Kanaval fini e li bwote ale tout sa ki ladan li. Riva Nyri Precil, ki chante nan gwoup Bohio Music ofri nou yon mizik dous kou siwo pou ede nou reprann lavi nou apre banbòch kanaval la. "ou fè m'" ki se yon bon jou mizik lakay ki dous ak sexy an menm tan. Mizik sa a ki ap bon pou ti randevou , se youn nan mizik ki ap sou albòm Riva a ki ap rele "Perle de Culture". E si sa nou tande a se konsa tout albòm lan ap ye, nou Menm nan Woy nou paka tann pwojè a fini. Fè tèt ou plezi al gade videyo a. Anvan nou fini, nou ap mande menm bagay ak tout moun, kibò nou ka jwenn gwo tas "bwè" ke li kenbe a?
Rechèch
Li ann Anglè
Anglè
Menu
Anglè
Menu
Nouvo Mizik: "Ou Fè M" Riva Nyri Précil
Feb 23, 2015
by

Nouvo Mizik: "Ou Fè M" Riva Nyri Précil
Feb 23, 2015
by

Nouvo Mizik: "Ou Fè M" Riva Nyri Précil
Feb 23, 2015
by

Related Stories
“Chèche lavi lòt bò dlo” : Yon entèvyou ak chantè Ayisyen Jean Belony “BélO” Murat sou migrasyon ak gerizon

Misyon m se pou m yon atis ki gen konsyans sosyal paske Ayiti gen de nesesite byen espesifik. Pou mwen li enpòtan pou Ayiti nan mitan mizik mwen, se pa menm yon chwa, se konsa sa te dwe ye.
BélO
An 2021, Ayiti viv yon seri evènman twomatizan tankou asasina prezidan Jovenel Moïse, yon lòt gwo tranbleman tè manyitid 7.1, 15,000 Ayisyen ki ap mande azil rive Del Rio sou fwontyè Tekzas.
Nan mitan tout twomatis sa yo ki pa janm sispann, Ayisyen ap eseye reoryante tèt yo pou yo ka gen konvèsasyon ki pi fondamantal sou gerizon. Jean Belony “BélO” Murat se yon atis Ayisyen ki sosyalman konsyan e yon anbasadè mizikal ki itilize son tradisyonèl patikilye pou pataje mesaj gerizon kolektif ak konstriksyon kominote.
Nan entèvyou sa, BélO pale de vizyon l sou “chèche lavi lòt bò dlo” a travè travay li. Kòm yon anbasadè Ayisyen, objektif BélO se itilize mizik li pou pataje eksperyans Ayisyen, tradisyon ak kilti lakay ak lòt bò.
Asire w ou tcheke dènye pwojè la, yon rekreyasyon premye albòm li a "Lakou Trankil" - ki te soti 18 lane de sa kounye a - reimajine avèk èd atis fanm tankou Wiliadel Denervil, Queen Bee, ak Sherlee Skai, ki reentèprete mizik sou albòm orijinal la pou fè yon konpilasyon cover ki rele "Fanm Lakou Trankil".
Li pale ak Ashley E. Lazarre, ki doktoran nan enklizyon mondyal ak devlòpman sosyal nan inivèsite Masachousèt Boston.
Mizik: entwodiksyon Kote Moun Yo - BélO
AEL: Nan yon entèvyou ou te fè anvan, ou te di enspirasyon w toujou soti ann Ayiti. Albòm ou an “Natif Natal” reprezante Ayiti tankou rasin natif natal ou. Menm lè ou eksplore lòt jan mizikal tankou Afrobeats ak Adekunle Gold oubyen mizik elektwonik ak Michael Brun (nou ka konsidere ki pa antre nan nòm ou yo), kèlkeswa bit la lè mwen tande vwa w mwen konnen se BélO. Poukisa li enpòtan pou ou, pou enspirasyon w sòt ann Ayiti?
JBM: Pou mwen onèt ak ou, mwen vreman panse si se pa t pou Ayiti, mwen pa t ap yon atis. Privilèj ki vini ak tit atis la, tankou gwo machin ak liks, okenn nan sa yo pa ale ak mwen.
Misyon m se pou m yon atis ki gen konsyans sosyal paske Ayiti gen de nesesite byen spesifik. Pou mwen li enpòtan pou Ayiti nan mitan mizik mwen, se pa menm yon chwa, se konsa sa te dwe ye.
Mwen pa t planifye pou mwen te konsa men se konsa sa te dwe ye. Si yo pa t chwazi m pou mwen yon mesaje pou Ayiti, mwen pa t ap yon atis paske mwen pa wè tèt mwen k ap chante bagay sipèfisyèl tankou lajan ou byen bèl kay, bèl machin — se pa moun mwen ye a.
Sa gen plis pase 200 lanne depi endepandans nou, nou ap mennen yon konba difisil, tankou batay kont pwoblèm anviwònman ak dezas politik yo.
Vre rezon ki fè mwen nan mizik se paske Ayiti gen anpil maleng ki merite gerizon, e dwe gen yon moun ki pare pou mete tèt li nan pozisyon pou resevwa mesaj gerizon sa pou li ka pataje l. “Si m pa dòmi mwen p ap fè rèv la”. Menm si tout moun ap fete, mwen dwe al dòmi pou mwen ka reve epi resevwa remèd pou maladi ki nan peyi a.
AEL: Nan mizik ou, ou pale de gwo enpòtans gwo medya yo bay twomatis Ayiti, ki ka prezan tou nan milye inivèsitè a. Ou defye sa nan chante enpòtans depistaj VIH (sida), sou konn rasin nou, sou prezèvasyon kilti nou, agrikilti ak sante mantal. Poukisa gerizon an se yon mesaj esansyèl nan mizik ou?
JBM: Paske gen nesesite a. Medya yo ap chache nouvèl ki pi enterese mond lan—se wòl yo sa. Men ki wòl nou menm Ayisyen? Si moun ap eseye dyabolize w, eske w eseye mete tèt ou nan yon pi bon pozisyon chak jou?
Mwen panse se la pou nou konsantre jefò nou. Mwen dwe reyalis tou pa rapò ak eta aktyèl peyi nou an, men eske gen anpil Ayisyen ki konsantre yo sou pwomosyon bon bagay peyi nou an? Eske nou fyè ase de vodou nou an? Eske nou kite moun konnen kisa li ye? Ou byen nou kite Hollywood montre yon sèl aspè li ?
Se sa k fè lè mwen an toune, mwen toujou mete rad Ayisyen. Mwen toujou mete tradisyon nou yo devan pou tout moun ka konnen se teni tradisyonèl Ayisyen, li sòti nan Vodou, li sòti Ayiti. Mwen vle montre fas Ayiti moun pa janm wè anvan.
Nou bezwen moun tou ki pote plis valè nan lang nou. Gen anpil moun ki di mwen t ap rive pi lwen nan karyè mizikal mwen si mwen te chante nan lòt lang ki pa kreyòl. Mwen toujou reponn yo “mwen rive ase lwen ak lang mwen”. Si plis Ayisyen te kreye plis an Kreyòl petèt li t ap yon lang ki pi popilè pase jan li ye kounye a. Nou pa dwe adapte nou pou tout bagay an anglè epi swiv yon modèl paske n ap pèdi kilti n ak idantite nou.
"Nou se wozo, nou pliye nou paka kase”.
Mizik: Wozo - BélO
AEL: Wozo se mizik prefere m. Li te enspire m nan moman mwen pa t vreman wè limyè nan travay mwen, kote li t ap mennen m ou byen sa mwen te vle fè. Mizik la fè mwen sonje poukisa mwen la, sitou, mwen se Ayisyen e rezilyans mwen gen yon sans ki pi fò anndan m. Ou sòti mizik sa apre goudougoudou 2010 la pou raple Ayisyen pou yo leve kanpe pou tèt yo. Mwen itilize “wozo” kòm konsèp nan rechèch mwen yo lè m ap pale de Ayisyen ak lè m ap pale de moun nou ye. Eske w ka pale de rasin mo kreyòl “wozo” a?
JBM: "Wozo" se yon pye banbou. Pyebwa banbou se yon plant ki ka plwaye men ki difisil pou kase l.
Nan demen goudougoudou 2010 la, mwen te Gwadloup lè mwen te resevwa nouvèl ki di “pa ret Ayisyen Ayiti ankò”. Se konsa yo te prezante m nouvèl la. Yo te di sa fini pou Ayiti e pa t gen moun ki vivan nan peyi a. Mwen te choke men apre sa m panse “foto ak videyo sa yo sòt Ayiti, sa vle di gen o mwen yon Ayisyen ki vivan”. E jan mwen konn moun mwen yo, depi rete o mwen yon fanm ak yon gason Ayisyen ann Ayiti, sa ase pou nou pou fè lavi fleri. Mwen di tèt mwen “nou se wozo, nou pliye nou paka kase”. Wi nou pran yon gwo frap ki fè nou pliye, men jan mwen konn moun mwen yo, nou pa janm kase.
Mizik: Istwa Dwòl - BélO
AEL: Ann pale de konsèp “chache lavi lòt bò dlo” a. Mwen kwè sa pale avè m pèsonèlman, paske mwen te oblije kanpe sou al Ayiti a kòz twoub sosyal dènye tan sa yo. Gen yon distans ki kreye ant mwen menm ak lakay, ki fè lakay vinn tounen kèlkeswa kote m ale. Kijan ou panse eksperyans “chèche lavi lòt bò dlo” lye ak chache gerizon?
JBM: “Al chèche lavi” pa vle di al chèche yon plat manje. Nan yon kontèks Ayisyen, yon peyizan ki voye pitit li yo nan yon vil pou yo ka gen pi bon ledikasyon ap “chèche lavi” pou pitit li yo. Peyizan an konsyan limit ak obstak ki gen lè ou pa konn li, kidonk objektif li se fè tout sa l kapab pou bay pitit li plis.
Ayisyen batay pou bay pitit yo yon pi bon lavi pou yo ka pa viv menm mizè yo viv yo. E se menm jan an tou pou Ayisyen klas mwayèn. Paran voye pitit yo lòt bò dlo pou yo ka jwenn pi bon lavi pa paske yo bezwen pi bon manje ak kay men paske yo vle pi byen finanse avni yo pou yo ka vin doktè, atlèt, enjenyè ou byen atis.Y o ale Etazini paske se la yo ka jwenn pi bon ledikasyon ak resous pou aprann. “Al chèche lavi” pou mwen vle di kreye yon dinamik pou yon pi bon avni.
AEL: Nan videyo “Istwa Dwòl” gen yon sèn kote 5 gason monte yon kannòt pou yo ka kite peyi a pandan fanmi yo ap panike pou kote yo ye ak tout risk potansyèl vwayaj la. Videyo sa ki fèt sa gen pase 15 lanne antisipe sèn nou te asiste lè 15 000 Ayisyen te mache nan Amerik Sid la pou rive sou fwontyè Teksas pou mande azil. Poukisa ou te chwazi montre Ayisyen ki ap kite peyi a nan yon videyo?
JBM: Mwen chwazi montre imaj sa yo paske yon imaj di plis pase plizyè mo. Li enpòtan pou mwen pou m montre Ayisyen gen kèk pwoblèm nou paka kontwole men gen bagay tou nou gen pouvwa sou yo.
Nou dwe konsantre enèji nou sou sikonstans nou ka kontwole. Mizik la mete limyè sou, si peyizan prale, atis ak doktè prale, se paske gen yon pwoblèm santral nan peyi a.
Ki moun y ap kidnape lè tout moun ale? Ou byen eske n ap re panse pozisyon nou pou konvenk youn lòt pou n kanpe vyolans sila n ap fè sou tèt nou an pou nou ka lakay ansanm ankò.
Gras a solidarite nou ka reziste a lavaj sèvo a epi sove peyi a. Nou konnen nou se “wozo” e nou ka kanpe ankò men li pi difisil pou w kanpe poukont ou pase si yon moun ba w yon kout men. Ayisyen paka konsidere youn lòt tankou yon pwoblèm paske gen anpil lòt faktè ekstèn nou dwe fè fas a yo.
Nou paka espere lajan pa Western Union ak bèl tenis chak mwa sèlman nan men dyaspora a. Nou bezwen yon relasyon ki pi enklizif.
Mizik: Pitit Deyò - BélO
AEL: Nan mizik sa ou elabore sou relasyon dyaspora a ak Ayiti. Kisa yon “Pitit Deyò” vle di?
JBM: Mwen rele mizik la “Pitit Deyò” paske literalman lè yon papa fè yon pitit ak yon lòt moun ki pa madan marye li nou rele timoun lan “pitit deyò”. Men lè yon manman fè yon pitit deyò maryaj li, nenpòt jan, timoun lan rete pitit byolojik li. Nan sans sa, Ayiti se manman nou e kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, ou p ap janm pitit deyò Ayiti.
A pati de sa, mizik la pale de amelyore relasyon nou ak dyaspora a. Mwen te santi lapèrèz sa kay dyaspora a se pou sa m te ekri mizik “Pitit deyò” a. Nou paka espere lajan pa Western Union ak bèl tenis chak mwa sèlman nan men dyaspora a. Nou bezwen yon relasyon ki pi enklizif.
AEL: Antwopològ Gina A. Ulysse pale sou nesesite pou “rasanbleman” — “nesesite pou gen konvèsasyon pi pwofon, pi reflechi ak entwospeksyon pami Ayisyen yo”. Li konstate “viv an fragman vin tounen mòd vi nou” e li ensiste pou Ayisyen yo pran poz pou rekalibre. Kijan ou kalibre tèt ou nan moman kriz, pèsonèlman ak antanke atis?
JBM: Mwen ka di pèsonèlman se yon bagay ki di pou fè. 2 dènye lanne sa yo, mwen vin pi aktif sou medya sosyal yo, pa selman pou pataje atizay mwen, men pou pataje ti mesaj lespwa paske mwen konnen lè ou nan moman kriz li di pou w panse pi lwen pase sitiyasyon an. Men antanke atis, pafwa mwen vwayaje oubyen nanm mwen kite kò mwen epi al chèche enspirasyon yon lòt kote, pa sèlman pou mwen, men pou pataje ak lòt moun; paske pou mwen se sa yon atis ye.
AEL: Se yon bèl mesaj pou fini konvèsasyon nou an. Mèsi anpil paske w te pataje lide w sou "chèche lavi lòt bò dlo".
Imaj: BélO
Jun 6, 2023

"Kreyasyon se oksijèn nou" yon entèvyou ak Charline Jean Gilles nan NANM

Sityasyon peyi a paka anpeche nou kreye. Fòk nou kreye pou nou viv paske se de kreyasyon nou viv. Kreyasyon se oksijèn pou nou.
CHARLINE JEAN GILLES
Charline Jean Gilles se yon kokennchenn atis, ki ap kreye depi plis pase 15 lane nan teyat, chante ak prezèvasyon kiltirèl. Charline kounye a gen yon nouvo kolaborasyon ak atis ak gitaris Toussaint Jimmy Kerby ki rele Nanm — yon selebrasyon eritaj mizikal Ayiti. Pa manke yo si ou gen opòtinite pou gade yo sou yon sèn toupre ou. Nou te gen yon chans pale avè Charline pou nou aprann sou pakou atistik li epi chèche konnen kisa pwojè NANM lan pral pote.
Gen moun ki konnen w sou plizyè pwojè, nan mizik, nan teyat. Mwen ta renmen konnen depi kilè ak kijan ou te kòmanse?
Kesyon sa tèlman fè m ri paske pou m reponn li gen de seri de dat pou mwen konfime. Men mwen konmanse chante, fè ti teyat nan legilz. An tan ke pwofesyonèl, sa vle di on moun ki chante, fè teyat epi yo peye w pou pyès la, se an 2007 avèk Gaëlle Bien-Aimé. Twoup la te rele Corps et Âme. Donk nou te jwe nan yon komedi mizikal ki rele Don Juan kote m te gen yon wòl nan komedi mizikal la. Apre sa nan menm ane a, avèk Gaëlle nou fe plizyè sèn. Nou fè sèn Mè Bourdon yo. M kwè yon lè nou fè sèn Bellevue…
Nan fen 2007, kòmansman 2008, mwen kontinye avèk Notre Dame de Paris dirije pa Bertrand Labarre, Maître Dechamps epi Stevenson, avèk koregrafi Jean-Réné Delsoin. Repetisyon pou spektak sa te etann li sou 8 mwa. Donk se depi 2007 mwen se yon vrè pwofesyonèl nan zafè mizik, chante epi nan teyat.
Nan yon videyo ou te fè sou paj Tiktok ou, ou te di ou te leve nan legliz, e nan travay ou, nou wè Vodou gen yon gwo plas ni nan mizik ni nan dekò. Eske w ka pale de tranzisyon w si nou ka rele l konsa ant 2 mond sa yo ki totalman diferan?
Woy Magazine avèk kesyon sa nap fè m ri ankò. Se yon kesyon pyèj paske li trè danjere pou m pale de tranzisyon m de legliz la avèk moun mwen ye jodi a. Mwen pa vle di yon seri de bagay ki ta pote prejidis e gen bagay mwen pa vle tout moun konnen.
Sa mwen kapab reponn se wi m leve legliz. Men "leve legliz" sanble ak manman ak papa ki te konn mennen m legliz. Se pa te ka pa m. An reyalite, manman m te konn fwete m lè m te konn retounen lakay mwen ta soti legliz ou byen si m te rete nan sèvis legliz la twò ta. M te konn pran baton pou koze legliz sa men mwen te toujou atire pa yon fòs mistik ke m pat ka vreman eksplike.
M te santi ke gen plis pase sa m wè, plis pase jan yo ban m li an, epi m ap chache, m ap poze kesyon. M vinn konprann mwen te gen yon espirityalite anndan m, yon bagay anndan m, yon limyè anndan m m ap chache. Se te legliz m te konnen, donk mwen te trè relijye.
Men an menm tan ke m te legliz, mwen te konn ap fè de seri de travay, de seri de wout mistik ke mwen pat fin twò konprann. Gen yon tranzisyon ki fèt epi mwen reyalize pa gen lontan, vwayaj espirityèl sa te komanse depi anvan mwen te konsyan de li. Men, li fèt atan e mwen santi m byen.
Mwen dwe di ke vwayaj mwen fè nan espirityalite te toujou rasyonèl. M fè yon pakèt tan m ap etidye teyoloji pou m konn la pawòl paske mwen santi gen yon bagay ladann.
M panse kesyon sa mwen dwe reponn li pou mwen. Pou mwen di byen fò sa mwen te sipoze di epi admèt depi tout etan. Mwen te toujou atire pa espirityalite.
Dènyeman, nou dekouvri pwojè NANM ou fè an kolaborasyon ak Toussaint Jimmy Kerby. Kijan pwojè sa a te kòmanse? E èske nou deside kontinye ak li nan tan ki ap vini yo?
Toussaint Jimmy Kerby. Photo credit: NANM
Ayibobo pou kesyon sa. NANM se pa yon pwojè mwen fè an kolaborasyon avèk – se te de pwojè diferan ki vin fizyone ki vin fè yon sèl. Donk se te pwojè sòti lekòl atizay ENARTS pou Toussaint Jimmy Kerby, ki te gen pou objektif entegre pwojè amonik avèk tanbou epi rit lakou yo.
Pou mwen menm se te fè yon travay sou mizik Vodou, sou tèks yo sitou, sou atikilasyon yo, sou wòl chante yo, pou montre nou kapab chante Vodou. Chante yo bèl, nou kapab byen chante yo e byen atikile yo. Sètènman gen de seri de pawòl ki andaki. Men sa moun genyen pou yo konprann y ap konprann paske jan mizik yo ye a yo trè difisil pou chante, sou akò pa posib. Men yo gen anpil pwofondè, yo gen anndan, yo gen nanm.
Donk se te sa ki te pwojè pa m, epi aprè sa, refè de seri kè, koral, peristil nan lakou yo. Fè yo redekouvri yon lòt fason pou yo apresye mizik yo lè y ap chante l pou yo kapab souse nanm avèk pawòl ki genyen anndan mizik lan.
Nou tou lè de vinn rankontre youn ak lòt epi nou mete ansanm e nou deside fè yon bèl pwojè.
Sitiyasyon sosyo politik ak ekonomik peyi a konplike e li afekte ni kreyasyon atis yo ni pèfòmans yo tou. Kijan w fè rive resouse w pou w vanse? Ki kote fòs ak kouray sa a sòti ? Kisa ki pèmèt ou kenbe antank atis nan peyi isit?
Mwen se yon atis, yon chantè, yon komedyen, mwen fè masaj terapi, atis makiyaj, administratè, lengwis epi mèt seremoni pou maryaj ak lòt evènman. Men tout domèn mwen sot site yo la, sitiyasyon sosyo ekonimik peyi a afekte yo. Pa gen djòb.
Mwen pa konnen men petèt li se yon ensten siviv m ta rele sa. Epi avèk tout ginen yo ki antoure nou ki ap veye pou nou ka jwenn kichòy pou nou kanpe, pou nou vanse, paske bagay yo konplike efektivman.
Mwen pa atis sèlman, mwen se yon manman tou. M gen yon pitit fi 12 lane epi mwen gen yon nyès tou. N ap viv ansanm e bagay yo konplike. Sa ki pi konplike a se ide kreye nan kontèks sa kote gen timoun ki anvi al lekòl, ki anvi soti, ki bouke rete nan kay la.
Gen delè ou ta anvi fè yon seri bagay avèk yo men finansyèman, gen bagay ou pa gen mwayen. Sou yon bò se yon bon bagay li ye tou, paske ou disipline yo tou. Men li konplike.
M pa kwè m kapab di kijan m fè pou m resouse m, men yon sèl bagay m kapab di, m paka pa vanse. M pa gen dwa kanpe. Fòk mwen vanse. Paske chak pa mwen leve mwen mete l atè mwen p ap vanse pou mwen. M ap vanse pou pitit mwen yo, m ap vanse pou lantouray mwen, m ap vanse pou tout yon peyi. Pou yo di o mwen gen yon bagay fanm sa te kite, kèk grenn moun ki konnen m nan kominote m…
Pafwa ou santi ou ta lese w ale. Ou kriye nan mitan lannwit men tout pou kont ou paske nan demen maten ou gen tan kanpe ankò, paske fòk ou vanse.
Nou wè w sou pwojè Liminasyon - Bazou an e nou dekouvri pwojè w ki rele NANM, sou ki pwojè nou ka wè w ankò? Eske w gen pwojè w ap travay sou yo nan moman?
Mwen te sou pwojè Liminasyon an kòm chantè e wi se yon bèl pwojè. Sètènman n ap kapab dekouvri li, men NANM se pwojè pa nou, se ti bebe nou. Li trè enpòtan pou nou souliye NANM se pa sèlman pwojè pa m men pwojè Kerby ak Charline. Mwen se NANM, NANM se mwen.
Nan yon ti tan nou gen yon konsè an kolaborasyon avèk FOKAL. Se yon konsè live ki genyen pou li soti trè byento. Nou gen lòt konpayi nou nan kolaborasyon ak yo pou nou fè lòt konsè live.
Nou swete tou fè yon ti travay tou piti sou Gede a kote. Nou ta renmen piblye yon bèl ti travay nou vle fè nan studio pou Gede yo sou paj NANM yo. Se sa ki fè n ap toujou ap ankouraje moun yo abone avèk paj yo. Sou Youtube se NANM, Facebook se @nanmvodoua, pou instagram se @nanmvodoua.
Gen lòt pwojè k ap veni, sitou avèk Gaëlle Bien-Aimé. Epi nou sou yon pwojè de kreyasyon malgre konfinman avèk FOKAL. Se yon pwojè ki rele Dekonstriksyon ki te etann li sou 2 lane. La nou nan stad kreyasyon atistik lan. M kwè pral gen pèfòmans sitou nan festival trè pwochènman. Aprè sa gen pwojè ak lòt moun epi gen pwojè pèsonèl tou donk gen anpil bagay k ap vini e nou pral wè m ankò.

Ayibobo.
Foto: Cassendy Lafond pou Woy Magazine
Mar 28, 2023

Ekri pou pwopaje vid: yon entèvyou ak otèz dramatik Andrise Pierre

Gen dwa se pou sa se teyat mwen ekri, paske mwen bezwen vid mwen yo pwopaje epi rezonnen depi nan moun k ap li l la, ki deside pote l bay de komedyen ki pral repete l pou pote bay yon piblik.
ANDRISE PIERRE
7yèm edisyon Festival Théâtre En Lisant fèt dènyèman sòti 12-18 desanm 2022. Direktè teyat ak komedyenm Eliezer Guerismé, te fonde Festival teyat sa nan lane 2016. Dènye edisyon festival la te abòde tèm Vyolans ak Kontestasyon. Yo eksplore tèm sa nan travay Andrise Pierre atravè plizyè aktivite tankou pyès teyat ak lekti, yon seri konferans, yon seri anliy ak yon konsè. Andrise Pierre se yon otèz teyat Ayisyen ak pwofesè literati ki kòmanse resevwa rekonesans entènasyonal. Pyès teyat li yo atake pwoblèm sosyal vyolans nan fanmi an ak nan sosyete a.
Kòm envite donè, de nan twa pyès teyat Andrise yo, Le Chêne Endormi ak Vidé mon ventre du sang de mon fils, te jwe. Li te fasilite tou yon atelye ekriti teyat pou fanm ki vle evolye nan domèn sa, e li te ekri yon seri anliy ki te pwodui ak elèv lekòl teyat ACTE yo. Woy Magazine te chita ak Andrise Pierre pou n diskite eksperyans li kòm envite donè En Lisant 2022.
Feb 16, 2023

Yon entèvyou ak Alain Martin, reyalizatè "The Forgotten Occupation"

Okipasyon Afganistan an te pandan 2 dizèn lanne, yon lanne an plis de okipasyon nou an. Eske Afganistan pi byen kounye a? Pòtoriko se yon teritwa Etazini. Eske yo miyò?
ALAIN MARTIN
Dokimantè Alain Martin an The Forgotten Occupation eksplore istwa ki antoure lokipasyon 1915 lan pou bay limyè sou sa nou ka aprann jodi a pandan n ap chèche jwenn yon fason pou n sòti nan yon lòt peryòd kriz nan istwa nou. Nou te chita pale ak Alain Martin pou aprann plis sou efò sa a, ekip li a, sa li espere ke nou ka tire nan travay sa a.
Nou vreman eksite pou n resi ka gade apèsi pwojè sa a! Fim sa gen lontan l ap fèt, ki pi gwo leson ou aprann pandan tout pwosedi a?
Resous kreyatif enpòtan menm jan ak resous finansyè. Mwen sonje aprè nou te fin jwenn $25,000 nan leve fon sou Kickstarter, nou tout te kontan epi panse nou te bon. Men apre premye montaj la, fim lan pa t bon e nou rann nou kont li te manke nanm, nan direksyon atistik la. Li pran nou yon lòt 5 lanne pou nou jwenn sa nou te vle di ak poukisa nou te vle di l.
Kidonk m ap di, youn nan premye leson nou aprann la a lè n ap fè yon fim, se konnen kisa nou gen pou nou di, poukisa nou vle di sa epi kijan ou vle di li gen anpil enpòtans. Apre sa, kèlkeswa karaktè istorik la, fim fèt pou divètisman, pou angaje koneksyon ak piblik la. Otan sa ka pwoblematik, konekte epi emouvwa piblik la pi enpòtan pase eleman reyèl fim ou an.
Pou fini, kalvè a p ap vini, ou se kalvè w ap chache a. N ap tann yon sèten moun vini pote maji a, nou panse nou te jwenn ase lajan pou moun k ap pote maji sa a. Men, a la fen, moun sa a pa janm parèt e nou sove pwojè a nou menm. Kidonk nan lavi sa, moun pou w plis konnen se tèt ou.
Pale n de ekip ki pèmèt fim sa a posib.
Hans Augustave te vreman endispansab nan fè fim sa a. Li te gen yon travay ak yon konpayi pwodiksyon nan vil la ki te pèmèt nou jwenn ekipman gratis pou filme tout sa nou te bezwen. Fim lan jan li ye kounye a pa t ap possible san li.
James Doran mwen angaje kòm konsiltan atistik fini pa filme dènye tyè pwodiksyon an gratis. Enplikasyon l vreman monte nivo travay la.
Mwen dwe salye tou Pwofesè Patrick Bellegarde Smith ki te gide m sou liv mwen dwe li ak moun pou mwen bay entèvyou. Kèk nan entèvyou sa yo pote anpil limyè nan fim lan.
Yon lòt fwa ankò, koze lokipasyon an ap debat nan mitan sosyete Ayiti a. Kijan fim ou an kontribye nan konvèsasyon sila a ?
Se vreman yon kestyon enteresan. Lanne anvan lokipasyon an, Ayiti, jan anpil moun te ka wè sa, te nan yon eta deplorab, menm jan ak jodi a. Nan yon entèvyou istoryen Roger Gaillard te bay Jean Dominique nan lanne 1960, li dekri eta mantal mosad jenès Ayisyen an. Yo te fatige ak kondisyon sosyo politik peyi yo a ki te libere depi yon syèk men ki pa t gen anyen pou montre. 3 lanne anvan lokipasyon Ameriken an, Ayiti te pase 7 prezidan. Kidonk yo akeyi lokipasyon Ameriken an tankou sèl pòt soti. Onètman, nou ka padone yo pou sa. Nou dwe sonje sete moman anpi Ameriken an t ap monte. Imigran t ap ale la pa milyon. Istwa moun pòv ki vin rich nan yon bat je te anpil.
Epi sete kòmansman 20èm syèk la ki t ap inonde mond lan ak nouvo teknoloji. Radyo. Telefòn. Fim. Avyon. Machin oto ak Etazini te nan an avans sou tout sa. Kidonk, jèn Ayisyen te panse ak lokipasyon Ameriken an kòm pòt pou rantre nan mond modèn 20èm syèk la. Byen si yo te nan erè. E se menm bagay la jodi a, Ayiti nan yon eta tèlman deplorab, anpil moun ap mande ouvètman yon entèvansyon Ameriken. Men yo gen egzanp, ansyen entèvansyon ann Ayiti yo, entèvansyon Irak la. Okipasyon Afganistan an te pandan 2 dizèn lanne, yon lanne an plis de okipasyon nou an. Eske Afganistan pi byen kounye a? Pòtoriko se yon teritwa Etazini. Eske yo miyò? Kidonk fim nou an kontribye nan konvèsasyon an nan pale de pase nou yo bliye. Li raple nou istwa nan li menm pa yon pwosesis lineyè men pito yon pwosesis siklik. Anpil bagay rive. Epi yo rive ankò san kanpe ak nouvo nouvo aktè.
Kisa ou swete fim sa a ap pote pou nouvo jenerasyon Ayisyen ann Ayiti ak an deyò peyi a?
Se vreman yon kestyon difisil pou reponn. Mwen pa konn si mwen awogan ase pou m asime fim nou an ap ofri kèlkeswa sa l ye a pou pèsòn. Men mwen swete fim lan an li menm bese amnezi istorik la, leve konsyans nou sou lide n ap sove sèlman si yon fòs byenveyan etranje fè sa olye se nou menm. Mwen swete tou fim lan ap elaji pèsepsyon sou imigrasyon Ayisyen an e rezon ki fè sa rive konsa yo p ap viktim istwa enkonplè sou jan Ayiti rive la kote l ye a jounen jodi a.
Kisa ou gen nan djakout ou ak ekip ou pou apre?
Mwen konnen Hans ki se pwodiktè a, ap chache lajan pou fim li an ki rele NWA e mwen eksite pa rapò a sa. Mwen te gen yon ti kout kreyon nan direksyon istwa a.
James avè m ap travay sou yon fim, yon antoloji sou Queens ki fini a 25%. Se yon omaj à Queens ak kominote imigran yo. Queens se kote ki pi divèsifye nan mond lan. Gen plis lang lang ki pale nan Queens konpare a rès mond lan. Mwen grandi Queens, ni James tou , kidonk nou tou de te panse se yon pwojè enteresan pou n te fè.
Imaj: The Forgotten Occupation
Dec 7, 2022
by
CONTACT
CONTACT
CONTACT