diskou ki kache pwosesis sa a se jisteman sistèm ki konpleksifye rapò fanm ak fanm daprekwa sosyete a pa dijere solidarite fanm (Gaëlle Bien Aimé, Kwonik Yon Dayiva, S2E4). Diskou ki, fè eko ak yon lojik mizojin ankastre, ki defini limit kont yon konstriksyon otonòm nan kò ak lespri. Dinamik la, se kijan veyikile a chak fwa on diskou ki pa repwodui lojik mizojin divizyon janre rapò yo epi ki pa fè obstak ak emansipasyon kategori oprime yo. On opresyon ki a chak fwa kapitalis, kidonk enperyalis, men tou ki pa deparye ak on kouch rasis ak patriyakal.

Sa pa anpeche « Fanm ak gason gen menm bezwen, egal ego » chante nan albòm “LAS” la. Bezwen konsèy, plezi, zanmitay, pwòch, moun ou ka tande, moun ki ka tande w, konsèy, on moun pou depoze zèpòl, elt– alòske, rapò sa yo pa janre alabaz, se nan konstriksyon ak repwodiksyon reprezantasyon kapitalis ak patriyakal sosyete a nou vinn konstwi divizyon janre yo. Bezwen sa defini reyèl la nan mezi reyèl la relasyonèl (Pierre Bourdieu, Raisons pratiques). Pandanstan, move zanmi se on lòt kategori eristik. Se moun ki fè move zanmi, se pa zanmitay fanm ki gen gwo danje ladan. Alòske se jeneralman zanmitay fanm ki pote pèsepsyon move zanmitay nan pwodiksyon kiltirèl ayisyen yo oubyen se zanmi fanm ki responsab nan kreye espas toksik (tripotay) kote zanmitay ap evolye bò kote relasyon koup osnon nan rapò fanm ak fanm. 

Sòti nan “Move zanmi,” Méridionale de Montréal, ; Zanmi femme, Méridionale des Cayes, rive nan cover Zafèm lan. Gen kèk lòt pwodiksyon ki prezante rapò sa yo sou on lòt fòm, pami yo Marcelo Nilecram, Tripotay, ki fè tèt li pase pou naratè pèsonaj k ap fè tripotay la, osnon BélO - Deblozay. Nan dènye tèks la, atis la montre se yon zanmi Loran ki fè madan Loran Kite Loran nan bay miche tripotay, li pa rive konkli zanmitay gason gen gwo danje. Oubyen nan vwa Kwonikèz la, “Poukisa gason ka bro, kolòn alòske zanmitay fanm nesesèman makrèl jan l di nan mizik la ?”

Epi pou fini, lide ki fè konprann zanmi fanm konn mennen l nan pran desizyon k ap kraze relasyon koup yo enfantilize endividi a nan chwa l. San konte « fò w mete kran pou w kapab sipòte » osnon nan pwosesis pou anpeche « fanm pote pantalon » pou gason an, tout fòm eksè, vyolans fizik oswa senbolik posib. Dayè se fòmil vid ki soumèt yo anba entèpretasyon chak konsomatè ki ap gen pou tande mizik la. 

Pou tout rezon sa yo, li parèt yon desizyon pi saj pou staf Zafèm nan retire mizik « Zanmi Femme » nan sou albòm nan pou evite fwase sansiblite yon kategori viktimize istorikman, pou evite melomàn ak patizan bèl mizik yo danse albòm nan ak yon boul nan kè yo, pou evite difize mesaj mizojin epi veyikile mesaj rayiman sou fanm ak solidarite fanm nan mitan yo. Zafèm ta ka sòti yon nòt pou rektifye daprekwa mizik la te plis nan entansyon rann omaj ak Denon Moïse olye ranfòse yon lojik striktirèl k ap fè pwomosyon pou rayiman, limit ak enfantilizasyon yo enpoze fanm nan sosyete kapitalis patriyakal la. Sa ap fè onè ni ak piblik la, ni atis yo, ni peyi a ak fanm. Se yon bèl albòm.

Imaj: Zafem

"Kreyasyon se oksijèn nou" yon entèvyou ak Charline Jean Gilles nan NANM

Sityasyon peyi a paka anpeche nou kreye. Fòk nou kreye pou nou viv paske se de kreyasyon nou viv. Kreyasyon se oksijèn pou nou. 

CHARLINE JEAN GILLES

Charline Jean Gilles se yon kokennchenn atis, ki ap kreye depi plis pase 15 lane nan teyat, chante ak prezèvasyon kiltirèl. Charline kounye a gen yon nouvo kolaborasyon ak atis ak gitaris Toussaint Jimmy Kerby ki rele Nanm — yon selebrasyon eritaj mizikal Ayiti. Pa manke yo si ou gen opòtinite pou gade yo sou yon sèn toupre ou. Nou te gen yon chans pale avè Charline pou nou aprann sou pakou atistik li epi chèche konnen kisa pwojè NANM lan pral pote.

Gen moun ki konnen w sou plizyè pwojè,  nan mizik, nan teyat. Mwen ta renmen konnen depi kilè ak kijan ou te kòmanse?

Kesyon sa tèlman fè m ri paske pou m reponn li gen de seri de dat pou mwen konfime. Men mwen konmanse chante, fè ti teyat nan legilz. An tan ke pwofesyonèl, sa vle di on moun ki chante, fè teyat epi yo peye w pou pyès la, se an 2007 avèk Gaëlle Bien-Aimé. Twoup la te rele Corps et Âme. Donk nou te jwe nan yon komedi mizikal ki rele Don Juan kote m te gen yon wòl nan komedi mizikal la. Apre sa nan menm ane a, avèk Gaëlle nou fe plizyè sèn. Nou fè sèn Mè Bourdon yo. M kwè yon lè nou fè sèn Bellevue…

Nan fen 2007, kòmansman 2008, mwen kontinye avèk Notre Dame de Paris dirije pa Bertrand Labarre, Maître Dechamps epi Stevenson, avèk koregrafi Jean-Réné Delsoin. Repetisyon pou spektak sa te etann li sou 8 mwa. Donk se depi 2007 mwen se yon vrè pwofesyonèl nan zafè mizik, chante epi nan teyat.

Nan yon videyo ou te fè sou paj Tiktok ou, ou te di ou te leve nan legliz, e nan travay ou, nou wè Vodou gen yon gwo plas ni nan mizik ni nan dekò. Eske w ka pale de tranzisyon w si nou ka rele l konsa ant 2 mond sa yo ki totalman diferan?

Woy Magazine avèk kesyon sa nap fè m ri ankò. Se yon kesyon pyèj paske li trè danjere pou m pale de tranzisyon m de legliz la avèk moun mwen ye jodi a. Mwen pa vle di yon seri de bagay ki ta pote prejidis e gen bagay mwen pa vle tout moun konnen.

Sa mwen kapab reponn se wi m leve legliz. Men "leve legliz" sanble ak manman ak papa ki te konn mennen m legliz. Se pa te ka pa m. An reyalite, manman m te konn fwete m lè m te konn retounen lakay mwen ta soti legliz ou byen si m te rete nan sèvis legliz la twò ta. M te konn pran baton pou koze legliz sa men mwen te toujou atire pa yon fòs mistik ke m pat ka vreman eksplike.

M te santi ke gen plis pase  sa m wè, plis pase jan yo ban m li an, epi m ap chache, m ap poze kesyon. M vinn konprann mwen te gen yon espirityalite anndan m, yon bagay anndan m, yon limyè anndan m m ap chache. Se te legliz m te konnen, donk mwen te trè relijye.

Men an menm tan ke m te legliz, mwen te konn ap fè de seri de travay, de seri de wout mistik ke mwen pat fin twò konprann. Gen yon tranzisyon ki fèt epi mwen reyalize pa gen lontan, vwayaj espirityèl sa te komanse depi anvan mwen te konsyan de li. Men, li fèt atan e mwen santi m byen.

Mwen dwe di ke vwayaj mwen fè nan espirityalite te toujou rasyonèl. M fè yon pakèt tan m ap etidye teyoloji pou m konn la pawòl paske mwen santi gen yon bagay ladann. 

M panse kesyon sa mwen dwe reponn li pou mwen. Pou mwen di byen fò sa mwen te sipoze di epi admèt depi tout etan. Mwen te toujou atire pa espirityalite.

Dènyeman, nou dekouvri pwojè NANM ou fè an kolaborasyon ak Toussaint Jimmy Kerby. Kijan pwojè sa a te kòmanse? E èske nou deside kontinye ak li nan tan ki ap vini yo?

Toussaint Jimmy Kerby. Photo credit: NANM

Ayibobo pou kesyon sa. NANM se pa yon pwojè mwen fè an kolaborasyon avèk – se te de pwojè diferan ki vin fizyone ki vin fè yon sèl. Donk se te pwojè sòti lekòl atizay ENARTS pou Toussaint Jimmy Kerby, ki te gen pou objektif entegre pwojè amonik avèk tanbou epi rit lakou yo. 

Pou mwen menm se te fè yon travay sou mizik Vodou, sou tèks yo sitou, sou atikilasyon yo, sou wòl chante yo, pou montre nou kapab chante Vodou. Chante yo bèl, nou kapab byen chante yo e byen atikile yo. Sètènman gen de seri de pawòl ki andaki. Men sa moun genyen pou yo konprann y ap konprann paske jan mizik yo ye a yo trè difisil pou chante, sou akò pa posib.  Men yo gen anpil pwofondè, yo gen anndan, yo gen nanm. 

Donk se te sa ki te pwojè pa m, epi aprè sa, refè de seri kè, koral, peristil nan lakou yo. Fè yo redekouvri yon lòt fason pou yo apresye mizik yo lè y ap chante l pou yo kapab souse nanm avèk pawòl ki genyen anndan mizik lan. 

Nou tou lè de vinn rankontre youn ak lòt epi nou mete ansanm e nou deside fè yon bèl pwojè. 

Sitiyasyon sosyo politik ak ekonomik peyi a konplike e li afekte ni kreyasyon atis yo ni pèfòmans yo tou. Kijan w fè rive resouse w pou w vanse? Ki kote fòs ak kouray sa a sòti ? Kisa ki pèmèt ou kenbe antank atis nan peyi isit?

Mwen se yon atis, yon chantè, yon komedyen, mwen fè masaj terapi, atis makiyaj, administratè, lengwis epi mèt seremoni pou maryaj ak lòt evènman. Men tout domèn mwen sot site yo la, sitiyasyon sosyo ekonimik peyi a afekte yo. Pa gen djòb.

Mwen pa konnen men petèt li se yon ensten siviv m ta rele sa. Epi avèk tout ginen yo ki antoure nou ki ap veye pou nou ka jwenn kichòy pou nou kanpe, pou nou vanse, paske bagay yo konplike efektivman.

Mwen pa atis sèlman, mwen se yon manman tou. M gen yon pitit fi 12 lane epi mwen gen yon nyès tou. N ap viv ansanm e bagay yo konplike. Sa ki pi konplike a se ide kreye nan kontèks sa kote gen timoun ki anvi al lekòl, ki anvi soti, ki bouke rete nan kay la.

Gen delè ou ta anvi fè yon seri bagay avèk yo men finansyèman, gen bagay ou pa gen mwayen. Sou yon bò se yon bon bagay li ye tou, paske ou disipline yo tou. Men li konplike.

M pa kwè m kapab di kijan m fè pou m resouse m, men yon sèl bagay m kapab di, m paka pa vanse.  M pa gen dwa kanpe. Fòk mwen vanse. Paske chak pa mwen leve mwen mete l atè mwen p ap vanse pou mwen. M ap vanse pou pitit mwen yo, m ap vanse pou lantouray mwen, m ap vanse pou tout yon peyi. Pou yo di o mwen gen yon bagay fanm sa te kite, kèk grenn moun ki konnen m nan kominote m…

Pafwa ou santi ou ta lese w ale. Ou kriye nan mitan lannwit men tout pou kont ou paske nan demen maten ou gen tan kanpe ankò, paske fòk ou vanse. 

Nou wè w sou pwojè Liminasyon - Bazou an e nou dekouvri pwojè w ki rele NANM, sou ki pwojè nou ka wè w ankò? Eske w gen pwojè w ap travay sou yo nan moman?

Mwen te sou pwojè Liminasyon an kòm chantè e wi se yon bèl pwojè. Sètènman n ap kapab dekouvri li, men NANM se pwojè pa nou, se ti bebe nou. Li trè enpòtan pou nou souliye NANM se pa sèlman pwojè pa m men pwojè Kerby ak Charline. Mwen se NANM, NANM se mwen.

Nan yon ti tan nou gen yon konsè an kolaborasyon avèk FOKAL. Se yon konsè live ki genyen pou li soti trè byento. Nou gen lòt konpayi nou nan kolaborasyon ak yo pou nou fè lòt konsè live. 

Nou swete tou fè yon ti travay tou piti sou Gede a kote. Nou ta renmen piblye yon bèl ti travay nou vle fè nan studio pou Gede yo sou paj NANM yo. Se sa ki fè n ap toujou ap ankouraje moun yo abone avèk paj yo. Sou Youtube se NANM, Facebook se @nanmvodoua, pou instagram se @nanmvodoua.

Gen lòt pwojè k ap veni, sitou avèk Gaëlle Bien-Aimé. Epi nou sou yon pwojè de kreyasyon malgre konfinman avèk FOKAL. Se yon pwojè ki rele Dekonstriksyon ki te etann li sou 2 lane. La nou nan stad kreyasyon atistik lan. M kwè pral gen pèfòmans sitou nan festival trè pwochènman. Aprè sa gen pwojè ak lòt moun epi gen pwojè pèsonèl tou donk gen anpil bagay k ap vini e nou pral wè m ankò.

Ayibobo.

Foto: Cassendy Lafond pou Woy Magazine

Mar 28, 2023

Ti Jak devan imigrasyon ak Joe Biden

Jakson pa gen moun lòtbò, ou pa janm konnen sa k ka rive li di fò l mete tout chans nan kan li.

6zè nan maten, Jakson fin detire, li leve chita epi l souke tèt li. Malgre jan l kouvri rès manje a, sourit yo manje l. Li f on souri, apre tou fòk ti bèt yo manje. Se kreyati Bondje yo ye menm jan avè l. Li sispann konte depi ki lè li wè dlo nan tiyo a. Sa ki nan doum nan tanmen fè bèt. Li pase anba bra l, yon bwòs nan tèt li, chemiz li byen chita anndan pantalon l.

Li  pare pou l pran lari.  Li gen randevou ak Jan Bon-Sèvis devan imigrasyon. Apre plis pase 6 mwa l ap tann, jodi a li deside fò l jwenn paspò li. Jakson pa gen moun lòtbò, ou pa janm konnen sa k ka rive. Li di fò l mete tout chans nan kan li.

5 janvye 2023 a, selon jounal Le Nouvelliste ki t ap site yon atik jounal etazinyen Miami Herald,  nenpòt ayisyen ki swete sa ka mande yon viza pou l al viv Etazini depi l gen yon parenn oswa yon marenn ki dakò  esponnsorize l. Men se pa yon baryè ki louvri san kondisyon. N ap analize dosye yo youn pa youn anvan n aksepte moun k ap mande a vin tabli kò l lakay nou. Se sa Prezidan Joe Biden deklare.

Jackson fèt nan lane 1994 nan komin Twou-Koukou. Li ak manman l rantre Pòtoprens yon mwa Desanm pou yo te vin akeyi Prezidan Jean-Bertrand Aristide merin etazinyen t ap mennen vini apre militè san manman te fin pouse do ti pè a sou pouvwa a pèp la te remèt li demokratikman 16 Desanm 1990. Papa Jakson te yon lavalas wouj, li pèdi lavi l yon dimanch aprèmidi pandan l pral nan gagè ak kòk kalite l anba bra l. Epòk sa a, Cedras te pase tout militè lame d Ayiti lòd pou pa kite okenn kòk chante menm douvanjou paske Aristid te itilize kòk la kòm senbòl li. Papa Jakson te komèt pi gwo krim lavi l : Li lavalas epi l pran lari ak yon kòk anba bra l nan peryòd koudeta.

Manman Jakson pa la ankò men miche pa bliye ti sware lalin plenn lè malerèz la te konn ap chante l istwa lavi yo anba galri lakay yo nan Matisan.

Paspò sa a, fòk li jwenn li.

Se tankou s on devwa pou l onore memwa manman l ak papa l ki pèdi lavi yo nan chèche lavi pou li. Dayè, manman l te fè tantativ ale Etazini nan bato nan lane 2000, se gad kot yo ki pat kite l rive.  Li pa bezwen konnen, fò l rive Etazini, fò l al wè ki sa k fè moun sa yo toujou pare pou mete bouch yo nan koze Ayiti. Lè se pa prezidan yo mennen vini, se baryè lakay yo yo louvri ba nou. Ala de moun gen bon kè sa! 

Ayisyen pa moun ki vle wè byen pou kretyen vivan parèy li. Jakson twouve se derespektan sa. Moun nan pa konn ki sen ki mete l deyò granm maten sa a,  li tonbe rakonte l koze l pa mande. Li tande radòtè a ap di pwogram Biden nan sispèk kou chen k pete legliz. Ki byen Frize te fè pou koukou pou koukou t a fè pitit li pou l rele l Frizelya!!!  Premye kesyon l poze : Pou ki sa, menm gouvènman ki te imilye plis pase 10 mil ayisyen anba pon nan vil Del Rio eta Texas se li menm ankò ki vin ouvri baryè l bay moun yo ? Li kontinye pou l di : “menm majistra vil la, mouche Bruno Lozano, lonje dwèt sou konpòtman penyen lage gouvènman federal la alòske kriz imanitè a ap anvlimen.”

"Se pa renmen granmoun dètè a renmen nou, se manda l l ap pwoteje, eleksyon pral rive"

Se moun ki gen koze wi, li pouse pi lwen pou l di menm moun ki nan kan Biden te fè konsta a. Yon manm kongrè a  ki sòti drèt nan pati demokrat la e ki pa janm mete dlo nan bouch li lè pou l defann dwa moun ki pote non Ilham Omar deklare sou kont Twitter li : “migran ayisyen sa yo soufri twòp pandan vwayaj danje sa pou rive sou fwontyè nou an. […] Konpòtman penyen lage ki genyen nan aksyon yo bay gwo kè kase”.

Jakson pa kontan jan l ap chèche dekouraje l la men li pwoche pi pre pou l tande. Sa fè prèske inèdtan karannsenk minit  Bon-Sèvis di l pòs machan li poko janm rive. Enben Ti Jak ap pwofite pase tan an nan tande aryennafè a. Li menm, sanble se sa l fè pou vi l.

Li rale souf li epi l lage yon bonm : “Se pa renmen granmoun dètè a renmen nou, se manda l l ap pwoteje, eleksyon pral rive.”

Pawòl la fann devan imigrasyon an an de bout. Yon bò pare pou lapide l, yon lòt bò ap bat bravo lakontantman pou li. Si yo tout dakò yo pa ka rete nan sitiyasyon malouk sa a ki gen nan peyi a depi lè pwoblèm gang ajoute sou move lavi ap kokobe yo a, genyen ki aksepte poze pwogram nan kèk kesyon. Dayè, yo p ap peye pou sa.

“ Daprè eli repibliken Ted Cruz, se yon kriz iminitè Biden pwovoke alòske Donald Trump li menm te fè batay kont imigrasyon ilegal la tounen chwal batay li.” Li di li  li sa ak de nawè l nan yon jounal etranje ki pote non Radio Canada, li pa ka pa fè koze a konfyans.

Depi non advèsè Biden site plim pa ka pa leve sou do l, fòk li leve pye l; radyodjòl la k ap pale toujou. Alèkile, se kon sa devan imigrasyon rele l. Kou k pral touye koukou a nèt  la se lè l di nan lane 1994, Joe Biden deklare devan tout moun si Ayiti ta koule nan loseyan an sa p ap deranje pèsòn, ki sa k fè jodi a la li kanpe an papa bon kè k ap simaye bonbon pou ti moun? G on bagay yo pa di n mezanmi!  

Ti Jak pa gwo gason, li pa ka pran pouse. Telefòn Bon-Sèvis pa sonnen menm kounya; chak lè li rele l se vouzave aksede y ap plede di l. Li deside mete fòs li pou l rantre nan imigrasyon. Lè l wose, li wè 2 moun pa ka pase nan ti baryè a an menm tan. Ajan sekirite a gentan pran yon bon pati nan wout la. Nan lespri l l ap mande si gwo zannimo sa l ap gade a  ka bese lase lasèt li. Men la a se li ki Sen Pyè a, se li k ap bay viza ak refi pou paradi fò w pase devan l kanmèm.

Ti Jak santi pye l ap pèdi tè, li pa moun k ap priye, li konnen trè byen se pa anlèvman ki kòmanse. Dayè, la a pa legliz, se chak koukouy klere pou je w. Li poko menm fin konprann, li santi yon koko makak tonbe ant zepòl li ak bò zòrèy li, moup. Epi l wè manman l k ap souri ba li nan yon wòb tou nwa ak yon gode blan nan men l epi yon fènwa anvayi l. 

Metye Ti Jak se plante ak pran swen  flè. Chak maten se yon plezi pou li pou l kite lakay li Bèlè, desann Chanmas epi kannale monte Bwavèna kote kliyan l toujou ap tann li. Se pat yon metye ki rapòte l gwo lajan men ti sa l ranmase yo te penmèt li peye sòl epi pran swen tèt li piti kou l ye. Sa fè, li te toujou fè l ak souri sou vizaj li. Lè l ap manje, li di se fòs kouray li, li fè sa ak fyète.  Ti Jak pa gen ni madanm ni pitit; anvi kite peyi a kenbe l nan gòj depi lè li te wè yon machin ofisyèl ki gen ladann yon politisyen ak yon fanm blan debake nan zòn nan epi lonje yon sak lajan ak gwo zam bay yon ansyen polisye ki konvèti tèt li an chèf brigad pou pwoteksyon katye. Se te yon sware nan mwa Fevriye 2020.   

Ti Jak pa mande anyen sinon viv nan peyi l san kè sote epi kontinye pran swen ti pye flè kliyan l yo. Sitiyasyon sa ki gen la a pa bon pou li. Li pa konn ki jou y ap vin mande l rantre nan lame a, li temwen sa k rive tout moun ki pa dakò.

Kèk jou apre, li wè fanm blan sa k ap di nan tele ki jan ansyen polisye sa a s on ajan lapè. Se devan de grenn je l li wè ki jan miche ak sòlda li ap fè move trezaksyon nan katye a. Yo touye, vyole lè lide yo di yo. Sa k pi di a, katye a vin tounen baz pou sere moun yo kidnape. Pi rèd toujou, yo pa janm p ap ekspoze pouvwa ak lajan yo genyen. Sa lakòz anpil ti jèn fanm kou gason k ap chèche alemye pote tèt yo ba yo.

Chak jou lame a ap ogmante. Ansyen polisye a rele tèt li dezòmè revolisyonè. Li deklare se sou fyèl li pou yo ta pase pou yo jete prezidan l la. Ti Jak pa mande anyen sinon viv nan peyi l san kè sote epi kontinye pran swen ti pye flè kliyan l yo. Sitiyasyon sa ki gen la a pa bon pou li. Li pa konn ki jou y ap vin mande l rantre nan lame a, li temwen sa k rive tout moun ki pa dakò. 

Dezè nan maten, yon rafal katouch reveye miche, li santi bò kou a rèd. Vwazin nan te mare fèy bouldimas pou fonn boul la, lè l jou fòk li degaje l jwenn kòb pou l achte fèy pou l pran yon beny. Li pa ka retire nan lajan pou l peye Bon-Sèvis la. Pawòl radyodjòl yo pa sispann fè mikalaw nan lespri  l. Apre tou li panse radyodjòl la gen rezon wi men li menm li konnen l pa gen tò nonplis. Si lakay pa bon fò l al gade kote solèy leve. Yo di l nan peyi Etazini pa manke flè ak bèl solèy. Petèt l a jwenn ti degaje pou l pran swen tèt li. Li di ak tout kè l, kou l sou de pye l, l ap reprann wout la. L ap monte lali jouk li rive devan imigrasyon. Fwa sa a, l ap rantre kanmèm. 

Imaj: AFP

Mawon Ann Di Èzli

Koleksyon foto

Kanaval - Okap, Ayiti

Christian Hayden

Kanaval - Okap, Ayiti

Christian Hayden

Kanaval - Okap, Ayiti

Christian Hayden

Fresko - Okap, Ayiti

Thierry Prinston

Fresko - Okap, Ayiti

Thierry Prinston

Fresko - Okap, Ayiti

Thierry Prinston

Labor Day Parade - New York City

Gabrielle Pascal

Labor Day Parade - New York City

Gabrielle Pascal

Labor Day Parade - New York City

Gabrielle Pascal

Festival 4 Chemins - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Festival 4 Chemins - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Festival 4 Chemins - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Festival 4 Chemins - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Festival 4 Chemins - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Festival 4 Chemins - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Collège Florian - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Collège Florian - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

Collège Florian - Pòtoprens, Ayiti

Vicky Onélien

NANM - Pòtoprens, Ayiti

Cassendy Lafond

NANM - Pòtoprens, Ayiti

Cassendy Lafond

NANM - Pòtoprens, Ayiti

Cassendy Lafond

Ekri pou pwopaje vid: yon entèvyou ak otèz dramatik Andrise Pierre

Gen dwa se pou sa se teyat mwen ekri, paske mwen bezwen vid mwen yo pwopaje epi rezonnen depi nan moun k ap li l la, ki deside pote l bay de komedyen ki pral repete l pou pote bay yon piblik.

ANDRISE PIERRE

7yèm edisyon Festival Théâtre En Lisant fèt dènyèman sòti 12-18 desanm 2022. Direktè teyat ak komedyenm Eliezer Guerismé, te fonde Festival teyat sa nan lane 2016. Dènye edisyon festival la te abòde tèm Vyolans ak Kontestasyon. Yo eksplore tèm sa nan travay Andrise Pierre atravè plizyè aktivite tankou pyès teyat ak lekti, yon seri konferans, yon seri anliy ak yon konsè. Andrise Pierre se yon otèz teyat Ayisyen ak pwofesè literati ki kòmanse resevwa rekonesans entènasyonal. Pyès teyat li yo atake pwoblèm sosyal vyolans nan fanmi an ak nan sosyete a.

Kòm envite donè, de nan twa pyès teyat Andrise yo, Le Chêne Endormi ak Vidé mon ventre du sang de mon fils, te jwe. Li te fasilite tou yon atelye ekriti teyat pou fanm ki vle evolye nan domèn sa, e li te ekri yon seri anliy ki te pwodui ak elèv lekòl teyat ACTE yo. Woy Magazine te chita ak Andrise Pierre pou n diskite eksperyans li kòm envite donè En Lisant 2022.

Feb 16, 2023

Ann Ayiti, teyat se yon atizay ki vivan

Yon eksperyans vivan, “Dechouke Lanfè sou Latè” te jwe nan piblikla e te mete an sèn yon seri fanm ki te nan prizon ak aktè/komedyen pou montre vyolans reyalite prizon ann Ayiti.  Festival teyat 4 chemins an te fèt Pòtoprens, Ayiti soti 21 Novanm pou rive 3 Desanm 2022.

Yon apremidi anba yon bèl solèy, o mwen 60 moun rasanble nan ti lakou Yanvalou Café a ki se espas ki pa ofisyèl sèn teyat yo. Se lansman 19 èm festival teyat 4 chemen ki fèt chak ane men pa t janm garanti espas la t ap plen konsa. 

Pandan dènye 3 lanne sa yo, Pòtoprens,  kapital Ayiti a, anvayi ak gwoup bandi kriminèl. Yo ap teyorize chak jou pi plis sitwayen yo, yo komèt kidnapin, agresyon seksyèl epi brake moun ak zam, sa ki anpeche moun yo sikile jan yo ta vle depi asasina prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021 an. Anpil sitwayen kite kay yo dènye mwa ki pase yo nan chache sekirite lòt kote - nan kèk ka, yo al viv sou plas piblik paske katye yo a vin twò danjere.  

" Vil sa fè pè nan jou sa yo" Évens Dossous di. Li se yon edikatè ki vin gade lekti " Port-au-Prince et sa douce nuit", yon nouvo pyès dramatij  Gaëlle Bien-Aimé ekri. Anvan m kite kay la apre midi a, m mande tèt mwen: " eske li vreman nesesè pou m pran lari a? Eske y ap kidnape m?"

Atizay, espesyalman teyat, gen yon istwa rezistans politik ki rich ann Ayiti. Menm si sitiyasyon ensekirite sa nou pa t janm viv li gen plis pou wè ak yon mank lidèchip - pa gen eleksyon depi 2016 - pase opresyon ak represyon sitwayen yo te viv anba diktati ki pase yo. Foul ki te nan Yanvalou jodi a montre a klè teyat la rete yon zam rezistans. 

" Nou konnen, lavi pake rezime a ensekirite a" mesye Dossous di. 

Moun ki ale nan teyat apre yon evènman nan Yanvalou Café nan Pòtoprens,  Ayiti. Festival teyat 4 chemen an mete ansanm dramatij Ayisyen, komedyen ak konpayi dans pou lekti, teyat ak pèfòmans nan lari.

Yon atizay vivan nan mitan vyolans.

Yon pil grafiti atis ak pansè nou konnen kouvri mi beton Yanvalou yo, pami yo gen chantè Nina Simone, dansè Ayisyen Viviane Gauthier ak antwopològ nasyonal Jean Price- Mars. Pandan lansman an nan mwa novanm, piblik la pase nan lakou a epi ale nan restoran an kotete gen chèz ki te enstale an fas 2 pipit wo. 

Lekti a konsantre l sou 2 jèn ki damou fou nan yon kay nan Pako, yon katye plen pyebwa ki te yon zòn moun rich anvan nan kè Pòtoprens lan. Li mete aksan sou kantite defi lavi reyèl la, tankou frajilite kapital la ak difikilte ki gen pou kite kay ou pou w manje, vwayaje, ale lekòl oubyen nan travay. Men li pale tou de kestyon ki pi laj tankou jan nou renmen - renmen tèt nou ak lòt yo - lè yon vil ap depafini anba je n. 

"Teyat ede m poze kestyon sou lavi m" se sa madanm Bien-Aimé , dramatij la, te di . Li se dezyèm Ayisyen ki jwenn suivi suivi gwo pri RFI teyat la, yo bay atis frankofòn k ap monte yo. " Teyat se yon atizay vivan" li di. 

Depi asasinay prezidan Moïse la, gwoup bandi yo pran kontwòl 70% kapital la. Depi lè yo te bloke tèminal gaz nan mwa septanm lan, sa ki te anpeche transpò ak endistri sou tout teritwa nasyonal la fonksyone, jouk rive nan pran kontwòl katye kle, bandi yo simaye dezòd ak grangou epi rann pi grav kriz politik la. Dapre Nasyonzini, a pe prè 20 000 Ayisyen gen sou tèt yo menas grangou e twa ka moun sa yo nan kapital la.

Nou jwenn ensekirite a tou nan itilizasyon vyolans seksyèl kòm zam, sa ki fè anpil moun deplase kite zòn yo. Ka kidnapin yo ogmante 45% nan Pòtoprens lan nan dezyèm trimès ane 2022 a dapre RNDDH , yon òganizasyon Ayisyen ki pa gouvènmantal. Anpil Ayisyen panse lapolis, politisyen ak elit  ekonomik la ap pwoteje bandi yo.

Moun nan asistan lan k ap reyaji a blag nan pyès teyat "Kalibofobo" a. 

"Leta dakò retire tèt li pou gwoup bandi yo kapab kontwole sosyete a." Deklarasyon Sabine Lamour, yon sosyològ Ayisyen nan inivèsite leta Ayiti a, fè pandan l ap site rechèch prensipal òganizasyon pou defann dwa moun lan fè, RNDDH. 

Kòmansman mwa oktòb pase a,  gouvènman enterim Ayisyen Ariel Henry a, mande ofisyèlman yon entèvansyon militè etranje pou fè fas kare ak pwoblèm ensekirite a. Malgre dezòd jeneralize a,  anpil moun voye jete lide sa. Vyolasyon dwa moun ak kolera etranje ki t ap travay pou misyon estabilizasyon ONU yo te pote nan peyi a an 2010 la kite yon enpresyon negatif ki pa janm ale sou enjerans entènasyonal la. Semenn sa, Etazini akize 4 moun ki enplike nan asasina mesye Moïse, sa ki montre difikilte sistèm jidisyè Ayisyen an. 

Micaëlle Charles, komedyen ki ap entèprete wòl prensipal Zily nan pyès jodi a,  rekonèt anpil bagay chanje nan teyat Ayisyen an pandan dènye lanne sa yo. Li menm ak tout ekip ki mete sou pye spektak jodi a pran de prekosyon sekirite yo pa t janm imajine pran anvan, tankou dòmi nan lokal yo repete à. "Sa ede m kenbe malgre pwoblèm peyi a ak tout lòt pwoblèm lavi te ka gen pou mwen." Li di sou pasyon li gen pou metye a. 

"Sa tris pou atis ak òganizatè kiltirèl yo dwe panse a sekirite nan nivo sa." Sa se pawòl Éliezer Guérismé ki se direktè atistik En Lisant,yon festival teyat. Dènye lanne sa yo festival yo kòmanse fonksyone dapre lòt règ yo bay tèt yo, tankou òganize aktivite sèlman lajounen pou spektatè yo ka gentan rantre lakay yo anvan solèy kouche. Mesye Guérismé esplike n: "Sa vin fè nou paka fè okenn eklaraj sou sèn lan, men nou genyen pa rapò ak sekirite sa ki pèmèt piblik la fè n konfyans." 

Komedyen Kav-Alye Pierre ki t ap jwe yon gad prizon yo touye nan "Dechouke Lanfè sou Latè" Cie Hors Temps prezante.  Pèfòmans lan te fè pati festival teyat 4 chemen nan Pòtoprens, Ayiti ki te fèt 21 novanm pou rive 3 desanm.

Lakilti tankou zam rezistans?

Itilize teyat pou kritik sosyal ak politik pa sèlman fèt ann Ayiti, se yon tradisyon ki la depi lontan. Teyat se " yon zam sansibilizasyon mas la ki bay spektatè a zouti pou li libere l", Félix Morisseau-Leroy te ekri sa an 1955. Li te youn nan premye ekriven peyi a ki te te kreye pyès teyat an kreyòl.  Pandan rejim Duvalier yo, yon diktati papa ak pitit gason ki te kòmanse an 1957 e ki dire 30 lanne ann Ayiti, yo t ap pèsekite Morisseau-Leroy ak lòt moun, sa ki te fè yo te oblije egzile akòz kòmantè sosyal yo te konn fè, sa ki te fè yo parèt tankou mesaj kont gouvènman an nan teyat yo ak literati.  

Karakteristik rejim Duvalier yo sete vyolans ak represyon libète lapawòl. Youn nan zèv Morisseau-Leroy ki pi popilè se tradiksyon kreyòl trajedi Grèk "Antigòn" lan, yon pyès kote diktatè a mouri a kòz ògèy san mezi li. Sete yon zak rezistans pou mesaj la - ak itilizasyon lang tout moun pale a. 

"Pran konsyans sa nou ye, sitiyasyon nou nan mond lan, wòl nou nan sosyete a, se debarase n de ilizyon tout kalite pouvwa yo enpoze nou." Sa se deklarasyon Joubert Satyre yon espesyalis teyat Ayisyen te fè nan Christian Science Monitor fen ane pase. 

Li kontinye pou l di, jodi a ankò, teyat nan peyi Ayiti jwe yon wòl enpòtan nan lit sosyal ak politik yo. 

"Se kote liberatè ak kritik teyat la ki te rann li e ki toujou rann li sispèk nan je otokrat yo". 

Spektatè yo ap asiste " Inchallah" yon pèfòmans nan lari a ki te fèt nan 19èm festival teyat 4 chemen nan Pòtoprens, Ayiti. 

Komedyen Rolando Etienne (a gòch) ak Chelson Ermoza ap jwe yon tèks Franketienne  "Kalibofobo" pandan festival teyat 4 chemen. Pyès teyat la pale de yon politisyen Ayisyen nan kòmansman 21èm syèk la ki gen foli san limit.

Dapre Madan Bien-Aimé, leta pa bay anpil enpòtans a atizay nan dènye lanne sa yo. Li menm li angaje l de pye fèm nan yon "teyat k ap pwoteste". Li kontinye pou l ajoute, li pa konn si zèv li yo fè gouvènman an pè menm jan ak metòd aktivis li a ki solid. Pandan ete 2018 la, g on gwo mouvman batay kont koripsyon ki te demare pou mande kont sou gagòt gouvènman an fè ak plis pase 3 milya dola. Ayisyen te plen lari a pandan plizyè mwa, men asasina prezidan Moïse ak vyolans gang yo ki ogmante mete fen a peryòd kle pwotesasyon sa yo. 

"Jodi a, leta pa menm ale nan teyat" Gaëlle Bien-Aimé di. 

Mesye Guérismé di gen anpil Ayisyen ki ale nan teyat, pami yo anpil atis ak etidyan ki swete fè metye atizay la. Malgre tout jwa espektak pote jodi a, vyolans ak kriminalite patisipe nan degradasyon teyat vivan an. Se vre, yon gouvènman ki nan dezòd sa fè pati pwoblèm lan: envestisman nan tout sektè, depi nan enfrakstrikti rive nan ledikasyon, pa sifi. Malerezman sa afekte sal teyat yo ki fèmen ak Ayisyen ki te enterese a metye a pito al fè yon lòt karyè. 

Li kontinye pou li esplike "kestyon finansman an te toujou yon pwoblèm delika, men jounen jodi a li vin pi grav a kòz enstabilite politik ak sosyal la." Ekip li a ap eseye jwenn yon seri plan kreyatif pou ki finanse yo menm  festival la. 

Komedyen k ap pèfòme "Inchallah" ki se yon kowegrafi Daphne Menard. Mouvman yo montre jan Ayisyen ap batay chak jou fas a vyolans lan.

Anpil bagay depann de lanmou istorik Ayisyen genyen pou teyat ki dwe kenbe nan moman difisil sa. 

Stephanie Jean yon anplwaye ong ki nan 30 lanne, fè 20 minit wout dèyè yon moto pou li ka vin gade festival 4 chemen an. Sete premye vre sòti li depi yo te fin kidnape yon paran  pwòch li nan mwa dawout la. Li pa t fin si si li te dwe vini ou pa. 

"Lakilti se youn nan mwayen ki pi fò pou n reziste" Madan Jean di, epi li ajoute: "Nan yon kontèks politik ak ekonomik ki difisil konsa, atizay se jan pa nou pou nou raple tèt nou ak mond lan nou vivan".

"Mwen vini la pou m ka santi m vivan".

Repòtaj sa te pwodui ak sipò Round Earth Media Program of international Women's Media Foundation [ Medya Latè Won nan Fondasyon Entènasyonal Fanm pou Medya] an patenarya ak Woy Magazine. Melodies Cerin kontribiye nan reputation la depi Pòtoprens; Nathalie Cerin tradui franse a anglè.

Imaj: Victoria Onélien/Special pou The Christian Science Monitor

Yon entèvyou ak Alain Martin, reyalizatè "The Forgotten Occupation"

Okipasyon Afganistan an te pandan 2 dizèn lanne, yon lanne an plis de okipasyon nou an. Eske Afganistan pi byen kounye a? Pòtoriko se yon teritwa Etazini. Eske yo miyò?

ALAIN MARTIN

Dokimantè Alain Martin an The Forgotten Occupation eksplore istwa ki antoure lokipasyon 1915 lan pou bay limyè sou sa nou ka aprann jodi a pandan n ap chèche jwenn yon fason pou n sòti nan yon lòt peryòd kriz nan istwa nou. Nou te chita pale ak Alain Martin pou aprann plis sou efò sa a, ekip li a, sa li espere ke nou ka tire nan travay sa a.

Nou vreman eksite pou n resi ka gade apèsi pwojè sa a! Fim sa gen lontan l ap fèt, ki pi gwo leson ou aprann pandan tout pwosedi a?

Resous kreyatif enpòtan menm jan ak resous finansyè. Mwen sonje aprè nou te fin jwenn $25,000 nan leve fon sou Kickstarter, nou tout te kontan epi panse nou te bon. Men apre premye montaj la, fim lan pa t bon e nou rann nou kont li te manke nanm, nan direksyon atistik la. Li pran nou yon lòt 5 lanne pou nou jwenn sa nou te vle di ak poukisa nou te vle di l. 

Kidonk m ap di, youn nan premye leson nou aprann la a lè n ap fè yon fim, se konnen kisa nou gen pou nou di, poukisa nou vle di sa epi kijan ou vle di li gen anpil enpòtans. Apre sa, kèlkeswa karaktè istorik la, fim fèt pou divètisman, pou angaje koneksyon ak piblik la. Otan sa ka pwoblematik, konekte epi emouvwa piblik la pi enpòtan pase eleman reyèl fim ou an. 

Pou fini, kalvè a p ap vini, ou se kalvè w ap chache a.  N ap tann yon sèten moun vini pote maji a,  nou panse nou te jwenn ase lajan pou moun k ap pote maji sa a. Men, a la fen, moun sa a pa janm parèt e nou sove pwojè a nou menm. Kidonk nan lavi sa, moun pou w plis konnen se tèt ou. 

Pale n de ekip ki pèmèt fim sa a posib. 

Hans Augustave te vreman endispansab nan fè fim sa a. Li te gen yon travay ak yon konpayi pwodiksyon nan vil la ki te pèmèt nou jwenn ekipman gratis pou filme tout sa nou te bezwen. Fim lan jan li ye kounye a pa t ap possible san li. 

James Doran mwen angaje kòm konsiltan atistik fini pa filme dènye tyè pwodiksyon an gratis. Enplikasyon l vreman monte nivo travay la. 

Mwen dwe salye tou Pwofesè Patrick Bellegarde Smith ki te gide m sou liv mwen dwe li ak moun pou mwen bay entèvyou. Kèk nan entèvyou sa yo pote anpil limyè nan fim lan. 

Yon lòt fwa ankò, koze lokipasyon an ap debat nan mitan sosyete Ayiti a. Kijan fim ou an kontribye nan konvèsasyon sila a ?

Se vreman yon kestyon enteresan. Lanne anvan lokipasyon an, Ayiti, jan anpil moun te ka wè sa, te nan yon eta deplorab, menm jan ak jodi a. Nan yon entèvyou istoryen Roger Gaillard te bay Jean Dominique nan lanne 1960, li dekri eta mantal mosad jenès Ayisyen an. Yo te fatige ak kondisyon sosyo politik peyi yo a ki te libere depi yon syèk men ki pa t gen anyen pou montre. 3 lanne anvan lokipasyon Ameriken an, Ayiti te pase 7 prezidan. Kidonk yo akeyi lokipasyon Ameriken an tankou sèl pòt soti. Onètman, nou ka padone yo pou sa. Nou dwe sonje sete moman anpi Ameriken an t ap monte. Imigran t ap ale la pa milyon. Istwa moun pòv ki vin rich nan yon bat je te anpil. 

Epi sete kòmansman 20èm syèk la ki t ap inonde mond lan ak nouvo teknoloji. Radyo.  Telefòn.  Fim. Avyon. Machin oto ak Etazini te nan an avans sou tout sa. Kidonk, jèn Ayisyen te panse ak lokipasyon Ameriken an kòm pòt pou rantre nan mond modèn 20èm syèk la. Byen si yo te nan erè. E se menm bagay la jodi a, Ayiti nan yon eta tèlman deplorab, anpil moun ap mande ouvètman yon entèvansyon Ameriken. Men yo gen egzanp, ansyen entèvansyon ann Ayiti yo, entèvansyon Irak la. Okipasyon Afganistan an te pandan 2 dizèn lanne, yon lanne an plis de okipasyon nou an. Eske Afganistan pi byen kounye a? Pòtoriko se yon teritwa Etazini. Eske yo miyò? Kidonk fim nou an kontribye nan konvèsasyon an nan pale de pase nou yo bliye. Li raple nou istwa nan li menm pa yon pwosesis lineyè men pito yon pwosesis siklik. Anpil bagay rive. Epi yo rive ankò san kanpe ak nouvo nouvo aktè. 

Kisa ou swete fim sa a ap pote pou nouvo jenerasyon Ayisyen ann Ayiti ak an deyò peyi a?

Se vreman yon kestyon difisil pou reponn. Mwen pa konn si mwen awogan ase pou m asime fim nou an ap ofri kèlkeswa sa l ye a pou pèsòn. Men mwen swete fim lan an li menm bese amnezi istorik la, leve konsyans nou sou lide n ap sove sèlman si yon fòs byenveyan etranje fè sa olye se nou menm. Mwen swete tou fim lan ap elaji pèsepsyon sou imigrasyon Ayisyen an e rezon ki fè sa rive konsa yo p ap viktim istwa enkonplè sou jan Ayiti rive la kote l ye a jounen jodi a. 

Kisa ou gen nan djakout ou ak ekip ou pou apre?

Mwen konnen Hans ki se pwodiktè a, ap chache lajan pou fim li an ki rele NWA e mwen eksite pa rapò a sa. Mwen te gen yon ti kout kreyon nan direksyon istwa a. 

James avè m ap travay sou yon fim, yon antoloji sou Queens ki fini a 25%. Se yon omaj à Queens ak kominote imigran yo. Queens se kote ki pi divèsifye nan mond lan. Gen plis lang lang ki pale nan Queens konpare a rès mond lan. Mwen grandi Queens,  ni James tou , kidonk nou tou de te panse se yon pwojè enteresan pou n te fè.

Imaj: The Forgotten Occupation

Dec 7, 2022

Ekonomi kawo a: Kijan gwo nasyon yo benefisye de twoub ann Ayiti

Nan sikonstans sa yo, gouvènman Kanadyen an, a travè minis zafè etranje li, Mélanie Joly, te anonse sanksyon pou gang ak politisyen ki ap teworize peyi a. Pandan kèk moun ka konsidere sa tankou  yon premye pa pou pote lapè, nou dwe kestyone wòl Kanada nan kestyon sa a.

Pandan dènye lanne sa yo, Ayiti ap fè fas a yon gwo egzòd tankou sa ki te fèt nan lanne 1980 (pandan epòk Duvalier a) ak kòmansman 2000 yo. 

Nan moman tèks sa a ap ekri,  barikad ak manifestasyon  toujou bloke lavi toulèjou Ayisyen yo. Ane lekòl la poko ka kòmanse malgre yo te voye dat la pou 3 oktòb.

Apre plizyè lanne defèt pwodiksyon lokal la, pa ni fòs lokal ak entènasyonal yo, depandans Ayiti sou pwodui enpòte yo mete peyi a nan yon sitiyasyon prekarite. Dlo ak lòt pwodui esansyèl vin ra e yo chè anpil,  kèk biznis oblije fèmen pòt yo e labank oblije louvri 3 jou pa semenn. Anplis, gang yo ki ap miltipliye sou tout teritwa a rann lavi chak jou pi danjere nan tout peyi a paske gang yo kontinye ranfòse tèt yo nan zòn non dwa ki danjere. 

Nan sikonstans sa yo, gouvènman Kanadyen an, a travè minis zafè etranje li, Mélanie Joly, te anonse sanksyon pou gang ak politisyen ki ap teworize peyi a. Pandan kèk moun ka konsidere sa tankou  yon premye pa pou pote lapè, nou dwe kestyone wòl Kanada nan kestyon sa a. Ak yon pozisyon ki jeneralman favorab a Etazini ki se peyi vwazen li, Kanada fè pati yon gwoup peyi yo akize nan enfliyanse sektè politik Ayisyen an. Ansanm ak Etazini, Lafrans, Almay, Brezil ak Espay, yo souvan rele yo  "entènasyonal la" e yo kritike yo anpil nan mitan sosyete Ayisyen an paske yo bay gouvènman ilegal la lejitimite malgre gen yo so lyen ak gang yo e non chèf gouvènman an site nan ankèt sou lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse. 

Kanada finanse Polis Nasyonal Ayiti a e ofri polisye yo fòmasyon. Se yon enstitisyon ki chaje koripsyon, manipilasyon politik epi souvan nou wè ajan yo ki ap fè  vyolans sou manifestan ak jounalis. Dènyèman, jou ki te 15 oktòb la, Kanada ak Etazini livre Polis Nasyonal la machin blennde. Kanada kounye a ap konsidere dirije yon entèvansyon militè ann Ayiti, apre li voye yon ekip pou evalye sitiyasyon an sou teren an. Menm si echèk enstitisyon sa a se responsabilite dirijan Ayisyen yo, fòk nou di tou echèk sa yo rive pandan Polis la ap resevwa lajan ak fòmasyon nan men peyi tankou Kanada. Sitiyasyon anachik Ayiti a, tounen byen vit yon kriz imanitè, fè yon pil ak yon pakèt Ayisyen pati kite peyi a- pou mande refij nan peyi vwazen yo tankou Kanada. Malgre evènman sosyo politik yo konplèks e paka asosye yo ak yon sèl rezon espesifik, li enpòtan pou nou konsidere lyen ant peryòd twoub ann Ayiti ak bezwen ekonomik yo ak bezwen imigrasyon lòt kote patikilyèman nan peyi Kanada. 

Estrateji imigrasyon: enterè ak benefis

Popilasyon Kanada a ap vyeyi, e mache travay li gen yon bezwen ijan pou yon mendèv konpetan, ki jèn pou ranfòse efektif li yo nan plizyè sektè tankou edikasyon ak lasante. Pou reponn ak pwoblèm sa, depi plizyè dizèn lanne kounye a, Kanada ak pwovens li yo mete sou pye yon pwosesis imigrasyon ki byen reflechi pou kontwole ki moun ki ka vin enstale yo sou teritwa yo. Chak pwovens defini ki imigran yo bezwen. Le pli souvan, se yon pwosesis ki pran tan, ki gen tès medikal, prèv lajan ak pakou akademik, metriz lang, sa ki abouti a yon evalyasyon ki chita sou kantite pwen. An konsekans, estatistikman, imigran yo reprezante 84% kwasans mendèv total la epi reprezante 55% kwasans travay ki trè kalifye ak mwen kalifye nan Kanada.  

Pwosedi imigrasyon an ka long men pwovens Kanada yo (espesyalman Ontaryo nan jou sa yo) ofri pwogram eksprès ki pi chè men mwen long, pou aksepte nouvo moun ki ap vini yo depi yo reponn a egzijans sa yo. Kanada se souvan yon chwa entelijan pou imigran a kòz pozisyon pwogresis li pa rapò ak aksè a asirans sante, edikasyon elt. Kebèk se yon chwa entelijan pou Ayisyen a kòz kesyon lang lan.  

Kanada trè klè sou tip imigran l ap chache.

Kanada trè klè sou tip imigran l ap chache. Ann pran sektè lasante a pa egzanp. An fevriye 2022, Minist Travay ak Imigrasyon an, Jean Boulet, te anonse gouvènman Kebèk la t ap depanse 64 milyon dola pou li rekrite 1,000 enfimyè etranje, sou 2 pwochen lanne yo. Anvan sa, Kebèk te chèche rekrite 1,700 enfimyè an 2021 epi 330 an 2019. Tout sa pou di, kontrèman a kwayans oubyen pèsepsyon popilè a, Kanada ak pwovens li yo chwazi ak anpil swen imigran li yo, an fonksyon merit yo ak bezwen chak teritwa.  

Kèk aktivis ak chèchè kwè enjerans Kanada nan zafè entèn Ayiti, ak sipò li pou yon lidè k ap fè represyon e ki nan koripsyon kontribye nan afebli ni sistèm demokrasi a ni souverènte Ayiti. Lòt istoryen tankou Georges Eddy Lucien estime move kondisyon lavi ann Ayiti pèmèt peyi tankou Kanada pwofite ekonomikman menm si se endirekteman. Nan yon entèvyou ak Ayibopost, Lucien esplike “ deplasman an mas Ayisyen toujou reponn a objektif sistèm kapitalis la”. Ekonomi ensekirete sa a ann Ayiti mete peyi tankou Kanada, Lafrans ak Etazini nan yon pozisyon ideyal pou pwofite de egzòd la nan enterè yo, sa ki efektivman drennen jèn mendèv ak sèvo Ayiti yo. 

Malgre nesesite evidan imigran yo ak akèy yo ba yo, kesyon imigrasyon an Kanada rete yon sijè polemik pandan eleksyon, souvan yo prezante l tankou “se nou menm kont yo” pou divize epi anvlimen vye maleng. 

Yon egzanp ki rive dènyèman, sete 21 septanm 2022, pandan deba ki te fèt kèk jou anvan eleksyon pwovensyal yo.  Menm minis sa a, Jean Boulet, ki ap rekrite san kanpe enfimyè etranje deklare “80% imigran ki ale Monreyal, pa travay, pa pale franse, oubyen pa rantre nan valè sosyete Kebekwa a”.

Imaj imigran parese a (e ki se yon menas pou franse) ki parèt nan deklaresyon Boulet a, mete an evidans prejije ki anrasinen e ki kontredi reyalite a ak estatistik migratwa pwovens lan. Pati sa a, depi lè a, eli ankò san jefò ak yon gwo majorite malgre deklarasyon zenofòb sa a. 

Ensidan tankou lanmò Fredy Villanueva an 2008 nan Monreyal Nò, kote lapolis tire pandan  li nan yon entèvansyon lapolis, oubyen lòt jou la a “eksè fòs” lapolis kebekwa te itilize pou metrize jèn gason nwa sa a ki te gen 18 lanne, mete limyè sou estereyotip ras ak prejije sistemik kèk minorite sibi chak jou. Rasism nan peyi Kanada byen vivan, menm si li pa (souvan) vyolan menm jan ak kay vwazen li Etazini. Rasism lan anrasinen nan enstitisyon ak pèsepsyon yo, li pi fen tou - pi difisil pou demaske e pi difisil pou konbat. 

Nan pik pandemi an, moun ki mande azil ki t ap travay nan sektè swen sante (espesyalman èd swayan ak enfimyè) yo te menase yo pou mete yo deyò - mele ak mank reprezantasyon minorite vizib nan etablisman piblik yo - te idantifye a klè tankou yon diskriminasyon sistemik. 

Nan Monreyal, lapolis arete moun Nwa ak Otoktòn 4 a 5 fwa plis yo pase yo arete Blan. Moun Nwa yo 20 fwa pi siseptib pou polisye Towonto tiye yo pase Blan, pandan yo reprezante 8,8% popilasyon an. 

Lwa tankou pwojè lwa 96 la ki fenk adopte,ki majinalize pi plis toujou minorite yo nan non layisite ak pwoteksyon franse kòm lang prensipal, te jwenn kritik tou a kòz potansyèl enpak negatif li sou Premye Nasyon yo, imigran ak refijye yo. 

Pandan nou ka bay sosyete Kebekwa a merit sou jan li louvri wout pou dyalòg ak konvèsasyon sou kestyon sansib yo, moun komanse mande gouvènman Kanada a tou pou li reponn sou pase vyolan li konsènan masak sou milye timoun Premye Nasyon yo te separe de fanmi yo epi mete yo nan pansyona. Tout sa rive apre yo jwenn 751 tonb san non pandan yo t ap fè fouy nan youn nan lekòl sa yo. Pandan prensip diskriminasyon sistemik la toujou ap debat (moun tankou nouvo premye minis Kebèk la nye egzistans li), popilasyon ki konsène yo kontinye ap pale sou kestyon sa yo. 

Pwovens tankou Kebèk ap mache sou yon fil ant, satisfè popilasyon li k ap vyeyi (e ki souvan panse imigran se yon menas pou diferans kiltirèl li pa rapò ak rès Kanada anglofòn lan), ak bezwen nouvo lespri, mendèv ak talan. Tout faktè sa yo devwale yon ekilib delika ant aparans ak enterè ekonomik. Ayisyen ki fèk rive a, ki ap kouri pou vyolans gang ak enstabilite a, jwenn tèt li nan mitan yon nouvo mond chaje ak enterè opoze, vyolans enstitisyonalize ak yon rasism ki kache. 

Apre yo fin viv yon seri twomatism ann Ayiti, imigran Ayisyen yo ki fenk rive oblije nan detounen prejije ak diskriminasyon  nan nouvo kote y ap viv la. Yo al jwenn lòt jenerasyon anvan yo , ki se temwen vivan plizyè dizèn lanne enstabilite politik, ki benefisye resous ak refij peyi ki dispoze resevwa yo e ki bezwen yo. 

Byen si, sitiyasyon kriz sa a lonje dwèt san okenn dout sou mepri ak jan klas politik ak elit ekonomik la pa fè okenn aksyon pou sove enstitisyon peyi a ki fè myèt moso. Yo derefize pran pozisyon fas a swadizan “zanmi” Ayiti yo. 

Pa gen okenn dout mendèv la se yon zouti pou kestyon sosyo ekonomik yo, ki reponn yon jan pratik a popilasyon an ki ap vyeyi e ak rate mendèv. Anpil ta di, ajitasyon sosyal ann Ayiti sèvi espre de mwayen itil pou atenn objektif sa a. 

Nan pi wo nivo kriz sa a, e pandan Ayiti ap viv yon kriz politik depi kèk ane, Ayisyen kontinye kouri kite peyi a. Poko gen done ki pou pèmèt nou konprann enpak egzòd sa a ap genyen sou Ayiti nan lanne k ap vini yo. Men se lè nou eseye konprann ann antye relasyon ant benefis ekonomik ak politik imigrasyon a n ap kapab kòmanse konprann anplè mekanik eta kawo konstan sa a.

Imaj: Aljazeera

Èske li pral fè jou?

Se te yon konsè ki t ap fè nou konprann gen lavi toujou, nou ka souri, men tou lavi pase l kite dlo nan je nou ak yon Mikaben nou pa gen dwa janm bliye.

Photo via Carimi Nation

Kijan pou n konte lavi? Pa ti gode? Mamit? Kijan l ka separe? Nou dwe bay moun nou renmen ase oswa chak souf merite on lòsyè? Sa gen anpil anpil tan kesyon sa yo, ak lòt ankò pa sispann mete lespri nou an boulatcha. Èske lavi kout vre? Si se sa, kijan pou n kenbe l oudimwens kijan pou n apante li? Kijan pou n pa kite l chape? 

Yon jou, yon manman pran lari a pou bouske lavi, nan yon mache, ak sèlman lespwa kenbe nan men l men li pa rantre paske li resevwa yon grenn bal ki pèdi wout li. Yon jou ankò, Sandra René, yon ouvriyèz ki te ansent soti ale pran swen nan lopital Men li pa antre paske li pat jwenn laswenyay sa a. Yon lòt jou, yon jenn gason, yon jenn fanm, yon papa pitit, yon ti lezanj, yon ponyen moun, yon latriye kretyen vivan chita lakay yo, kanpe bò lari a, nan bourike, Nan souri, nan gade, pèdi lavi; nan yon ti souf tan. 

Nan peyi Dayiti, nou kwense nan mitan “selebre lavi paske l kout” ak “èske lavi reyèlman fèt pou nou”. Nou kwense nan mitan “èske n dwe reziste pou n kapab sere lavi pou sila k aprè nou” ak “èske n dwe kannale san panse ak anyen”, nou bare nan chak rakwen ap chache kijan nou ka abitye ak lanmò men, se pa bagay ki anba men nou. “Quand on est jeune, on ne meurt pas. On perd la vie”, Youssoupha di nan “Mourir mille fois”. Isit, nou fin konte, chif nou bout, nou sispann panse ak kijan nou ka plòtonnen ti fil sa a ki kenbe nou an. Mizik la fini, nou dwe desann sèn nan men nou efondre.

Mikaben, yon atis wòdpòt travèse sou yon sèn aprè l fin bay yon dènye souf nan yon nòt mizik. Li di “mwen renmen nou”, yon fraz k ap rete nan listwa mizik nan peyi a. Yon fraz nou tèlman dwe sere anba bra nou pou nou di tèlman lavi fè lafimen, tèlman lavi ra, lavi toudenkou epi l pa mize. Mikaben se yon otè, konpozitè, entèprèt ak pwodiktè ki fèt Ayiti nan lane 1981. Mika pote gwo sipò nan mizik ann Ayiti, se yon atis ki kòmanse karyè mizikal li depi a 18 lane ak konkou chante nwèl videomax 1999  epi ki fè chimen nan mizik ayisyen atravè divès zèv tankou “Ou pati”, MKBN, Ayiti Se, Si m te gen zèl elt epitou atravè plizyè kolaborasyon ak atis ak gwoup ayisyen kou etranje. Nou ka site pami yo Rutshelle, BelO, Elephant Man, J Perry, Carimi.

Se konsa nan konsè Carimi aprè plis pase 5 lane depi gwoup la fann, Mika bay dènye nòt li. Konsè sila ki t ap dewoule Lafrans, nan lokal Accor Arena te yon moman  pran ti souf parapò ak kontèks leve kouri ki genyen nan peyi a depi kèk tan. Se te yon konsè ki t ap fè nou konprann gen lavi toujou, nou ka souri, men tou lavi pase l kite dlo nan je nou ak yon Mikaben nou pa gen dwa janm bliye. Mika jwenn zèl, li vole al keyi zetwal nan syèl kouwè yon zwezo men se nou menm ki pa t pare pou sa, mizisyen, fanatik, popilasyon ayisyen an te vle re-viv yon moman zetensèl nan mitan gwo fè nwa sa a ki blayi sou nou an epi kisa nou jwenn se yon zanmi, yon mari, yon kreyatè, yon papa ki pati kite nou pandan rasin te gentan pouse.

Pandansetan, yon rigòl san anplis pran koule nan laplèn ak wout frè. Pyès nan viktim yo pa t gentan fè pakèt pou peyi san chapo. Kay boule, timoun kou Mapou tonbe, lakou kraze avan menm yon dènye omeli te chante. Doulè sa yo pap janm ka efase nan memwa pèp ayisyen an, maleng sa yo pap ka geri fasil sou kò ayisyen. 

Moman an make fè nwè, tan an sonb, nou bezwen konnen si se paske li pral jou. Si se paske nou bezwen solèy leve sou jounen nou, nou bezwen yon nouvo jou ki ka pote limyè pou nou.

Byen travèse Michaël Benjamin!

Pou Mikaben ak tout zantray nou yo ki travèse…

https://www.youtube.com/watch?v=Tyf9dzx3WO0

Batay kont kolera a tounen. Men poukisa

Leson pou nou jwenn nan sa se, yon sistèm sante pa janm endepandan de fonksyònman jeneral yon peyi—sitou yon sistèm siveyans.  

Yon jou maten ki te fè cho nan mwa fevriye kòmansman ane sa a, mwen te kontan aprann yon bon nouvèl sou Ayiti. Apre plizyè lanne ap goumen, peyi a resi rive elimine kolera. Maladi dyare sa a nou trape nan manje ak dlo ki kontamine ak bakteri ki rele vibrio cholerae te gen yon enpak trajik sou zile a. An 2010, kèk mwa apre gwo goudougoudou sa a ki te tiye anpil ak yon pakèt moun, twoup pou lapè NasyonZini ki te bò larivyè Latibonit la, yon zòn nan depatman sant Ayiti, deklannche yon epidemi jeneral. Epidemi a te gen konsekans sou rejyon an paske souch El Tor ki soti nan Sid Azi yo te mennen nan peyi a, te gen relasyon ak lòt epidemi nan lòt peyi tankou Sen Domeng, Kiba e menm Meksik.

Dis (10) lanne ki swiv yo te pote mak twomatis fizik ak sikolojik konsiderab. Malgre sa, gras a yon volonte enkwayab e ak de patenarya ki te detèminan ak òganism entènasyonal yo, 12 lanne apre, ministè sante Ayisyen an fèmen chapit sa a ak bon jan satisfaksyon. Se sa k fè te gen anons lan ak selebrasyon yo an fevriye. Malerezman, lajwa ki te vini ak akonplisman sa a pa te dire anpil. Yon melanj malè mete sou sitiyasyon enstabilite politik la, gwo kriz ekonomik la ak pandemi covid-19 la ki tiye anpil moun, tout sa yo gen anpil chans pou yo responsab disparisyon gwo reyalizasyon sa a.   

Nan mwa oktòb 2022 a, epidemi kolera a tounen parèt ann Ayiti. Rapò sou kantite moun ki kontamine nan nouvo vag la diferan. Men 19 oktòb la, ministè sante te konfime 23 moun ki mouri. Pi gwo epidemi a ap fè ravaj nan pi gwo prizon peyi a. Anpil kestyon sou rezon ki fè fenomèn sinis sa a tounen rete san repons. Sistèm Siveyans Nasyonal Kolera a, ministè sante piblik Ayiti a mete sou pye ak sipò CDC, nan mitan tout kestyon sa yo. Sistèm siveyans la te jwe e kontinye jwe yon gwo wòl nan batay pou elimine kolera a. Malgre randman sistèm siveyans lan nan kòmansman epidemi an, li difisil pou nou di si sistèm sa yo mete sou pye ann Ayiti a, te toujou te fèt sou fòm aktif ak pasif li.      

Rapò ki soti chak jou sou ka kolera yo atravè Direksyon Epidemyoloji Laboratwa ak Rechèch ak siveyans mikwobyolojik atravè Laboratwa Nasyonal Sante Piblik la, pèmèt otorite lasante ayisyen yo detekte epi kontwole ka yo ak anpil presizyon pandan premye 10 lanne epidemi an. Ofisye siveyans yo ki te pran fòmasyon ann Ayiti e ki ap travay nan 357 sit te bay rapò enpòtan sa yo chak jou.

Depi oktòb 2010 rive desanm 2018, ministè sante a anrejistre 820 300 ka sispèk ak 9792 mò. Apre sa, ka yo vin redui a 72% an 2018, epi 82% an 2019. Rive mwa dawout 2020, otorite yo te wè ka ki t ap diminye yo tankou yon viktwa. Men chèchè yo te di fèb pèfòmans sistèm siveyans lan te pèmèt kantite ka yo pa t sinyale yo ogmante ak risk pou maladi a tounen, jan sa te di nan yon atik Lancet Jeannot Francois te ekri. Jeannot Francois te direktè pwogram vaksinasyon peyi a (pwogram vaksinasyon elaji). Siveyans anviwònmantal la pa te inifòm depi lè li te kòmanse. Li te manke finansman ak gouvènans efikas e li te konpoze prensipalman de yon seri pwojè izole. Ministè sante a pa te kominike okenn rezilta bay popilasyon jeneral la. Kontèks difisil sosyo politik Ayiti ki dejenere ak sitiyasyon kriz apre asisinay prezidan Ayisyen an, vin rann pwoblèm estriktirèl  ki te deja enkyetan yo vin pi grav.

Sitiyasyon enstabilite politik la

Pandan omwen twa lanne anvan asasinay Moïse la, manifestasyon ak barikad kòm estrateji prensipal nan tout peyi a te monnen kourant. Sikilasyon moun ak machandiz te limite nan vil yo ak ant depatman yo. Sa ki pi mal la, nan Pòtoprens ak zòn avwazinan li yo, gen gwoup bandi ki kontwole anpil teritwa e ki menase aksè a dlo potab ak asenisman.

An 2015, sèlman 52% Ayisyen te gen aksè a enstalasyon esansyèl dlo ak asenisman dapre Bank Mondyal. Mwen sispèk chif sa yo pi enkyetan nan zòn sansib yo. Vyolans ak zam, mouvman popilasyon an ki limite ak mank aksè a tout sèvis de baz yo se patikilarite katye kote leta absan yo.

Dènyèman, otorite nasyonal ki okipe kestyon dlo yo anonse, soulèvman ak grèv jeneral yo te bouvèse rezo dlo potab yo. Apre mouvman peyi lòk la, anpil moun te oblije bwè dlo ki te parèt kotamine. Kèk videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo, te montre moun ki t ap pran dlo nan tiyo ki pre zòn sòti sid Pòtoprens lan, yon zòn ki sal anpil. Moun yo te ka petèt gentan vale anpil kolera toksijèn ki ap viv nan anviwònman an depi plizyè lanne anvan menm yo te anonse maladi a tounen. Nan kontèks salte sa a, ministè sante a ak rezo epidemyolojis sou teren yo ki t ap f on travay aktif pa te ka fè anyen. Okenn klinik sou teren an pa t mache toutan a kòz gwo vyolans gang yo ak resous esansyèl yo ki bloke. Dezòmè, tout ankèt epidemyolojik ka reprezante yon risk konsiderab. Pou sa, okenn done yo di paka fyab.

Pwoblèm ekonomik

Ayiti sou wout pou li f on gwo bak nan ekonomi li, se yon sitiyasyon ki vin pi grav ane pase. Enflasyon an rive 29% dapre Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique (IHSI) sa ki enkyetan. Sa ki pi dramatik toujou, to chanj dola ameriken an pa rapò ak goud nasyonal la te okipe lepri tout moun, sa ki raple ansyen peryòd kote ekonomi ayisyen an te manke tonbe.

Kantite jenn ki kontinye ap kite peyi  pa etonan. Sa ki rete yo ap fè fas a salè yo ki pa janm chanje, sa ki fè yo oblije kite fonksyon piblik la, sa ki redui kapasite leta pou li kenbe ekip siveyans maladi yo motive.

Anplis de sa, jefò ministè sante yo plis depann anpil sou patenarya etranje yo. Sa limite kapasite leta pou pran desizyon sou kisa ki merite priyorize ak plis fon. Sistèm siveyans anviwònman an rete san finansman, kondisyon sa yo pa ankouraje jenn syantifik ki gen potansyèl yo pou yo f on sèl pwogram nasyonal ak tout  pwojè sa yo ki divize.   

Pandemi covid-19 la

Lè covid-19 frape Ayiti nan mwa mas 2020 an, sa te fè... Pèsonèl la ak fon yo te oblije sot nan yon pandemi ale nan yon lòt.

Lè covid-19 frape Ayiti nan mwa mas 2020 an, sa te fè 13 mwa depi dènye ka kolera a te dokimante. Pandemi kolera a pa te ko vreman fini. Konplezans nan siveyans kolera a te gaye nan mitan otorite yo ak popilasyon an an jeneral. Covid-19 la te, san okenn dout, yon gwo menas pou sante piblik la ki te bezwen yon repons rapid. Yon sistèm sante ki deja fèb te oblije fè fas kare ak 2 gwo menas pou sante piblik la an menm tan. Pèsonèl la ak fon yo te oblije sot nan yon pandemi ale nan yon lòt. Nan yon atik enteresan sou eliminasyon kolera a ann Ayiti, Sophia Cousins te di pawòl Jeannot Francois yo: “An 2019, siveyans lan te pratikman kanpe sou kolera a… epi an 2020, tout resous yo te ale nan covid-19.” Dapre lide sa a, pandemi covid-19 la bay sistèm siveyans kolera a yon gwo kou.

Eske li te twò bonè pou nou te selebre kolera a ki ale ann Ayiti? Petèt. Mwen rekonèt gwo travay ki fèt sitou travay pèsonèl Ayisyen yo ak apui patnè kle yo. Se yon reyisit ekstraòdinè pou rive mete sou pye yon sistèm menm si li te gen defo, men ki bay rezilta. Leson pou nou jwenn nan sa se, yon sistèm sante pa janm endepandan de fonksyònman jeneral yon peyi—sitou yon sistèm siveyans.  

Pou sove lavi moun, nou dwe: asire disponibilite ijan dlo potab ak pwodui asenisman nan zòn vilnerab yo, deplwaye yon kanpay edikasyon sou maladi a, mete sou pye ekip entèvansyon rapid, òganize kanpay vaksinasyon nan zòn konsène yo, ranfòse sistèm swen nan estrikti tretman yo epi soutni sistèm siveyans aktif la ak kolaborasyon rechèch yo.

Kondisyon pou kolera a tounen  vini depi premye siy enstabilite politik yo an 2018, e siveyans lan soufri anpil. Enstabilite politik la limite tou pèspektif yon bon kanpay vaksinasyon. Menm jan li mete an danje repons ki pou ta bay kounye a, li poze gwo pwoblèm pou amelyore sèvis dlo ak asenisman pou Ayisyen nan yon nivo estriktirèl. Kriz ekonomik peyi a gen yon gwo enpak tou, li destabilize ekip sekouris yo epi koupe resous vital yo. Anfen, pandemi covid-2019 la te yon lòt malè, li rann frajil jefò yo a yon moman enpòtan. Men, mwen vle panse a avni nou ak kè poze. Anpil defi la toujou. Men Ayiti p ap kòmanse a zewo. Konesans ak volonte yo la toujou.