Rechèch

Li ann Anglè

Rechèch

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Chwazi metye ou ak tout kè w’ ak tout nanm ou MEN…

Chwazi metye ou ak tout kè w’ ak tout nanm ou MEN…

Chwazi metye ou ak tout kè w’ ak tout nanm ou MEN…

Depi tou piti, anpil nan nou kòmanse di kisa nou ta renmen ye pi devan. Ki metye nou ta renmen fè dapre ekzanp moun ki nan lantouray nou oubyen sa nou wè nan televizyon ou listwa ke nou tande granmoun ap rakonte. Veterinè, tòti nindja, ti zwazo, machann elatriye… tout rèv sa yo, nou te konn kontan di yo byen fò, nou te konn vle kenbe yo vivan pandan n’ ap envante istwa lavi nou lè n’ap jwe poukont nou ou ak ti zanmi. Pandan moman sa yo, granmoun yo te konn kanpe gade nou ap souri, ti souri devan inosans nou, devan jan nou kwè nan reyalize rèv nou, e siman ti souri sa a te konn kache souvni pa yo lè yo te timoun…

Epi tan pase.

Epi tan ale.

Epi nou rantre lekòl.

Youn nan kote yo ede nou bliye tout rèv sa yo. Paske nan yon peyi kou Ayiti yo aprann nou ke gen metye ke w paka fè, ki pa gen plas yo. E yo aprann nou ke fanmi w’ pa t’ fè sa kidonk ou paka fè l non plis. Yo aprann nou ke metye sa a se pou fi, metye sa a se pou gason. Yo aprann nou ke nou fou. Yo ri n’… Yo pase n’ nan rizib, yo pilonnen rèv nou paske nou deside chwazi yon avni ki diferan de sa tout moun  fè. Konbyen jèn ki viv moman kote paran yo mande yo kisa yo vle aprann epi yo di [m’ap nonmen de metye ke w’ pa fasil jwenn an Ayiti] fotograf, mizik, dans, akewoloji, byolojis, basketè/foutbolè, pilòt elatriye… epi yo reponn nou:

“ sanble w’ fou ti pitit! Kijan w’ap fè manje? Al aprann doktè, enjenyè pito non.”

 

Tu seras un écrivain, mon fils. Mais dans cette chose ou nous sommes, apprends quand même un métier qui peut mettre de la nourriture sur la table" –Gary Victor

 

Men kijan anpil rèv mouri: manje sou tab ! non ! mwen p’ap fè sanblan ke kapab pot manje lakay oubyen  viv plizoumwen byen pa enpòtan. Mwen komprann ke pa gen estrikti pou resevwa  lòt metye ke sa ki ”akseptab” menm si nou bezwen yo pou evolisyon peyi nou an. Fòk nou raple tou ke nan yon sosyete ki pa gen estabilite ekonomik nou vreman paka mande paran ki fin fè anpil sakrifis, pou li akonpanye pitit li nan yon domèn ki pa sèten. Nou vin tonbe nan sitiyasyon kote nou plis ap panse, a kijan pou nou fè paran nou plezi, ann di li pi byen, kijan pou yo pa fache kont nou, olye nou panse a sa nou ta renmen tout bon paske nou bizwen sipò finansyè yo pou nou derape nan lavi a. Presyon fanmi ak peyi ki  pa pare pou resevwa sa ou ka pote tiye anpil nan rèv nou. Se yon chenn ki la depi dik dantan e ki poko ap kase. Paran fè pitit aprann metye ke yo menm yo pa te kapab, oubyen pat gendwa fè oubyen ki ke yo panse k’ap pote yon lavi miyò pou yo. An tout tirepit sa yo ou vin gen de seri de moun ki malere nan lavi yo akòz y’ap viv rèv yon lòt.

Rekonèt enpòtans chak metye e kreye espas pou yo se premye pa vè chanjman an. Chak domèn bezwen spesyalis pa yo. Yon peyi paka vanse ak de moun ki konprann yo ka fè tout bagay. Nou bezwen enjenyè a menm jan nou bezwen filozòf la menm jan tou nou bezwen ekonimis e nou ka kontinye lis metye a jis mayi mi. Anpil paran pè rèv pitit yo, yo pè de sa demen yo ka tounen si yo swiv chimen pa yo, yo pè pou yo pa echwe, yo pè pou yo pa soufri, yo pè pou yo sibi diskriminasyon pa rapò a metye yo vle a. Kidonk sipò anpil nan yo vini swa lè yo kòmanse wè ke w’ap degaje w’ oubyen lè yo wè lòt moun reyisi nan domèn sa w’ te vle a oubyen kareman lè ou fin aprann yon lòt metye pou w ‘“fè la wout“. E gen sipò ki pa janm vini !

Wi, ou kapab fè sa w vle men yo vle fòk sosyete a valide w’. Fòk metye w’ lan nan kategori konvansyonèl yo e fòk yo pa twò deranje sosyete a. Wi wi, rèv pa w’ la avni pa w’ la menm ki dwe resevwa tout so sa yo anvan w’ konn si w’ kapab pratike l’. Menm jan avè m ki se yon etidyan achitekti ki kwè ke l’ap ka etidye “beaux-arts “ yon jou san yo p ap di l’ ke atis pa metye, ke atis se moun fou. Mwen vreman swete ke kelkeswa sakrifis ke w’ te fè, ke yon jou w’a va reprann rèv ou ke w’ te sere pou l’ te ka pa “fè lòt mal“ e fè wout avè l’.

 

"C’est simple : pour empêcher un haïtien de rêver, il faut l’abattre." - Dany Laferrière

 

  

Photo Credit: Samuel Dameus

IG/Twitter: @TiSamy2k

Tumblr: tisamy2k.tumblr.com