Chèche

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Aprè Frankétienne ak vil li a fin ale, ki sa ki rete pou nou?

Jean Laposte, 2001. Public domain via Wikimedia Commons.

Aprè Frankétienne ak vil li a fin ale, ki sa ki rete pou nou?

Jean Laposte, 2001. Public domain via Wikimedia Commons.

Aprè Frankétienne ak vil li a fin ale, ki sa ki rete pou nou?

Jean Laposte, 2001. Public domain via Wikimedia Commons.

Pandan nou ap rantre nan 2026 la, refleksyon sila tonbe nan yon moman dèy san kanpe ak ògèy  bouche  gòj nou  nan Pòtoprens. Nou pa dwe janm sispann wete chapo n devan Frankétienne.

Pa gen vil ki pa yon tèks.

Pandan tout ane 2025 lan, move nouvèl pa janm sispann tonbe sou lavi nan Pòtoprens, yon vil ki pa rekonèt tèt li ankò. Nan mitan malè sa, nou menm nan kominote literè a te pare pou sonje 30 lane lanmò Rene Philoctète. Li menm ak Georges Castera fè pati pi gran powèt Ayisyen ki janm egziste. Tout preparasyon pou evènman an t ap vanse san pwoblèm. Travay nou t ap pran chè ak yon seri bèl diskisyon sou diktati, vyolans, lespwa ak mond nou reve konstwi a. Tout bagay te pare pou nou te ka rann  grandèt Philoctète te ye a yon omaj mezi pye li… se sa nou te panse.  

Epi lanmò mete pye. Vye konpayèl sa, ki toujou ap plane sou lavi n ak vil nou  yo, te debake yon lòt fwa ankò.  Men fwa sa, se pa te pil ak pakèt timoun ki mouri anba zam gang, ni manman ki pèdi lespwa ki ap pwomennen, nan yon vil ki  ap disparèt, nan chache pitit gason yo. Fwa sa, nan latwoublay lavi, se te tou pa vanyan gason sa,  Frankétienne.  

Frankétienne fèt an 1936 nan Gran Gozye nan Latibonit men li grandi nan Pòtoprens nan  katye  Bèlè. Vil Pòtoprens , sitou zòn Bèlè a, te toujou nan mitan  imajinasyon l. Li te fèt, 2 zan aprè  okipasyon sanginè Etazini sou Ayiti, sou rejim enstab Stenio Vincent an ki te yon peryòd kriz politik, represyon ak  move lavi ki pa sispann ogmante. Apre sa, Frankétienne pase plizyè tan nan lavi l anba diktati Duvalier yo ki te, malerezman, popilè nan pèsekite anpil ekriven.

Manman li t ap travay kay yon blan ki fè kadejak sou li; Frankétienne te yon milat nan bon sans mo a. Dizon popilè ki di: “ Latibonit se yon rivyè ki pran sous nan manman men ki pa gen papa” , fasonnen konviksyon li kòm moun, kòm sitwayen. Li pa t ava, ni opòtinis menm jan ak anpil lòt Ayisyen ki gen ras melanje ki te fèt  anvan li. Li te ka itilize privilèj koulè l pou li te eksplwate ak monte echèl sosyal yo men li te refize fè sa, menm lè li te gen posibilite bay tèt li yon non Alman oswa Etazinyen. Frankétienne te refize  konstwi yon imaj boujwa pou tèt li. Angajman politik Frankétienne yo te klè sitou apatenans li ak mouvman kominis ak lagoch ayisyen yo.

Lyonel Trouillot, yon ekriven ayisyen ki te gen privilèj konnen Frankétienne, temwanye pou di: “Franck se yon ansanm kontradiksyon ki makònen ansanm nan yon kò ak yon istwa pèsonèl: blan-nwa; milat-nwa; lavil-andeyò; kilti popilè peyizan – kilti entèlektyèl nan gran vil yo; atachman a teyori sosyalis lagoch – espirityalite melanje ak mistik; senbolis kretyen – senbolis vodou… Franck batay tout vi l pou yo pa redui l a youn nan brach kouran kontradiksyon sa yo”.

Karyè Frankétienne kòmanse an 1961, 4 lane aprè Duvalier pran pouvwa a. A 25 an, li pibliye yon rekèy powèm ki rele Haiti, Haiti! Zèv ki pral  fè li vin yon mapou yo pral vini aprè men estil ki rann sa posib la te deja prezan: yon ton lirik angaje, yon fòs powetik ak yon lespri rebèl.

Manman li te rele l  Jean Pierre Basilic Dantor Franketienne D’argent. Nan premye zèv li pibliye, li rele tèt li Frank Etienne, 2 non ki pral fonn nan lòt pou fè yon sèl, plizoumwen nan lane 1970 yo. Sa ki montre jan li te granmoun tèt li nan koze atistik, rasin mistik li yo ak plas li kòm atis  paka klase nan yon kategori ki gen plizyè idantite.

“Grann mwen, Anne Etienne, ak manman m, Annette Etienne, te deside ban m yon chaplè non vanyan ki te gen sans mistik ak bawòk pou te ka pwoteje ti blan an anba mechanste ak madichon nenpòt malfèktè te ka fè m. Sa te fasil paske yo pa t gen pou rann kont bay pyès moun. Papa biyolojik mwen, Benjamin Lyles, yon milyonè ki soti Etazini, pa t janm pran responsabilite l. Pou epanye m move fawouch kanmarad klas mwen yo, manman m te deside kontakte yon ofisye deta sivil pou retire nan non men longè mwen an.  Kidonk, a 17 an, mwen te senpman rele Frank Etienne. Lè mwen antre ofisyèlman nan mond atistik ak literè a, mwen tounen Frankétienne, yon sèl mo. Pita, mwen vin dekouvri “Frankétienne” lan sonnen, bizaman, menm jan ak “Frankenstein”. Yon mistè etranj ki lye Espiral la ak enstabilite ki konpoze zèv mwen yo.” Pawòl Frankétienne nan UNESCO Courier.

Pa gen vil ki pa yon tèks. Walter Benjamin te gen rezon. Frankétienne  pase vi l ap kreye yon zèv ki rann omaj kote li grandi lè l te timoun, kote l te konn fè pa chat ak viv istwa lanmou li yo omaj. Depi lè li kòmanse ekri, Pòtoprens tounen yon pèsonaj, yon sijè pwezi, yon teritwa senbolik entim. Powèt la abite l, e li viv pwezi a nan tout nannan li.

Je suis de Port-au-Prince
Je conjugue mes cauchemars
Et je module mon insomnie à ma façon.
Ma ville en moi. Au fond de moi.
Dans ma tête et dans mes tripes.

Mwen se Pòtoprens

Mwen konjige move rèv mwen yo

E mwen jere mank somèy mwen nan jan pa m.

Vil mwen nan mwen. Tout anndan m.

Nan tèt mwen ak nan trip mwen.

Frankétienne ansanm ak ekriven René Philoctète epi Jean-Claude Fignolé mete sou pye Espiralis, yon mouvman literè ki pran nesans ann Ayiti e ki voye jete rakontay lineyè a pou yon rakontay ki gen lese frape   ak kase sèk ladann. Yon lè li te di : “ ekri, se danse ak lwa lang lan”.

Frankétienne fè yon travay wòdpòt ak lang kreyòl ayisyen an. Li se premye otè ki ekri ak pibliye yon woman an kreyòl.  Li rive pwodui ak lang lan sa anpil lòt pa rive fè: konstwi yon fòm  powetik ki granmoun,frape, ki pa imite ni pwovèb yo ni kadans gran powèt anvan li yo, ni senbòl ki te deja itilize yo.  Youn nan pi bon egzanp pou montre sa, se powèm Rapjazz li a, kote Frankétienne dekri vil la tankou yon lanmou li bati epi detwi an menm tan.

Mwen deja di
Pòtoprens tchaktchak myakmayak
Potoprens doukla madjaka
Potoprens elastik sou balansin
Potoprens deboundare dechepiye.

Lanmò Frankétienne  make kòmansman ak pwen final yon mouvman literè: kòmansman yon estil ekriti ki depase tout kòd, tout nòm ki deja tabli yo e ki fè l tounen ekriven Ayisyen ki plis pote  nan jenerasyon li an, an menm tan, lanmò sa fè santi mouvman an rive nan bout li. Nan yon moman, kote konvansyon literè pou rann lejitim zèv yo tranpe jouk nan zo nan mepri pou tradisyon ki p ap domine yo, nan rasis ak kolonyalis, Frankétienne parèt tankou youn nan ra ekriven ki  te konte rive nan pri nobèl literati a, ak Karayib la ak Ayiti kòm prensipal sous lejitimasyon l.

Pozisyon Frankétienne lan ki baze sou kreye yon zèv ki pran rasin nan Ayiti kòm sous pwodiksyon ak lejitimasyon l, klèman politik. Li koupe fache  ak lide literati inivèsèl la pandan li pran pa, tou dousman, nan yon inivèsalite  yon ti pati nan mond lan defini.

Nou ka di anpil bagay sou Frankétienne. Rann li omaj souzantann, rantre ak tout konsyans nou nan nannan zèv li ak lavi l. Fòk nou respekte kontradiksyon li yo, epi wete chapo devan angajman l ak fòs travay li.

Nan moman sa, kote y ap konstwi senbòl yo atravè nostalji ak valè reyaksyonè, li bon pou nou sonje verite ak jistis. Verite a: gouvènman kriminèl yo ak politik represyon ki ap maspinen peyi a, brize kè yon nèg epi fè l pèdi Bèlè, vil cheri  li te renmen anpil la.

Ki jan yon selebrasyon kòm sa dwa t ap ye nan Bèlè pou Frankétienne? Mwen imajine li tounen yon lespri van ak tan, ki ap bay vwa ak dans yo kadans ak fòs Simidò li a. Mwen imajine l ki ap pwomennen nan Bèlè, ki ap jwe wòl yon atizan pwomès ak rèv. Elas… Bèlè s on teritwa pèdi, Frankétienne mouri. Dramatij, womansye, powèt, atis pent, Frankétienne te tout sa yo. Yon timoun, yon tanbourinè, yon atakan pou vil li, Frankétienne ap toujou tout sa yo.


Pou ekriven nan jenerasyon m yo, Frankétienne reprezante yon zèv ki louvri wout pou yon espasliterati radikal e ki refize konfòme. Nan kreye yon nouvo fasno viv pou tèt li, atis la kreye yon nouvo fòm pou medyòm lan an jeneral. Pou mwen, se sa ki pi bèl leson Frankétienne ba nou, leson an se ke atizay se yon espas ki pote posibilite ki p ap janm fini. Chapo.

Author of La petite fille bleue, Luis Bernard Henry was born in Les Cayes. In 2016, he moved to Port-au-Prince to study philosophy and political science at the State University of Haiti (UEH/IERAH-ISESRR). In December 2020, his film, Survivants, won an award at the Festival du Film Mobile Haïtien, and then a year later, he was the second winner of the theatrical writing competition organized by ETC Caraïbes.