Chèche

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

How Do You Enjoy the Beautiful Game When You Can’t Have Nice Things?

Yon rara ki ap chofe foul la anvan match Ayiti - Ekwòs la nan vil Boston
Lunise Cerin

How Do You Enjoy the Beautiful Game When You Can’t Have Nice Things?

Yon rara ki ap chofe foul la anvan match Ayiti - Ekwòs la nan vil Boston
Lunise Cerin

How Do You Enjoy the Beautiful Game When You Can’t Have Nice Things?

Yon rara ki ap chofe foul la anvan match Ayiti - Ekwòs la nan vil Boston
Lunise Cerin

Nou te mande Ian Rolf opinyon li sou kalifikasyon Ayiti nan Mondyal la. Atik sa se yon dyalòg ak "Dancing in the Shadows."


Kalifikasyon Ayiti pou Mondyal sa a se te yon veritab refleksyon sou lide ke bagay ki bèl pa fèt pou nou, oubyen se pa avèk nou yo sanble.

Mwen sonje an 2018 lè m tande yo anonse Mondyal 2026 lan ta pral òganize nan twa peyi, Meksik, Etazini, ak Kanada, e yo t ap elaji konpetisyon pou plis ekip, premye lide ki pase nan tèt mwen se «Woy, pou di Ayiti pa ta ka kalifye fwa sa a ? » Gras ak 3 peyi òganizatè yo ki pa t bezwen kalifye, sa vle di t ap gen 3 plas anplis pou peyi nan rejyon Konkakaf la. Men ant 2018 a lajounen jodi, anpil bagay rive nan mond lan, donk se pa t twò rete nan tèt mwen.

Men bò zòn mi-2025 yo, lè m voye je sou poul nou an, ekip nou an, e match nou te gen pou n jwe yo, kalifikasyon an te vrèman kòmanse sanble yon posiblite tout bon vre. An Jiyè m kòmanse suiv ti mesye nou yo de prè. An Septanm eksitasyon an kòmanse monte.

An Septanm, Ayiti fè match nil 3-3 ak Kosta Rika nan yon match kalifikasyon, e yon sèl kou bagay kòmanse bèl nan men nou. Antan ke ekip ki kalifye plizyè fwa deja pou Mondyal, Kosta Rika se youn nan gwo towo nan rejyon an e se yo ki te pi gwo advèsè nou sou papye. Kidonk yon match nil 3-3 avè yo se te yon rezilta pozitif. Malerezman, tousuit apre sa yon defèt 3-0 fas a Ondiras vin fè nou oblije fè yon ti kalme. Men malgre sa, moman sa a te diferan de tout lòt fwa m te gen espwa pou Ayiti fè yon bagay epi yo desevwa m. Fwa sa a desten nou te nan men nou, e nou pa t oblije ni mete espwa nou sou lòt ekip pou fè nou favè, ni nan fè kalkil konplike. Nou te jis bezwen fè bon rezilta epi al chèche kalifikasyon nou.

E nou non sèlman fè sa an granmoun ak fòs kouraj nou, men nou fè l ak tout stil e sans listwa yon okazyon konsa te merite. Lè w byen gade, si pou n te kalifye pou yon Mondyal, ki lòt jan pou l te ye e ki lòt lè pou l te ye si se pa t nan yon dat senbolik tankou 18 Novanm ? Se nou l ye, nou se yon pakèt afè e metye nou se fè listwa. Antan ke gwo fanatik foutbòl, m konn sa k rele dram ak zen ki melanje nan men w, men jiska jou sa a tout lòt fwa m te viv moman sa a yo se te swa nan gade klèb mwen renmen oubyen seleksyon nasyonal lòt peyi ke m te fè yon ti prete.

E se pa pou di ke lòt okazyon sa yo pa t spesyal. Jiskaprezan, wè Messi k ap ranpòte premye tit Mondyal li rete youn nan pi bèl moman mwen viv kòm fanatik foutbòl. Men lè se seleksyon nasyonal peyi w ki ba w bèl moman lajwa sa, lè w ka pataje l ak konpatriyòt ou, sa ba l yon ti gou spesyal, yon ti gou lakay. Epi kòmsi sa pa t ase, mete sou li nou vin tonbe nan men gwoup ak Brezil. Se kòmsi lespri foutbòl yo te deside mete ansanm pou yo gate tout Ayisyen fanatik foutbòl  nèt ale.

Men malerezman, kòm bèl bagay pa sanble nou, depi yon bon bagay rive fòk gen yon bagay ki vin gate sa. Donk se pou sa youn nan pi bèl moman nan istwa nou sou plan spòtif rive pandan peyi a ap travèse youn nan moman ki pi difisil li janm pase. Apre kalifikasyon istorik Grenadye yo, anpil moun atravè mond lan ekri pou souliye youn nan bagay ki pi inik nan eksplwa nou fè a se ke nou se sèl peyi ki janm rive kalifye pou yon Mondyal san li pa janm jwe yon match lakay li. Lè w gade sou rezo sosyo, ou te ka wè chaje video gwo selebrasyon ki blayi toupatou nan mond lan pou popilasyon yo remèsye epi felisite seleksyon yo ki te rive jwenn kalifikasyon yo. E anvan ekip yo pati menm, se te pi rèd. Ou te ka wè stad plen kou ze, timoun kou granmoun, fedatifis fè kenken tout kote. Nan peyi Brezil menm, ata « batize »yo batize avyon seleksyon nasyonal la anvan yo pati. Men nou menm, nou pa t rive jwi okenn nan moman sa a yo. Gras ak rezo sosyo, nou rive jwenn yon jan pou nou fè ti mesye nou yo santi tout lanmou ak sipò nou te gen pou yo, men se bagay ki fè ti kè nou grenn kanmèm ke nou pa t rive ba yo lòv la an pèsòn menm jan ak lòt peyi.

Anplis de sitiyasyon pa bò lakay, lè w gade nan ki kontèks jeyopolitik Mondyal sa a ap dewoule, sa fè w reflechi. Byen ke ofisyèlman se 3 peyi k ap òganize Mondyal sa a, pi fò nan match yo ap jwe nan yon Etazini kote se yon gouvènman Lwijanboje, anti Ayisyen, anti etranje k ap fè la lwa. Gwo pèsekisyon sou imigran nou te ka wè nan lane ki sot pase a te deja avèti nou sou kijan anbyans lan t ap ye, jan pwovèb la di a « se lavèy fèt pou wè si fèt ap bèl ». Men menm sila nan nou ki pi sinik yo pa t ap ka predi nivo mechanste dirijan yo. Non sèlman yo refize viza pou fanatik, pou manm staf ak jwè ekip ki kalifye, ata abit FIFA nome yo pa kite rantre nan peyi a.

Sa pral fè kèk tan depi fanatik bèl jwèt la ap plenyen kijan spò nou renmen an vin tounen yon mwayen pou pwòpte imaj ak redore blazon tout kalite atoufè ak gouvènman ki nan fè sa k pa sa, yon fenomèn ki pote non « sportswashing » nan lang anglè. Se yon bagay nou te ka wè deja nan Mondyal Larisi ak Kata yo, e menm nan edisyon ki te dewoule nan peyi Brezil ak Afrikdisid. Men an jeneral, gen yon modòd ki konn pase ant FIFA, peyi k ap òganize Mondyal la, ak rès mond lan. Gen yon antant ki ta vle ke pandan konpetisyon an ap dewoule, menm si zafè w pa fin kòdyòm, ou ta dwe o mwen fè yon ti efò pou fè sanblan. Men fwa sa a, pa gen okenn tantativ kase fèy kouvri sa. Epi mete sou sa FIFA li menm ki se òganizasyon ki ta dwe ap asire l ke tout bagay ap dewoule kòmsadwa, lage cha a nèt e abandone tout responsablite l. Yo deside ke se afè lajan yo vin regle, e sou pretèks yo pa vle rantre nan politik yo rete chita ap gade pandan Etazini pase konpetisyon an ak tout règ FIFA yo anba pye. Men ak tout yo pa t vle rantre nan politik la, yo pa t santi yo jennen pou yo soti yon deklarasyon dènye moman pou yo egzije seleksyon nasyonal la chanje mayo lavèy konpetisyon an t apral kòmanse. Swadizan paske yo te twouve ke yon motif sou mayo ekip la pou komemore Batay Vètyè a te twò politik, donk yon sèl kou yo resezi tèt yo e vin sonje ke yo gen règ yo te sipoze aplike.

Men si gen yon bagay vye jwèt yo bay pou foutbòl sa a fè, se ke li fè tout moun gen yon ti kote sanwont. Ou pa konn kilè li pral fè w soufri ni kilè l pral ba w plezi, men l ap fè w goute sèl e ou p ap mande rete. Bill Shankly se te yon gwo antrenè Liverpool ki te deklare « gen moun ki panse ke foutbòl se yon koze lavi ou lanmò, men mwen ka bannou garanti ke se yon pi gwo kokennchenn koze ke sa toujou ». E se egzakteman poutèt foutbòl se tout gwo koze li ye a ki fè fòk nou la, fòk nou tout vin selebre, pran kè sote, sipòte, epi pataje bèl moman plezi sa a yo ki ap vin pi ra ak chak jou k ap pase. Paske fòk gen bèl bagay ki sanble nou tou.

 

Author

Sir WellActually @ian_rolf