Chèche

Li ann Anglè

Anglè

Menu

Anglè

Menu

Politik imigrasyon Etazini fè moun tounen zonbi

Manifestasyon pou TPS devan Lakou Siprèm Etazini Avril 2026
Christian Hayden

Politik imigrasyon Etazini fè moun tounen zonbi

Manifestasyon pou TPS devan Lakou Siprèm Etazini Avril 2026
Christian Hayden

Politik imigrasyon Etazini fè moun tounen zonbi

Manifestasyon pou TPS devan Lakou Siprèm Etazini Avril 2026
Christian Hayden

Pandan kominote dyaspora ayisyen an ap selebre patisipasyon Ayiti nan Koup di Mond, anpil fanatik Ayisyen pa t ka vwayaje paske yo swa pa t gen visa oubyen yo pa t gen lajan pou vwayaj la. Selebrasyon sa yo ap fèt pandan yon tan ki make ak laperèz pou imigran Ayisyen: anpil nan moun ki ap flote drapo Ayiti nan match yo se menm moun ki ap batay pou yo ka rete nan peyi Etazini.

" An Ayiti, yo pa pè zonbi, yo plis pè tounen zonbi"


Migran Ayisyen pran nan pyèj. Ranfòsman dappiyanp neyokolonyal Etazini an, ni Ayiti ni sou fwontyè li yo, anpeche migran Ayisyen deplase epi egziste libe libè . Angrenaj ki gen nan politik imigrasyon ki toujou ap chanje yo demounize migran Ayisyen yo, sa ki pwodui "diskou sou kriz migratwa a" ki  fòmate pèsepsyon piblik la jounen jodi a. Mechanste ak ensètitid ki gen nan politik migratwa sila yo ki lakòz yon dividal moun nan yon espas tranzisyon twoub, sanble a yon fòm zonbifikasyon. Sa ki fè,  Ayisyen ap viv ant apatenans ak mete deyò, san yo pa ka ni vanse ni fè bak.

Nzambi (nanm), ki se yon fenomèn ki sòti nan peyi Kongo, Afrik de Lwès, pou tonbe nan plantasyon Sen Domeng yo, vin tounen zonbi nan lang Kreyòl la. Li pran nesans nan fòlklò Ayisyen an ak nan vodou anvan medya loksidan detounen sans li. Vodou Ayisyen an kwè lanmò se yon tranzisyon nan yon lòt mond, se pa yon fen final. Ayisyen yo te mete nan esklavaj yo ki t ap sibi vyolans anba kolon franse yo, te swete lanmò. Sa te vle di, nanm yo ta pral transande pou ale nan Ginen ( Gine, oswa Afrik) pou libète etènèl.

Nan ka pa Zonbi an, li enprizonnen nan mitan. Nan vodou, nanm lan separe an de pati: ti bon zanj ak gwo bon zanj. Premye a se nanm ki bay kò a volonte, memwa ak konsyans poutan, dezyèm lan kontwole fonksyònman mouvman ak lespri kò a. Moun ki mande zonbifye moun lan, ba l yon pwazon epi vòlè  bon ti zanj li epi kondane zonbi a pou li tounen yon esklav nan lavi apre lanmò a olye libète li te swete a - pandje nan mitan de mond, ni mò ni lib.

Espas tranzisyon sa dire sou plizye syek. Ayisyen ap kouri, pa pil ak pa pakèt , pou chape anba malè enperyalis la ak move lavi, yo pran lanmè pou y al chache lavi miyò ak yon libète etènèl. Ameriken te sèvi ak Ayisyen kòm kobay pou entèvansyon ak mezi sekiritè maritim ki te lage koukouwouj dèyè migran yo. Sa ki demontre a klè istwa kolonyal ak neyokolonyal anpi sila  ki detwi dlo pou fè yo tounen fwontyè likid. Dlo se tankou yon espas trazisyon ki mennen Ayisyen nan pa pòt egzistans li, ant konsyans ak enkonsyans. Vyolans ak mechanste ki ap fèt sou fwontyè yo fè lanmè yo tounen yon chan batay sou kò Ayisyen yo, selon tradisyon vyolans kolonyal sou lanmè Atlantik la. Dlo lanmè yo kenbe souvni yo. Mond espirityèl ki anba vag lanmè yo, anba pwoteksyon Ginen yo, zonbi yo viv ansanm nan espas tranzisyon, nan zak rezistans jis tan yo jwenn ak ti bon zanj yo.

Stati Pwoteksyon Tanporè (yo rele TPS la) pèmèt moun  ki soti nan sèten peyi ki ap fè fas ak katastwòf natirèl, lagè oswa danje ak tout lot sitiyasyon vyolans pou yo viv ak travay legalman Etazini pandan 18 mwa renouvlab si peyi sa yo toujou nan menm sitiyasyon danje yo. Prezidan Trump ak administrasyon li an vin mete sou pye yon apwoch agresif pou retire pwoteksyon pou Ayisyen lè li vin kanpe pwosesis  revizyon pou demand rezidans, natiralizasyon ak azil. Si Ayisyen te gen yon ti souf apre jij Washington lan te deside vote pou yo pa kanpe TPS la jou ki te  2 fevriye 2026 la , administrasyon Trump lan deside pou li kontinye fè fas kare a  desizyon jij la sou pretèks li ap pwoteje enterè nasyonal Etazini; nan mwa avril la, li mennen  dosye a devan kou siprèm. Ensètitid ki gen sou avni stati TPS Ayiti a, lakòz Ayisyen paka pran risk pou yo kontinye rete aktif nan kominote yo. Pou anpil ak yon pakèt moun ki ap viv nan ensètitid sa, politik sa gen kontwòl sou pi fò desizyon y ap pran nan lavi yo.

 Evelyne *(yon fo non) se yon fanm Ayisyen 33 lane ki ap viv nan vil Nouyòk. Evelyne ap travay nan sante piblik e li fè pati  350 000 Ayisyen nan tout peyi a  ki nan yon sitiyasyon konplèks kote li gen stati legal ak illegal akòz misyon administrasyon an genyen pou li kwape TPS la. Evelyne deklare “Mwen santi mwen bloke nan tout sans. Ou pa janm santi ou gen yon kay paske a nenpòt ki moman yo ka boulvèse lavi w paske stati w pa stab.”

Demounize migran Ayisyen yo se baz plizyè pratik Etazini genyen pou kontwole fwontyè yo. Prèske 50 lane deja, “Pwogram Ayiti a” sou administrasyon Carter a te fè yo voye Ayisyen ale byen rapid san ba yo okenn garanti y ap jwenn yon tretman ekitab nan sistèm jidisyè a ni si y ap jwenn tradiktè adekwa. Touswit apre vin gen politik depòtasyon Reagan yo ki te vle kanpe migran Ayisyen ki ap vini pa bato yo anvan yo rive sou kot Etazini yo ak detansyon kriminèl nan Guantanamo Bay administrasyon George H.W. Bush ak Clinton yo kont Ayisyen ki  te gen oswa pa t gen sida  ki t ap mande azil.

An 2021, tout medya t ap pale de sèn trajik anba pon Texas la kote te gen milye migran Ayisyen te al refijye yo. Pa gen manje, pa gen dlo ak swen Lasante se vyolasyon ki te pi kouran nan kan rapyese Del Rio, Texas yo,  kote yo te pran foto trajik Mirard Joseph, ki t ap eseye sove anba men yon patwouy sou fwontyè a ki te sou cheval la. Depi lè sa, imaj sa vin tounen yon senbòl  kondisyon antiayisyanis nan peyi Etazini. Lè prezidan Trump kalifye Ayiti de “peyi kaka” oswa li chofe dife anba pawòl ki di migran Ayisyen yo ap “ manje chat ak chyen”, diskou li yo patisipe nan stigmatizasyon nan nivo sante piblik, ki la depi lontan sou kò Ayisyen yo pa sipòte pou jistifye siveyans, kontwòl ak ekspilsyon.

Lokipasyon militè, ki toujou ap kontinye a, apre koudeta 2004 kont prezidan Jean-Bertrand Aristide deklannche pwosesis “zonbifikasyon” n ap viv jounen jodi a e pou pwofesè Jemima Pierre se “eksperyans neyokolonyal ki pi long nan mond lan”. Enjerans Etazini nan eleksyon Michel Martelly , nan mizanplas yon gouvènman ak yon kabinè ofisyèl san eleksyon apre asasina Jovenel Moïse an 2021, vin rann enstabilite zile a pi grav epi  mete an kesyon endepandans pèp Ayisyen an ak volonte pou li dirije tèt li. Katastwòf natirèl ak pwogram èd Etazini yo fè Ayiti tounen yon “peyi èd”, mete sou sa kolera sòlda Nasyonzini yo mete nan peyi a febli enfrastrikti yo pi plis toujou. Vyolans seksyèl ak vyolans gang yo ki ap renye an mèt e senyè san kanpe, ak ensekirite ekonomik ak alimantè a, fè popilasyon Ayisyen an depase limit pou li siviv, sa ki pouse l kouri pou kondisyon gouvènman an ak kògwoup la kreye epi ap soutni.

Nan dat 29 avril ki sot pase a, lakou siprèm te tande plizyè pledwaye sou avni TPS pou Ayiti a. Te gen yon foul moun pasyone deyò a ki te gen ladann òganizasyon, aktivis ak manm kominote a, ki te rasanble ap chante, flote drapo pou defann sekirite ak dwa pou yo rete nan peyi a. Pami yo, te gen Marie ki se reprezantan asosyasyon “Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen”. Marie se yon militan feminis nan òganizasyon KOFAVIV an Ayiti depi plizyè lane, li te oblije kouri kite peyi a pou li te ka sove lavi l e depi lè sa li ap viv Etazini sou TPS. “TPS la se bra dwat nou… TPS la se bra dwat nou” li t ap plede di. “Se sa ki pèmèt nou lite, travay, ak pran swen fanmi nou”. Marie ki te kanpe devan mach kou siprèm lan ak polisye te estasyone dèyè sèn lan pou entèvni a nenpòt ki moman, li pran chante yon mizik Nago, yon fanmi lwa lagè ak dife, pou mande fòs pou batay ki ap tann nou an. “Chante m chante a, s on chante revolisyon paske zansèt nou yo te goumen ak lwa Nago yo. Papa Desalin an pèsòn, anperè a, te batay ak rit vodou”

Marie, yon manm Fanm Ayisyen pou Refije Ayisyen
Christian Hayden
Marie, yon manm Fanm Ayisyen pou Refije Ayisyen
Christian Hayden
Marie, yon manm Fanm Ayisyen pou Refije Ayisyen
Christian Hayden

Evelyne ap reflechi a sa li vle nan lavi l pi devan: “Mwen vle gen timoun, men mwen pa kounye a ak stati mwen gen la. E si yo arete m oswa depòte m? Mwen pèdi opòtinite nan travay mwen paske si gen yon konferans aletranje mwen pa ka pran risk pa ka tounen nan peyi a. Menm pou m vanse nan karyè m, li pi pridan pou m rete nan yon sèl travay. Eseye jwenn yon travay kote m dwe esplike patwon yo otorizasyon travay mwen an, mande anpil. Ou gen lenpresyon ou dwe rete yon sèl kote pou w pa gen pou w pale de sa toutan.”

Retounen Ayiti pandan li sou lis peyi ki gen entèdiksyon vwayaj poutèt vyolans gang, kidnapin ak latwoublay, se yon gwo risk pou anpil Ayisyen. Kanpe TPS la ak tout pwogram regwoupman familyal ak CHNV, lage migran Ayisyen yo nan yon bwouya.

Kounye a, Etazini fin anpwazonnen teritwa Ayiti a apre plizyè lane enjerans politik, pwazon an vini ak migran ki ale Etazini yo.  Lè migran yo rive, yo oblije aksepte travay ki pa byen peye, travay difisil, ki p ap menm ba yo aksè a natiralizasyon. Sa ki anplifye pwosesis “zonbifikasyon” an. Kòmansman jiyè, kou siprèm pral bay vèdik li. Annatandan, gen yon dividal moun ki ap tann … lavi ak avni yo nan men jij ki la pou egzekite pwojè administrasyon an plas la.

Ak tout fristrasyon l, Evelyne kontinye pou li di: “mwen paka tounen Ayiti, kote m fèt la, mwen pa konn okenn moun e mwen pa t ap menm konn kote pou m al viv. Mwen paka rete isit la paske peyi sa ap bloke mezi se wout ki pou bay kèlkeswa tip rezidans lan, e mwen paka ale nan okenn lòt peyi pandan y ap kanpe TPS la paske mwen p ap ka montre okenn papye legal. Sa vreman fatigan, dekourajan… se tankou yo prèske pa vle w egziste”.

Zonbi goute sèl li pa mande rete– Pwovèb Ayisyen

Dapre kwayans Ayisyen an, “lè yon zonbi goute sèl , li pran konsyans kondisyon li ap viv yo e li revòlte. Sèl la se konsyans lan…”. Plantasyon sik Sen Domeng yo te  mete Ayisyen nan de kondisyon ki te retire tout mounite yo pandan plizyè syèk  ap eksplwate yo. Kidonk, remèd la dwe soti nan yon bagay ki opoze a sik la: sèl. Ki gou sèl la te dwe genyen pou retire reziyans ak obeyisans esklav la pou mèt li, epi chavire zonbifikasyon an epi bay ti bon zanj li tout mounite l? detèminasyon pèsonèl pèp Ayisyen an ak yon Ayiti souvren ki mèt tèt li dwe koupe fache ak chenn yo pou nou pa tonbe nan zonbifikasyon an ankò.

Naomi Legros (she/her) is a dyaspora Haitian born and raised in NYC. She holds a Masters in Public Health and her mission centers around addressing and finding solutions to health inequities that create barriers to achieving optimal health care at the intersections of reproductive justice and mental health (with emphasis on Black and immigrant communities.) She is passionate about dissecting representation and performance of Blackness/Haitian identity in art (film/tv/literature) and the sociocultural landscape as a whole.