Rechèch

Li ann Anglè

Rechèch

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Nouvo Mizik: "Ogou" T'Dòz

Nouvo Mizik: "Ogou" T'Dòz

Nouvo Mizik: "Ogou" T'Dòz

Woy Magazine fou pou nouvo mizik T'Dòz la! T'Dòz se pi gran pitit de moun nou renmen anpil, Lòlò ak Manzè - Boukman Eksperyans. Pitit tig se tig! T'Dòz te vin yon manm Boukman Eksperyans an 1992 antan ke dansè. Konya misye abite Jenèv, Swis depi 2001, e se li ki pwodui pi fò nan mizik Boukman Eksperyans yo depi 2006. "Lâcher Prise" se premye albòm T'Dòz kòm chantè, albòm sa pran eleman ki soti nan mizik rasin mete ansanm ak son modèn pou kreye yon son ki rele Voodoopop. T'Dòz fè nou kado yon videyo mayifik pou mizik li a "Ogou" ke ou ka gade la! Pa bliye ale sou iTunes pou achte "Lâcher Prise"!!!

https://www.youtube.com/watch?v=eRw-pKg-ayg