Rechèch

Li ann Anglè

Rechèch

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Otèl Oloffson

Ilistrasyon: Jelsen Lee Innocent

Otèl Oloffson

Ilistrasyon: Jelsen Lee Innocent

Otèl Oloffson

Ilistrasyon: Jelsen Lee Innocent

Translated to Kreyòl by Doris Lapommeray

Pandan fedatifis t ap pete nan syèl etazinyen an wikenn 4 jiyè a, gen yon pi gwo dife ki eklate nan kapital Ayiti a, ki kraze otèl Oloffson atè plat. Tankou anpil kay ak biznis nan Pòtoprens ak kèk lòt kote nan peyi a, yo te oblije kouri kite otèl la pandan fòs viv nan san elit valpa yo ap sipòte yo ap ogmante taktik vyolans yo.

Depi lè sa, jounal nan tout mond lan pale sou destriksyon otèl la epi bay esplikasyon sou siyifikasyon sa genyen pou yon peyi ki kontinye ap pèdi teritwa fas ak gang ki sanble pran plis fòs nan latwoublay y ap simen nan peyi a.  Atansyon sa ka parèt biza e menm sispèk pou kèk moun, men pou w konprann li fòk ou konprann senbòl Oloffson reprezante a.

An rezime, Oloffson te reprezante pawòl ki di “si wòch te ka pale...”. Li tankou yon granmoun ki chita ak pip li nan bouch li k ap suiv, san pale, istwa politik, sosyal ak atistik Ayiti.

Pou Ayisyen, otèl la te yon fyète achitektiral: yon egzanp vivan  kay gingerbread yo te konn bati nan kòmansman syèk ki sot pase a. Se te lakay RAM, yon gwoup rasin Richard ak Lunise Morse ap dirije. Yo transfòme mizik vodou yo an nouvo revandikasyon politik. Se te yon espas espirityèl pou vodouyizan ak yon espas kote moun kominote M lan te ka santi yo an sekirite.

Pou yon oksidantal, se te yon batiman mitik lakòz jan Graham Greene te dekri li nan woman li an ak vizit anpil selebrite tankou Elizabeth Taylor ak Marlon Brando.

Otèl la konstui an 1887, li te sèvi kòm yon espas achiv  ki pa t ofisyèl. Li gouye anba lokipasyon Etazinyen an, rejim bout di Duvalier a, plizyè koudeta, goudougoudou  ak kolera, pou li finalman tonbe anba men bandi ak zam ki fèt sou menm tèritwa a.

Yon efasman  konsa grav anpil, men nan yon kontèks ki pi laj, malerezman sa pa siprann nou. Dènye evènman ki ap pase nan peyi Mwayennoryan yo, montre a klè ki jan gwoup nasyonal ki vle gouvène itilize menm taktik sa yo pou pran kontwòl tout yon popilasyon.

Eta islamik  ki pote non ISIS, yo konsidere tankou “yon branch lokal Al-Qaïda a”, te lage nan detwi oswa vann atizay siryen ak ikrenyen ki te gen anpil valè. NPR te rapòte “pandan dènye 10 mwa  lokipasyon Palmi an, leta islamik la te kraze ra pye tè  moniman istorik tankou tanp antik ak yon “arc” triyonf. Manm gwoup sila a te “koupe tèt […] akeyològ ki te gadyen antikite Palmi yo, paske li te refize di ki kote zèv yo te sere”.

Ekspè tankou Eckhart Frahm nan inivèsite Yale konsidere taktik sa  kòm yon mwayen  pou ISIS te elimine sit sa yo paske anvan sa, gen dirijan politik ki te konn itilize yo “pou konstwi  yon sèten idantite nasyonal atravè relijyon, sèk ak gwoup etni yo”.

Ak tout eleman  sa yo, nou ka rive jwenn yon esplikasyon sou destriksyon Oloffson lan. Chak jedi swa RAM te konn jwe e pandan moman sa yo, Oloffson te ofri youn nan ra espas kote tout moun sou menm pye san  klas sosyal ak estrikti ekonomik, nan limit sa ka posib Pòtoprens. Tout moun, natif natal, dyaspora, nèg anba ak gran nèg yo – ansanm ak kèk anbasadè ak jounalis etranje- te ka egziste ansanm nan menm espas la san pa gen okenn baryè.

Pou gang yo enpoze yon nouvo pwojè, yon nouvo idantite nan peyi a, enstitisyon ki senbolize, piti kou l ye, linyon paka egziste. Aksyon sa yo rantre nan linye taktik ki fèt deja tankou kidnape pastè ak moun ki apresye, atake seminè ak lekòl. Sa yo se ansanm enstitisyon ki sèvi chapant pou kominote yo e ki te ka reziste e menm konbat enfliyans gang yo ak bon jan resous epi bon jan òganizasyon.


Li esansyèl pou nou sonje, lè chapant sa yo ki pa nan politik ap parèt sou teren an konsa, yo pa janm pa gen yon objektif politik anbachal. An reyalite, yo se chan batay kote premye kou ki pati a se pou afebli moun ak sosyete yo.


Li esansyèl pou nou sonje, lè chapant sa yo ki pa nan politik ap parèt sou teren an konsa, yo pa janm pa gen yon objektif politik anbachal. An reyalite, yo se chan batay kote premye kou ki pati a se pou afebli moun ak sosyete yo. Pandan “lagè sal” Ajantin lan, milis yo te konn toutan vize lidè inivèsite ak lidè relijye yo.  Yon mannyè pou yo te ka febli ak maspinen espas ki jèmen kiryozite entèlektyèl, lespwa ak memwa kolektif nasyon an, sou sa ki reprezante yon Ajanten.   

Pi lwen toujou, lè nou gade timoun ak jèn ki fòme gang sa yo, nou ka konprann poukisa otèl la pa te vle di anyen pou yo. Pi fò nan yo soti nan katye ki pi ap viv vyolans ak mizè nan peyi a. Kounye a, selon repòtaj yo, yo di yo ap rekrite timoun nan kominote sa yo pou rantre nan gang yo.

Kisa yon otèl Liz Taylor te frekante vle di pou yon timoun 15 lane ki oblije sispann ale lekòl depi lè li gen 12 lane paske manman li pa ka peye? Ki sa yon fèt RAM vle di pou yon jèn 22 lane ki pa janm konnen sa manje 3 fwa pa jou vle di alewè pou yon nwit ap danse jouk li jou?

Menm si sitiyasyon sa yo fè nou reflechi, nou dwe reflechi sou ki jan gwo diferans ant moun ki pa genyen ak sa ki genyen yo eklate nan moman chirepit sa yo.    

Gen anpil zonbi k ap fè Ayiti sote nan dòmi. Ak Oloffson ki tonbe a, gen yon nouvo lespri ki pran nesans. Se pa yon lespri ki soti nan tire kont ak imajinasyon, men pito, youn ki soti nan lapèrèz ak fòse bliye. Pa gen okenn konklizyon ankourajan pou fini atik sa. Okenn refleksyon pou soulaje kè sila yo ki viktim nan evènman ki ap fèt la yo. Sèlman gen moman prezan ak  dèy y ap fose chita sou nou an.