Rechèch

Li ann Anglè

Rechèch

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Koulè w Pa Pou Asu

Koulè w Pa Pou Asu

Koulè w Pa Pou Asu

Wikenn rive, ou gen randevou ak kèk zanmi w pou w al tènòp. Lajan w nan pòch ou, epi ou rive devan ba a, epi yo separe nou pa moun ki ka rantre ak moun ki paka rantre. Non se pa laj ou pa genyen se OU ki pa ale ak kote a. Ou poko vle kwè sa k'ap pase a, w'ap poze kestyon paske ou pa wè diferans ant ou ak lòt ki andedan an.

Men sitiyasyon anpil moun ki ale ASU, yon ba ki nan lotèl Karibe, ap viv depi kèk tan. De tanzantan nou wè yon moun ki pran chans pale de sitiyasyon sila a byen fò sou entènèt. Youn nan pi gwo pretèks yo se ba a "plen". Men sa yo pa di se li "plen" pou yon kategori moun. E apre yon ti tan, yo wè gwoup moun ki pi klè pase yo oubyen blan ap pase antre san bri san kont.

Sa ki pi deranje mwen lè mwen tande ak li temwanyaj moun ki ale la se ke mwen pa sezi. Mwen pa sezi paske mwen konnen nan ki sosyete ipokrit ki chita sou kolorism ak elitism mwen ap viv. Mwen konnen ke gen anpil kote mwen p’ap alèz pou mwen ale paske yo fè moun santi ke plas yo pa la paske yo pa rantre nan yon kategori byen defini nan sosyete a.  Men sa ki pi revòlte mwen se jan nou toujou ap eseye jistifye lide sa yo. Jan nou toujou panse ke li nòmal pou yo aksepte tout sa milat / blan an fè, paske se konsa Ayiti ye. Non! Se pa paske li ap fèt depi djab te kaporal ke li byen, ke li bon. Divize yon sosyete pa koulè po li, fè li konprann ke pou li "rive" fòk li pran pa ak de seri de moun ki pa menm vle konpanyen li menm. Moun mwen ye, moun ou ye pa ta dwe chita sou ki moun ou frekante ak ki siyati w' oubyen ki ba nan Pòtoprens lan ke w' ale, nan ki legliz ou mache, ki lekòl ou te enskri, ki peyi ou al an vakans, ak si w gen èg ou palmis sou paspò w. Se nan kilti kolorism sila a ki fè nou bese tèt nou devan anpil akt diskriminasyon ak imilyasyon jis paske nou ka menm kote ak blan ak milat.

Sa ki ap pase nan Asu an, se pa premye kote li sa pase nan peyi a. Mwen byen kontan ke move tretman diskriminatwa sila a yo pale pou reveye konsyans, men m ta swete nou kòmanse denonse epi trete yo depi andedan lakay nou, pase nan leta arive nan lòt sektè yo.