Nan Woy Magazine, nou valorize kreyativite anpil anpil, e nou swete ke ou pataje pasyon nou pou Atizan Ayisyen. Menmsi tan fèt la pase, sa se yon lis sit Ayisyen sou entènèt ou ka itilize kòm resous lè w'ap chèche kado pou achte pandan ane a.
Sophia Demirtas ki rete Istanboul nan peyi Tiki, se yon gran atis Ayisyèn ki pwodwi bijou, sak, soulye, bonè ak kousen.
Riva Nyri Précil mete sou pye mak bijou ki pran rasin nan kilti lakay.
Se yon liy twal tèt mare ak bijou ke Paola Mathe reskonsab.
Mayo-poster-stickers ke @Timoza ki se yon grafis Ayisyen, ki enspire l anpil de lavi lakay.
Pwodwi natirèl pou bote ak swen kò ke Yvecarre Monperousse ak Stephane Jean Baptiste mete sou pye.
Bijou inik ke Nelssie Marie Francois kreye.
Kat ke ou ka voye a pati la pòst ki fèt a pati de sèn lavi lakay ke yon atis ki rele Ronel Louis Jean pote pou nou.
Bijou ayisyen ke Marie Valerie Placide kreye.







